Èske w te konnen?
Ki enpòtans mizik te genyen nan lavi Izrayelit tan lontan yo?
MIZIK te vrèman enpòtan nan kilti Izrayelit tan lontan yo. Souvan, Bib la pale konsènan moun ki te konn jwe enstriman mizik ak moun ki te konn chante. Anfèt, anviwon dis pousan Ekriti yo se chante yo ye. Pa egzanp, liv Sòm nan, Chante Salomon an ak liv Lamantasyon an se chante yo ye. Gen yon liv ki pale sou lavi moun nan epòk yo t ap ekri Bib la ki fè konnen Bib la montre aklè Izrayelit yo te konn itilize mizik nan anpil aktivite nan lavi yo.
Izrayelit yo te renmen mizik. Izrayelit yo te konn jwe enstriman mizik e yo te konn chante pou yo te montre jan yo santi yo (Eza. 30:29). Medam yo te konn bat tanbouren, yo te konn chante ak kè kontan e yo te konn danse pandan yo t ap selebre kèk evènman tankou lè te vin gen yon nouvo wa, lè yo t ap fè fèt nan adorasyon yo t ap bay Jewova ak lè sòlda yo te pot laviktwa nan lagè (Jij 11:34; 1 Sam. 18:6, 7; 1 Wa 1:39, 40). Izrayelit yo te chante chante ki montre yo tris tou lè yo te gen moun ki mouri (2 Kwo. 35:25). Li klè, Izrayelit yo te renmen mizik anpil.
Wa Izrayèl yo te renmen mizik. Wa Izrayèl yo te renmen koute mizik. Wa Sayil te fè David vin nan palè l la pou l jwe hap pou li (1 Sam. 16:18, 23). Lè David te vin wa, li te envante plizyè enstriman mizik, li te ekri bèl chante e l te òganize òkès ki te konn jwe nan tanp Jewova a annapre (2 Kwo. 7:6; Amòs 6:5). Wa Salomon te gen gason ak fi ki t ap chante nan palè l la. — Ekl. 2:8.
Izrayelit yo te sèvi ak mizik nan adorasyon yo t ap bay Jewova a. Sa k te pi enpòtan an, Izrayelit yo te sèvi ak mizik nan adorasyon yo t ap bay Jewova a. Anfèt, te gen 4000 mizisyen ki t ap jwe enstriman mizik nan tanp lan, nan Jerizalèm (1 Kwo. 23:5). Yo te jwe senbal, yo te jwe enstriman akòd, hap ak twonpèt (2 Kwo. 5:12). Men, se pa sèlman mizisyen sa yo ki te fò ki te sèvi ak mizik pou yo adore Jewova. Anpil Izrayelit te konn chante pandan yo te sou wout pou y al Jerizalèm pou y al selebre fèt yo. Yo te rele chante sa yo Chante pou moun k ap monte yo (Sòm 120–134). E selon kèk dokiman Juif yo te ekri, Izrayelit yo te konn chante Sòm Alèl yoa pandan yo t ap manje manje Pak la.
Jodi a, mizik toujou gen anpil enpòtans pou pèp Bondye a (Jak 5:13). Nou chante pou n fè louwanj pou Jewova (Efe. 5:19). Nou santi n pwòch frè n ak sè n yo lè n ap chante ansanm pou Jewova (Kol. 3:16). Lè nou chante, nou jwe mizik oswa nou koute mizik ki pale sou Jewova, sa ankouraje n e sa fè l pi fasil pou n andire pwoblèm nou yo (Tra. 16:25). Se yon bèl fason pou n montre nou gen lafwa nan Jewova e n renmen l.
a Izrayelit yo te konn chante Sòm 113 rive nan 118, yo rele Sòm Alèl yo, pou yo fè louwanj pou Jewova.