BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 me p. 14-19
  • Ann kontinye tann vil k ap toujou la a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann kontinye tann vil k ap toujou la a
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • MET KONFYANS OU NAN SILA A KI PAP JANM ABANDONE W LA
  • OBEYI MOUN K AP DIRIJE NOU YO
  • MONTRE W RENMEN FRÈ W AK SÈ W YO E APRANN AKEYI MOUN
  • KI SA K GEN POU RIVE ALAVNI?
  • Yon lèt ki kapab ede n kontinye andire jiska lafen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Lè n chèche vin pwòch ak frè n ak sè n yo, sa bon pou nou!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 me p. 14-19

ATIK ETID 21

KANTIK 21 Kontinye chèche Wayòm nan an premye

Ann kontinye tann vil k ap toujou la a

“N ap tann vil ki gen pou vini an ak tout kè nou.” — EBRE 13:14.

PWEN KLE

Sa nou ka aprann nan Ebre chapit 13 k ap ede nou kounye a e alavni.

1. Ki sa Jezi te fè konnen ki t ap rive Jerizalèm nan premye syèk la?

KÈK jou anvan Jezi Kris te mouri, li te bay disip li yo yon pwofesi. Pwofesi sa a te reyalize lè Jerizalèm ak tanp lan te detwi. Jezi te fè konnen yon jou “lame yo [t ap] monte kan” toutotou vil Jerizalèm (Lik 21:20). Li te di disip li yo kou yo wè lame sa yo, anpalan de lame women yo, yo te dwe kite zòn nan tousuit. — Lik 21:​21, 22.

2. Ki kalite konsèy apot Pòl te bay kretyen ki t ap viv Jide ak Jerizalèm yo?

2 Kèk ane anvan lame women yo te ansèkle Jerizalèm, apot Pòl te ekri yon lèt ki gen yon mesaj enpòtan ladan l nou konnen kounye a sou non liv Ebre a. Nan lèt sa a, Pòl te bay kretyen ki t ap viv Jide ak Jerizalèm yo bonjan konsèy ki t ap ede yo prepare yo pou sa k t apral rive. Ki sa k t apral rive egzakteman? Jerizalèm t apral detwi. Si kretyen sa yo te vle sove lavi yo, yo t ap bezwen pare pou yo kite kay yo ak biznis yo. Men sa Pòl te ekri anrapò ak vil Jerizalèm: “Nou pa gen yon vil k ap dire isit la.” E men sa l te ajoute: “Men n ap tann vil ki gen pou vini an ak tout kè nou.” — Ebre 13:14.

3. Ki sa “vil ki gen vrè fondasyon an” ye, e poukisa n ap tann li?

3 Sanble moun te pase kretyen ki te deside kite Jerizalèm ak Jide yo nan rizib. Men, desizyon sa a te sove lavi yo. Jodi a, moun pase nou nan rizib paske nou pa met konfyans nou nan lèzòm oswa nou pa chèche jwenn sekirite epi mennen yon bèl vi nan monn nan. Poukisa se sa nou chwazi fè? Nou konnen sistèm sa a pa lwen detwi. N ap tann “vil ki gen vrè fondasyon an”, “vil ki gen pou vini an”, anpalan de Wayòm Bondye aa (Ebre 11:10; Mat. 6:33). Chak soutit nan atik sa a pral pale konsènan: 1) fason konsèy Bondye te pouse Pòl ekri yo te ede kretyen nan premye syèk la pou yo kontinye chèche “vil ki gen pou vini an”, 2) fason Pòl te prepare yo pou evènman ki t apral rive yo, e 3) fason konsèy li yo ede n jodi a.

MET KONFYANS OU NAN SILA A KI PAP JANM ABANDONE W LA

4. Poukisa Jerizalèm te enpòtan pou kretyen yo?

4 Vil Jerizalèm te enpòtan pou kretyen yo. Se nan vil sa a premye kongregasyon kretyen nan premye syèk la te tabli nan ane 33 epòk nou an, e se la kolèj santral la te ye. Epitou, anpil kretyen te gen kay e yo te vin gen anpil byen nan vil la. Sepandan, Jezi te avèti disip li yo yo t ap gen pou yo kite Jerizalèm, e menm Jide. — Mat. 24:16.

5. Ki jan Pòl te prepare kretyen yo pou sa k t apral rive?

5 Pou apot Pòl te prepare kretyen yo pou sa k t apral rive, li te ede yo reflechi sou fason Jewova te konsidere vil Jerizalèm. Pòl te fè yo sonje pou Jewova ni tanp lan, ni sèvis prèt yo t ap fè a, ni sakrifis yo t ap ofri nan Jerizalèm yo pa t gen valè ankò (Ebre 8:13). Epitou, pifò moun ki te abite nan vil la pa t aksepte Mesi a. Moun yo pa t bezwen vin Jerizalèm ankò pou yo adore Jewova. Dayè, Jerizalèm ak tanp lan t apral detwi. — Lik 13:​34, 35.

