BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w24 septanm p. 32
  • Lè w ap etidye, ou bezwen dispoze aprann

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè w ap etidye, ou bezwen dispoze aprann
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Sou menm sijè a
  • Jewova pran swen pèp li a
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
  • W ap jwenn byenfè lè w etidye
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Amelyore fason w etidye!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Ki sa m dwe fè apre batèm? — 1ye pati: Kenbe bon abitid ou genyen yo
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
w24 septanm p. 32

SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE

Lè w ap etidye, ou bezwen dispoze aprann

Pandan n ap prepare n pou n etidye, nou ka mande tèt nou: ‘Ki sa m ta renmen aprann?’ Sepandan, nou bezwen sonje, menm lè nou vle aprann yon seri bagay, sa pa vle di pa gen lòt bagay ankò Jewova ta renmen n aprann. Ki jan n ka dispoze aprann lè n ap etidye?

Priye Jewova pou l ba w sajès. Mande Jewova ede w wè ki sa l ta renmen w aprann kounye a (Jak 1:5). Pa jis kontante w ak sa w te deja konnen. — Pwo. 3:​5, 6.

Kite pouvwa Pawòl Bondye a genyen aji nan lavi w. “Pawòl Bondye a vivan.” (Ebre 4:12). Chak fwa nou li Labib, nou kapab aprann yon bagay e li ka ede n divès fason nan lavi nou. Men, sa ap rive fèt si nou rekonèt nou bezwen aprann sa Bondye ap anseye nou.

Montre w gen rekonesans pou tout sa Jewova ban nou pou anseye nou. Sa Jewova ban nou pou anseye nou yo tankou “yon resepsyon ki gen bon manje”. (Eza. 25:6.) Fè efò pou w li menm sijè w panse ki pap enterese w. Konsa, w ap kite Bondye ede w vin yon pi bon moun, epitou, w ap vrèman pran plezi etidye!

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje