Èske w konn mande tèt ou?
Poukisa gen tout gè sa yo si tout moun vle gen lapè?
Èske l posib pou gen vrè lapè a nan monn sa a ki chaje ak vyolans?
Èske gen yon lè k ap rive kote pap gen lagè ankò?
Repons Bib la bay pou kesyon sa yo ka fè w sezi e sandout, y ap rekonfòte w.
Sa w panse si w pran yon ti tan pou w egzamine sa Bib la di sou sijè enpòtan sa a? W ap aprann plis sou sijè sa a nan nimewo Toudegad sa a.