Fason lagè ak vyolans afekte nou tout
“Depi apre Dezyèm Gè mondyal la, se premye fwa gen tout konfli vyolan sa yo. Gen anviwon 2 milya moun, sa vle di sou chak kat moun gen youn k ap viv nan zòn kote ki gen konfli vyolan sa yo.”
Sekretè jeneral Nasyonzini, Amina J. Mohammed, 26 janvye, 2023.
Lagè ak konfli ki vyolan kapab eklate sanzatann kote ki gen lapè kounye a. Menm moun ki pap viv nan zòn ki gen lagè a kapab afekte tou. Menm lè gè a fini, dega li fè yo ka dire anpil tan. Men kèk egzanp:
Rate manje. Selon Pwogram alimantè mondyal, “lagè lakòz gen plis grangou sou tè a, paske 70 pousan moun nan monn nan ki pa gen ase manje pou yo manje ap viv nan zòn ki gen lagè ak vyolans.”
Pwoblèm fizik ak pwoblèm mantal. Menas lagè ak santiman ensekirite sa pote ka lakòz strès ak tètchaje. Nonsèlman moun k ap viv nan zòn ki gen lagè yo gen plis risk pou yo soufri fizikman, men tou yo kapab vin gen pwoblèm mantal. Malerezman, yo konn pa ka jwenn doktè pou ede yo lè y ap soufri.
Moun oblije kite kay yo. Selon Wo Komisarya Nasyonzini pou refijye yo, rive nan mwa septanm 2023, plis pase 114 milyon moun toupatou sou tè a te oblije kouri kite kay yo. Youn nan pi gwo rezon ki lakòz kriz sa a se lagè ak konfli ki vyolan.
Pwoblèm ekonomik. Byen souvan, akoz lagè, moun yo konn vin gen pwoblèm ekonomik. Pa egzanp, tout bagay konn vin pi chè. Moun konn soufri paske gouvènman yo depanse yon pakèt lajan nan lagè olye yo envesti lajan sa a nan swen sante ak edikasyon. Epitou, sa koute anpil lajan pou yo repare dega lagè lakòz.
Pwoblèm anviwònman. Moun yo soufri anpil lè yo detwi zòn kote y ap viv la. Kontaminasyon ki vin gen nan dlo, nan lè a ak nan tè a, konn fè moun gen pwoblèm sante ki ka dire lontan, e toujou gen danje akoz bonm ki ka eksploze anba tè a menm yon bon ti tan apre gè a.
Pa gen okenn dout, lagè lakòz anpil destriksyon e li koute chè