6. Poukisa rapèl Pòl te bay nou jwenn nan Ebre 13:​5, 6 lan te vini nan bon moman pou kretyen yo?

6 Lè Pòl te ekri kretyen ebre yo, te gen anpil moun ki t ap viv Jerizalèm e moun te renmen vizite vil la. Gen yon ekriven women nan epòk la ki te fè konnen Jerizalèm “se pi bèl vil nan zòn sa a”. Gen Juif ki te sot nan anpil peyi pou yo vin nan fèt ki te konn fèt nan Jerizalèm yo plizyè fwa chak ane, e sa te konn fè zòn nan fè anpil kòb. Petèt se pou rezon sa a Pòl te di yo: “Se pou fason n ap viv pa gen lanmou pou lajan ladan l. Kontante nou ak sa nou genyen.” Epi, li te site yon vèsè ki montre gwo asirans Jewova bay chak sèvitè l yo. Men sa l di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” (Li Ebre 13:​5, 6; Det. 31:6; Sòm 118:6.) Kretyen ki t ap viv Jerizalèm ak Jide yo te bezwen sonje pwomès sa a. Poukisa? Paske yon ti tan apre yo te fin resevwa lèt sa a, yo t apral oblije kite kay yo, biznis yo ak pifò bagay yo te genyen. Epitou, yo t apral viv yon lòt kote e sa pa t ap fasil pou yo.

7. Poukisa nou bezwen chèche vin gen plis konfyans nan Jewova depi kounye a?

7 Leson nou aprann: Ki sa k pral rive talè konsa? “Gwo tribilasyon” an pral kòmanse e sistèm sa a pral detwi (Mat. 24:21). Menm jan ak kretyen nan premye syèk la, nou dwe rete je klè e nou dwe montre nou pare (Lik 21:​34-36). Pandan gwo tribilasyon an, nou ka oblije abandone kèk nan bagay nou genyen oswa tout sa nou posede, piske nou gen yon konfyans total Jewova pap janm abandone sèvitè l yo. Menm kounye a, anvan gwo tribilasyon an kòmanse, nou gen posiblite montre nan kiyès nou mete konfyans nou. Mande tèt ou: ‘Èske fason m aji ak objektif mwen genyen montre se pa nan richès mwen met konfyans mwen, men se nan Bondye ki pwomèt l ap pran swen m?’ (1 Tim. 6:17). Nòmalman, menm lè nou ka aprann yon seri leson nan sa k te rive nan premye syèk la, “gwo tribilasyon” ki pral genyen an ap san parèy. Donk, ki jan n ap fè konn egzakteman sa pou nou fè lè gwo tribilasyon an kòmanse?

OBEYI MOUN K AP DIRIJE NOU YO

8. Ki enstriksyon Jezi te bay disip li yo?

8 Kèk ane apre kretyen ebre yo te resevwa lèt Pòl te ekri yo a, yo te wè lame women yo ansèkle vil Jerizalèm. Lè sa te rive, kretyen yo te konnen se te moman pou yo kouri. Vil Jerizalèm t apral detwi (Mat. 24:3; Lik 21:​20, 24). Men, ki kote yo t ap kouri ale? Men sa Jezi te annik di: “Se pou moun ki nan Jide yo kouri al nan mòn.” (Lik 21:21). Piske te gen anpil mòn nan zòn nan, ki jan yo t ap fè konnen nan ki mòn pou yo kouri ale?

9. Poukisa kretyen yo te ka ap mande tèt yo nan ki mòn pou yo kouri ale? (Gade kat jeyografi a tou.)

9 Ann wè kèk mòn kote kretyen yo te ka kouri ale: mòn Samari yo, mòn Galile yo, Mòn Èmon, mòn Liban yo ak mòn ki pa lòtbò Rivyè Jouden yo. (Gade kat jeyografi a.) Kèk nan vil ki nan mòn sa yo te ka sanble bon kote pou moun viv. Pa egzanp, vil Gamla te sou tèt yon mòn ki byen wo e l te vrèman difisil pou moun rive la. Gen kèk Juif ki te wè vil sa a se yon bon kote pou moun al pran refij. Sepandan, te gen yon gwo gè ant Juif yo ak Women yo nan Gamla, e anpil moun nan zòn nan te mouri.b

Yon kat jeyografi ki montre kèk mòn ak kèk vil ann Izrayèl nan premye syèk la. Nan nò Jerizalèm, nou jwenn mòn Liban yo, mòn Galile yo, mòn Samari yo ak mòn Galaad yo, epitou nou jwenn Mòn Èmon ak Mòn Tabò. Vil ki nan nò Jerizalèm yo se Gamla, Sezare ak Pela. Nan sid Jerizalèm, nou jwenn mòn Jide yo mòn Abarim yo, epitou nou jwenn vil Masada. Kat la montre tou zòn kote Women yo te fè lagè ak tèritwa Juif yo te pèdi nan ane 67 epòk nou an rive nan ane 73 epòk nou an.

