ATIK ETID 19
KANTIK 6 Syèl la ap pwoklame glwa Bondye
Suiv egzanp zanj ki fidèl yo
“Louwe Jewova, nou menm zanj li yo.” — SÒM 103:20.
PWEN KLE
Leson nou ka aprann nan egzanp zanj ki fidèl yo.
1-2. a) Ki diferans ki genyen ant nou menm ak zanj yo? b) Nan ki sans nou menm jan ak zanj yo?
LÈ JEWOVA te rale w vin nan laverite, li te envite w vin nan yon fanmi ki gen tout kalite moun k ap adore l e ki gen lanmou. Gen plizyè milyon zanj fidèl ki fè pati fanmi sa a tou (Dàn. 7:9, 10). Lè n ap panse ak zanj yo, nou ka reflechi sou diferans ki genyen ant yo menm avè n. Pa egzanp, zanj yo la pi lontan pase n (Jòb 38:4, 7). Yo gen plis pisans pase n. Epitou, yo sen e yo jis nan yon nivo nou pa ka rive antanke moun ki enpafè. — Lik 9:26.
2 Sepandan, malgre diferans sa yo, nou menm jan ak zanj yo nan anpil domèn. Pa egzanp, menm jan ak zanj yo, nou kapab imite bèl kalite Jewova genyen yo. E menm jan ak yo, nou gen libète pou n deside, nou gen non pa nou, pèsonalite pa nou ak divès responsablite nan sèvis Jewova a. Epitou, nou santi nou bezwen adore Kreyatè nou an menm jan ak yo. — 1 Pyè 1:12.
3. Ki sa nou ka aprann nan egzanp zanj ki fidèl yo?
3 Piske nou menm jan ak zanj yo nan anpil domèn, bon egzanp yo bay kapab ankouraje nou. Anfèt, nou ka aprann anpil bèl leson nan egzanp yo. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan nou ka suiv egzanp zanj fidèl yo ki gen imilite, ki renmen moun, ki gen andirans, e ki fè efò pou kenbe kongregasyon an pwòp.
ZANJ YO GEN IMILITE
4. a) Ki jan zanj yo montre yo gen imilite? b) Sa k fè zanj yo gen imilite? (Sòm 89:7).
4 Zanj fidèl yo gen imilite. Aktout yo gen anpil eksperyans, yo gen pisans e yo gen sajès, yo obeyi enstriksyon Jewova bay (Sòm 103:20). Lè y ap fè travay Jewova ba yo fè, yo pa janm vante tèt yo pou sa yo reyalize oswa yo pa janm sèvi ak pisans yo genyen pou yo atire atansyon sou tèt yo. Yo kontan fè volonte Bondye menm lè moun pa konn non yoa (Jen. 32:24, 29; 2 Wa 19:35). Yo pa vle aksepte glwa ki pou Jewova a. Sa k fè zanj yo gen imilite konsa? Se paske yo renmen Jewova e yo gen gwo respè pou li. — Li Sòm 89:7.
5. Ki jan yon zanj te montre li gen imilite lè l t ap fè apot Jan konnen li pa t byen aji? (Gade foto a tou.)
5 Ann wè yon bagay ki te rive ki montre zanj yo gen imilite. Ozanviwon ane 96 epòk nou an, gen yon zanj, Bib la pa bay non l, ki te montre apot Jan yon seri bagay estrawòdinè nan yon vizyon (Rev. 1:1). Ki sa Jan te fè lè l te wè bagay estrawòdinè sa yo? Li te bese pou l adore zanj lan. Sepandan, zanj fidèl sa a te kouri anpeche l fè sa. Men sa l te di: “Non! Pa fè sa! Mwen se yon senp esklav menm jan avè w, e menm jan ak frè w yo [...]. Se Bondye pou w adore.” (Rev. 19:10). Fason zanj lan te reyaji a te vrèman montre li gen imilite! Zanj lan pa t vle aksepte glwa oswa louwanj. Menm kote a, li te di Jan se Jewova Dye pou l adore. Epitou, zanj lan pa t rabese Jan. Byenke li te gen plis tan lontan pase Jan depi l ap sèvi Jewova e l te gen plis fòs pase l lontan, avèk imilite, li te di apot la li se yon esklav menm jan avè l. E menm lè zanj lan te oblije korije Jan, yon apot ki te granmoun, li pa t pale di avè l. Okontrè, li te fè sa avèk jantiyès. Petèt li te konprann se paske Jan te pè ki fè l te met ajenou devan l.
Zanj lan te aji avèk imilite lè l t ap di Jan sa l t ap fè a pa bon. (Gade paragraf 5.)
6. Ki jan nou ka suiv egzanp zanj yo ki gen imilite?
6 Ki jan n ka suiv egzanp zanj yo ki gen imilite? Nou menm tou, nou kapab fè travay yo ban nou fè san nou pa vante tèt nou oswa san n pa chèche fè konprann se paske n entèlijan ki fè n rive fè yo (1 Kor. 4:7). Epitou, nou pa dwe panse nou pi enpòtan pase lòt moun si n gen plis tan pase yo depi n ap sèvi Jewova oswa si n gen yon seri privilèj. Anfèt, plis nou gen responsablite, se plis nou ta dwe wè tèt nou kòm moun ki gen mwens enpòtans (Lik 9:48). Menm jan ak zanj yo, nou vle sèvi lòt moun. Nou pa vle chèche montre nou pi enpòtan pase yo.
7. Ki jan n ka montre n gen imilite lè n ap korije yon moun oswa lè n ap ba l konsèy?
7 N ap montre n gen imilite tou si nou gen pou n korije yon moun oswa pou nou ba l konsèy, pa egzanp yon kwayan parèy nou oswa pitit nou. Lè n ap bay konsèy, nou ka bezwen montre nou fèm. Men, menm jan ak zanj lan ki te korije Jan avèk jantiyès, nou kapab montre nou fèm san n pa fè moun n ap bay konsèy la santi l dekouraje. Si nou pa panse nou siperyè lòt moun, n ap bay konsèy ki baze sou Bib la avèk respè ak konpasyon. — Kol. 4:6.
ZANJ YO RENMEN MOUN
8. a) Selon Lik 15:10, ki jan zanj yo montre yo renmen moun? b) Ki wòl zanj yo jwe nan travay predikasyon an? (Gade foto a tou.)
8 Zanj yo pa pran distans yo ak lèzòm oswa yo pa panse nou pa gen enpòtans. Okontrè, yo renmen moun. Yo kontan lè yon moun ki te peche repanti, sa vle di lè yon mouton ki te pèdi retounen vin jwenn Jewova oswa lè yon moun chanje fason li te konn aji pou l vin sèvi Jewova. (Li Lik 15:10.) Epitou, zanj yo ap ede n nan travay predikasyon Wayòm nan (Rev. 14:6). Menm lè yo pa preche moun dirèkteman, yo ka gide yon pwoklamatè pou l al kot yon moun ki vle aprann konnen Jewova. Nòmalman, nou pa ka di avèk asirans se zanj yo ki te pouse n al pale ak yon moun. Dayè, Jewova ka itilize lòt mwayen, pa egzanp lespri sen, pou l ede moun oswa pou l gide sèvitè l yo (Tra. 16:6, 7). Yon bagay ki sèten, li itilize zanj yo anpil. Donk, lè n ap preche bon nouvèl la, nou kapab gen konfyans zanj yo ap ede nou. — Gade kare ki gen tit “Priyè yo te fè yo te jwenn repons”.b
Yon mari ak madanm ki fèk fin patisipe nan temwayaj an piblik. Pandan yo sou wout pou y al lakay yo, sè a wè yon dam ki sanble dekouraje. Sè a rann li kont zanj yo kapab fè n jwenn moun ki ka ap chèche Bondye. Li anvi al pale ak dam nan pou konsole l. (Gade paragraf 8.)
9. Ki jan n ka suiv egzanp zanj yo ki renmen moun?
9 Ki jan nou ka suiv egzanp zanj yo ki renmen moun? Lè n tande yon anons ki fè konnen yon moun reyentegre, nou kapab kontan menm jan ak zanj yo. Nou kapab fè frè nou an oswa sè nou an konnen nou renmen l e nou kontan dèske l retounen vin jwenn Jewova (Lik 15:4-7; 2 Kor. 2:6-8). Nou kapab suiv egzanp zanj yo tou lè n fè tout sa n kapab nan travay predikasyon an (Ekl. 11:6). Menm jan zanj yo ede nou lè n ap preche bon nouvèl la, nou kapab chèche fason pou n ede frè n ak sè n yo lè y ap patisipe nan travay fè disip la. Pa egzanp, èske n ta ka planifye pou n preche ak yon pwoklamatè ki gen mwens eksperyans? Èske n ta ka ede frè n ak sè n ki granmoun oswa ki enfim yo pou yo patisipe nan travay fè disip la?
10. Ki sa n ka aprann nan eksperyans Sara te fè a?
10 Ki sa n ka fè si sitiyasyon n pa pèmèt nou fè tout sa n ta renmen fè? Nou ka toujou chèche mwayen pou n kolabore ak zanj yo nan travay predikasyon an. Ann pran egzanp Sarac, yon sè nan peyi End. Lè Sara te gen anviwon 20 an depi l pyonye, li te vin malad e li te oblije pran kabann nèt. Sa te fè l dekouraje anpil. Men, grasa bonjan èd frè ak sè yo ki renmen l te ba li ansanm ak lekti li te konn fè regilyèman nan Bib la, tikras pa tikras li te vin wè bagay yo yon lòt jan. Nòmalman, li te oblije chèche lòt mwayen pou l preche. Piske li pa t ka menm chita pou l ekri lèt, li te oblije preche nan telefòn sèlman. Donk, li te konn rele moun li te gen vizit avèk yo nan telefòn, e moun sa yo te konn fè l jwenn lòt moun ki te vle fè etid. Ki rezilta sa te bay? Nan kèk mwa sèlman, Sara te vin gen 70 etid. Li pa t ka etidye ak tout moun sa yo poukont li. Donk, li te bay lòt frè ak sè kèk nan etid yo. Anpil nan etidyan sa yo ap asiste reyinyon kounye a. Se pa ti kontan zanj yo dwe kontan travay ansanm ak frè ak sè k ap fè tout sa yo kapab nan travay predikasyon an menm jan ak Sara!
ZANJ YO MONTRE YO GEN ANDIRANS
11. Ki jan zanj fidèl yo montre yo gen anpil andirans?
11 Zanj fidèl yo bay bèl egzanp nan demontre andirans. Yo fè plizyè milye ane ap sibi enjistis ak mechanste. Yo te wè Satan ak anpil lòt zanj ki te konn sèvi Jewova ansanm ak yo fè rebèl ak Jewova (Jen. 3:1; 6:1, 2; Jid 6). Bib la fè konnen gen yon demon ki gen anpil fòs ki te lite ak youn nan zanj fidèl yo (Dàn. 10:13). Mete sou sa, pandan tout istwa lèzòm, zanj yo wè se sèlman yon ti gwoup moun ki chwazi adore Jewova. Malgre sa, zanj fidèl sa yo kontinye sèvi Jewova ak kè kontan e yo chofe nan sèvis li. Yo konnen Bondye pral retire tout enjistis nan lè li fikse a.
12. Ki sa k ka ede n andire?
12 Ki jan n ka suiv egzanp zanj yo ki gen andirans? Menm jan ak zanj yo, nou ka wè enjistis k ap fèt oswa nou ka jwenn opozisyon. E menm jan ak yo, nou gen konviksyon Bondye pral retire tout mechanste nan lè li fikse a. Donk, menm jan ak zanj fidèl yo, nou “pa sispann fè sa ki byen”. (Gal. 6:9.) Bondye pwomèt l ap ede nou pou n andire (1 Kor. 10:13). Nou ka priye Jewova pou l ban nou lespri sen k ap ede n gen pasyans ak lajwa (Gal. 5:22; Kol. 1:11). Ki sa w ka fè si w jwenn opozisyon? Fè Jewova konfyans ak tout kè w, e pinga w panike. Jewova ap toujou ede w e l ap toujou ba w fòs. — Ebre 13:6.
ZANJ YO EDE KONGREGASYON AN RETE PWÒP
13. Ki travay espesyal zanj yo ap fè pandan dènye jou yo? (Matye 13:47-49).
13 Pandan dènye jou yo, Jewova bay zanj yo yon travay espesyal pou yo fè. (Li Matye 13:47-49.) Plizyè milyon moun toupatou sou tè a enterese nan bon nouvèl la. Kèk nan moun sa yo fè efò pou yo vin bonjan kretyen, alòske gen lòt ki pa fè sa. Zanj yo gen responsablite pou yo “retire mechan yo nan mitan moun ki jis yo”. Sa vle di travay yo se ede kongregasyon an rete pwòp. Sa pa vle di yon moun ki kite kongregasyon an pou kèlkeswa rezon an pap janm ka retounen, e sa pa vle di tou pap janm gen pwoblèm nan kongregasyon an. Sepandan, nou kapab sèten zanj yo ap travay di pou ede kongregasyon yo rete pwòp.
14-15. Ki jan n ka suiv egzanp zanj yo k ap veye pou kongregasyon an rete pwòp? (Gade foto yo tou.)
14 Ki jan n ka suiv egzanp zanj yo k ap veye pou kongregasyon an rete pwòp? Se lè n fè efò pou n kenbe kongregasyon nou ladan l lan pwòp ni nan domèn moral ni nan domèn espirityèl. Pou n rive fè sa, nou fè efò pou n pwoteje kè nou lè n chwazi fè zanmi ak moun k ap gen bon enfliyans sou nou e lè n pa fè anyen ki ta ka fè n pèdi bon relasyon nou gen ak Jewova a (Sòm 101:3). Epitou, nou kapab ede kwayan parèy nou yo pou yo rete fidèl ak Jewova. Pa egzanp, ki sa n dwe fè si n aprann yon frè oswa yon sè fè yon peche grav? Piske nou renmen moun sa a, n ap ankouraje l al pale ak ansyen yo. Si l pa fè sa, nou bezwen fè ansyen yo konnen sa k pase a. Nou ta renmen pou nenpòt kwayan parèy nou relasyon l ak Jewova pa anfòm jwenn èd byen rapid! — Jak 5:14, 15.
15 Malerezman, gen moun ki fè peche grav yo oblije retire nan kongregasyon an. Lè sa rive, nou “sispann frekante” yod (1 Kor. 5:9-13). Dispozisyon sa a ede kongregasyon an rete pwòp. Mete sou sa, lè n chwazi pa frekante moun yo retire nan kongregasyon an, an reyalite, se yon bon fason n aji ak yo. Lefètke nou montre nou fèm, sa ka pouse yo retounen nan bonsans yo. Si yo fè sa, n ap rejwi ansanm ak Jewova ak zanj li yo. — Lik 15:7.
Ki sa n dwe fè si n aprann yon frè oswa yon sè fè yon peche grav? (Gade paragraf 14.)e
16. Ki sa w pral fè pou w suiv egzanp zanj yo?
16 Se yon gwo onè nou genyen dèske Jewova pèmèt nou aprann yon seri bagay sou zanj yo e dèske li pèmèt nou travay ansanm ak yo! Ann imite bèl kalite zanj yo genyen: imilite yo genyen, lanmou yo gen pou moun, andirans yo genyen e lefètke y ap veye pou kongregasyon an rete pwòp nan domèn moral ak nan domèn espirityèl. Si n suiv egzanp zanj fidèl yo, nou menm tou, n ap kapab fè pati fanmi Jewova a, ki gen ladan l moun k ap adore l yo, pou tout letènite.
KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye
a Pami plizyè santèn milyon zanj ki genyen, Bib la bay non de ladan yo sèlman: Mikayèl ak Gabriyèl. — Dàn. 12:1; Lik 1:19.
b Ou ka jwenn lòt eksperyans nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch anba tit “Zanj” ak anba soutit “Fason zanj yo ede lèzòm”.
c Yo chanje non moun nan.
d Selon esplikasyon nou jwenn nan Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #2 (2024), si yon moun yo retire nan kongregasyon an vin nan reyinyon, yon pwoklamatè ka deside selon konsyans li ki fòme grasa Labib si l ap annik salye moun nan pou l fè l konnen li kontan wè l.
e ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap ankouraje yon zanmi l ki te fè yon peche pou l al pale ak ansyen yo. Apre kèk jou, lè sè a wè zanmi l lan pa fè sa, l al fè ansyen yo konn sa.