Te gen anpil mòn kote premye kretyen yo te ka kouri ale, men, se pa nan yo tout yo t ap ka jwenn pwoteksyon. (Gade paragraf 9.)


10-11. a) Ki jan Jewova dwe te gide kretyen yo? (Ebre 13:​7, 17). b) Lefètke kretyen yo te obeyi moun ki t ap dirije yo, ki jan sa te bon pou yo? (Gade foto a tou.)

10 Sanble Jewova te gide kretyen yo pa mwayen frè ki t ap dirije kongregasyon an. Men sa yon istoryen ki te rele Ezèb te ekri annapre: “Bondye te fè mesye ki te alatèt yo konnen sa pou moun nan kongregasyon Jerizalèm nan fè. Yo te resevwa lòd [...] pou yo te kite vil la anvan gè a pou yo t al ret nan yon vil nan Pere ki rele Pela.” Pela te sanble yon bon chwa. Kòm li pa t lwen Jerizalèm, li te ka fasil pou moun yo al la. Pifò moun ki t ap viv nan vil sa a te moun lòt nasyon, donk yo pa t ap chèche batay ak Women yo. — Gade kat jeyografi a.

11 Kretyen ki te kouri al nan mòn yo te suiv konsèy Pòl te bay ki di pou nou “obeyi moun k ap dirije nou” nan kongregasyon an. (Li Ebre 13:​7, 17.) Sa te pèmèt pèp Bondye a chape. Listwa pwouve Bondye pa t abandone moun k ap tann “vil ki gen vrè fondasyon an”, anpalan de Wayòm Bondye a. — Ebre 11:10.

Yon gwoup kretyen nan premye syèk la k ap mache nan yon zòn ki gen mòn ak kèk bagay yo genyen.

Pela pa t twò lwen e kretyen yo t ap an sekirite nan zòn sa a. (Gade paragraf 10-11.)


12-13. Ki jan Jewova te gide sèvitè l yo nan moman difisil?

12 Leson nou aprann: Jewova sèvi ak moun k ap dirije nou yo pou l bay pèp li a bonjan direksyon. Bib la chaje ak egzanp ki montre Jewova te met bèje pou gide pèp li a nan moman difisil (Det. 31:23; Sòm 77:20). Jodi a, nou gen bonjan prèv ki montre Jewova kontinye sèvi ak moun k ap dirije nou yo.

13 Pa egzanp, lè pandemi COVID-19 la te kòmanse, “moun k ap dirije nou yo” te ede nou pou n konn sa pou n fè. Ansyen yo te resevwa enstriksyon sou fason pou kongregasyon yo reyini pou yo kontinye adore Jewova. Yon ti tan apre pandemi an te kòmanse, nou te gen yon kongrè nan plis pase 500 lang pa mwayen Entènèt, televizyon ak radyo. Potko janm gen yon kongrè konsa. Pandan pandemi an, Jewova te toujou fè n jwenn enstriksyon nou te bezwen. Konsa, nou te kontinye gen tèt ansanm. Nou mèt gen konfyans, kèlkeswa eprèv nou ta jwenn alavni, Jewova ap kontinye ede moun k ap dirije nou yo pou yo pran bon desizyon. Pou nou prepare n pou gwo tribilasyon an e pou n ka aji avèk sajès nan moman sa a ki pral rèd anpil, nou bezwen met konfyans nou nan Jewova e nou bezwen obeyi kòmandman l yo. Ki lòt kalite n ap bezwen genyen?

MONTRE W RENMEN FRÈ W AK SÈ W YO E APRANN AKEYI MOUN

14. Selon Ebre 13:​1-3, ki kalite kretyen yo te bezwen demontre anvan Jerizalèm te detwi?

14 Lè gwo tribilasyon an kòmanse, nou pral bezwen demontre lanmou youn pou lòt yon fason nou potko janm fè sa. Nan moman sa a, nou pral bezwen suiv egzanp kretyen ki t ap viv Jerizalèm ak Jide yo. Yo te toujou demontre lanmou youn pou lòt (Ebre 10:​32-34). Men, kèk ane anvan Jerizalèm te detwi, kretyen yo te bezwen montre yo gen “lanmou pou frè yo” e yo te bezwen montre yo “akeyan” pi plis toujouc. (Li Ebre 13:​1-3.) Nou pral bezwen fè menm bagay la lè monn sa a pral detwi.

15. Poukisa kretyen ebre yo te bezwen demontre lanmou pou frè ak sè yo e yo te bezwen montre yo renmen akeyi moun apre yo te fin kouri kite Jerizalèm?

15 Lè lame women yo te ansèkle Jerizalèm e apre sa yo te retire kò yo bridsoukou, kretyen yo te kouri ak kèk bagay sèlman (Mat. 24:​17, 18). Youn te oblije ede lòt pandan yo te sou wout pou y al nan mòn yo, e lè yo te rive Pela, yo te oblije ede youn lòt jwenn yon kote pou yo rete ak yon travay pou yo fè. Pa gen dout, te gen anpil sitiyasyon kote yo te “ede lòt moun lè [te] gen ijans”, e sa te bay kretyen yo okazyon pou yo demontre bonjan lanmou pou frè ak sè yo e pou yo montre yo akeyan lè yo ede youn lòt e lè yo pataje sa yo genyen. — Tit 3:14.

16. Ki jan n ka montre nou renmen kwayan parèy nou ki bezwen èd nou? (Gade foto a tou.)

16 Leson nou aprann: Lanmou pouse nou ede frè n ak sè n yo lè yo bezwen èd nou. Pa egzanp, anpil sèvitè Bondye kontan ede frè ak sè ki te deplase kite kay yo akoz lagè ak katastwòf natirèl. Men sa yon sè nan peyi Ikrèn ki te oblije kite kay li akoz lagè te di: “Nou te santi men Jewova ki t ap gide nou e ki t ap ede nou pa mwayen frè nou yo. Yo te akeyi nou e yo te ede nou anpil nan peyi Ikrèn, nan peyi Ongri, e kounye a nan peyi Almay.” Nou kolabore ak Jewova lè n akeyi frè n ak sè n yo e lè n ede yo jwenn sa yo bezwen. — Pwo. 19:17; 2 Kor. 1:​3, 4.

Yon mari ak madanm ki granmoun ki kontan akeyi yon fanmi ki vin pran refij lakay yo. Fanmi an gen yon malèt ak kèk valiz.

Jodi a, frè ak sè ki al pran refij lòt kote bezwen nou ede yo. (Gade paragraf 16.)


17. Poukisa li vrèman enpòtan pou n montre nou renmen frè n ak sè n yo e pou n aprann akeyi yo depi kounye a?

17 Pa gen dout, pandan gwo tribilasyon an n ap bezwen ede youn lòt pi plis pase kounye a (Aba. 3:​16-18). Jewova ap ban nou fòmasyon depi kounye a sou fason pou n montre nou renmen frè n ak sè n yo e pou n aprann akeyi yo. Kalite sa yo ap vrèman nesesè nan moman sa a.

KI SA K GEN POU RIVE ALAVNI?

18. Ki jan n ka suiv egzanp kretyen ebre yo nan premye syèk la?

18 Selon sa listwa fè konnen, kretyen ki te kouri al nan mòn yo te rive chape lè malè te tonbe sou Jerizalèm. Yo te abandone vil la, men, Jewova pa t janm abandone yo. Ki sa nou ka aprann nan egzanp yo? Nou pa konn egzakteman sa k pral rive alavni, men, Jezi te avèti nou pou nou pare pou nou aji (Lik 12:40). Epitou, nou ka medite sou konsèy Pòl te bay kretyen ebre yo nan lèt li te ekri yo a e nou ka aplike l. Jewova ban nou garanti li pap janm kite nou oswa abandone nou (Ebre 13:​5, 6). Ann kontinye tann vil k ap toujou la a, anpalan de Wayòm Bondye a, ak tout kè nou, konsa n ap ka jwi benediksyon l ap pote yo pou toutan. — Mat. 25:34.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa nou bezwen chèche vin gen plis konfyans nan Jewova depi kounye a?

  • Poukisa l ap enpòtan anpil pou nou obeyi pandan “gwo tribilasyon” an?

  • Poukisa li enpòtan anpil pou n montre nou renmen frè n ak sè n yo e pou n aprann akeyi yo depi kounye a?

KANTIK 157 Vrè lapè

a Nan epòk yo t ap ekri Bib la, an jeneral se wa ki te konn dirije vil yo. Yo te ka konsidere yon vil konsa kòm yon wayòm. — Jen. 14:2.

b Sa te pase nan ane 67 epòk nou an, yon ti tan apre kretyen yo te fin kouri kite Jide ak Jerizalèm.

c Mo lè yo tradui l yo mete “lanmou pou frè yo” pou li a kapab fè referans ak lanmou pou moun ki fanmi pwòch, men, Pòl sèvi avè l pou l fè referans ak gwo atachman ak lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo nan kongregasyon an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje