BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 jen p. 20-25
  • Ann ede etidyan Labib yo pou yo deside sèvi Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann ede etidyan Labib yo pou yo deside sèvi Jewova
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • EDE ETIDYAN W LAN CHÈCHE WÈ SA K ANPECHE L FÈ PWOGRÈ
  • EDE ETIDYAN W LAN CHÈCHE VIN PI RENMEN JEWOVA
  • EDE ETIDYAN W LAN POU L BAY JEWOVA PREMYE PLAS NAN LAVI L
  • EDE ETIDYAN W LAN KONNEN SA POU L FÈ LÈ L JWENN OPOZISYON
  • MONTRE ETIDYAN W LAN OU GEN KONFYANS NAN LI
  • Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Dezyèm pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Fason pou n ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize: Premye pati
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • “Ale, epi fè disip”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 jen p. 20-25

ATIK ETID 27

KANTIK 79 Anseye yo pou yo kenbe fèm

Ann ede etidyan Labib yo pou yo deside sèvi Jewova

“Kenbe fèm nan lafwa [...]. Vin djanm.” — 1 KOR. 16:13.

PWEN KLE

Fason nou ka ede etidyan Labib yo vin gen lafwa ak kouraj yo bezwen pou yo deside sèvi Jewova.

1-2. a) Sa k fè kèk etidyan Labib renka pou yo deside sèvi Jewova? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

ÈSKE te gen yon seri bagay ki te fè w renka pou w vin Temwen Jewova? Petèt ou te pè pou kòlèg travay ou, zanmi w oswa moun nan fanmi w pa t fache avè w. Oswa petèt ou te santi w pap janm ka suiv prensip Bondye yo. Si se konsa w te santi w, ou ka konprann etidyan Labib ki parèt renka pou yo deside sèvi Jewova.

2 Jezi te konnen li ka fasil pou sitiyasyon konsa anpeche yon moun vin sèvi Jewova (Mat. 13:​20-22). Men, li pa t sispann fè efò pou l ede moun ki te renka pou yo vin suiv li. Okontrè, li te montre disip li yo fason pou yo ede moun ki nan sitiyasyon konsa 1) chèche wè sa k anpeche yo fè pwogrè, 2) chèche vin pi renmen Jewova, 3) bay Jewova premye plas nan lavi yo, e 4) konnen sa yo ka fè lè yo jwenn opozisyon. Ki jan n ka suiv konsèy Jezi te bay disip li yo toutpandan n ap sèvi ak liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou n ede yon etidyan Labib deside sèvi Jewova?

EDE ETIDYAN W LAN CHÈCHE WÈ SA K ANPECHE L FÈ PWOGRÈ

3. Ki sa petèt ki te anpeche Nikodèm vin disip Jezi?

3 Nikodèm te yon chèf relijye juif ki te nan gwo pozisyon. Men, te gen yon bagay ki te fè l difisil pou l vin disip Jezi. Anviwon sis mwa sèlman apre Jezi te kòmanse travay predikasyon li t ap fè a, Nikodèm te gentan rann li kont Jezi se reprezantan Bondye (Jan 3:​1, 2). Sepandan, Nikodèm te chwazi al kot Jezi an kachèt paske l te “pè chèf relijye Juif yo”. (Jan 7:13; 12:42.) Petèt li te panse l ap pèdi anpil avantaj si l ta vin disip Jezi.a

4. Ki jan Jezi te ede Nikodèm konprann sa Bondye te vle l fè?

4 Nikodèm te konnen Lwa Moyiz la, men l te bezwen èd pou l konprann sa Jewova te vle l fè. Ki jan Jezi te ede l? Jezi te pran tan pou l pale avè l, menm lè se te lannuit. Jezi te fè Nikodèm konnen byen klè sa l te dwe fè pou l te ka vin yon disip li: li te dwe repanti pou peche l te fè yo, li te dwe batize nan dlo e l te dwe montre li gen lafwa nan Pitit Bondye a. — Jan 3:​5, 14-21.

5. Ki sa n ka fè pou n ede yon etidyan Labib rive wè sa k anpeche l fè pwogrè?

5 Menmsi yon etidyan Labib konn anpil bagay sou Bib la, li ka bezwen w ede l rive wè sa k anpeche l fè pwogrè. Pa egzanp, travay li ka pran twòp tan l oubyen moun nan fanmi l ka pa vle l vin Temwen Jewova. Se sa k fè, w ap bezwen pran tan pou w ede etidyan w lan. Ou ka envite l vin bwè yon ti ji avè w, oubyen ou ka al fè yon ti flannen avè l. Moman konsa ka fè l santi l alèz pou l di w yon seri bagay k ap pase nan lavi l. Ankouraje l pou l fè kèlkeswa chanjman li bezwen fè. Li pap fè sa pou l fè w plezi, men pou l montre li renmen Jewova.

6. Ki jan w ka ede yon etidyan Labib jwenn kouraj pou l deside sèvi Jewova? (1 Korentyen 16:13).

6 Lè yon etidyan Labib gen konfyans Jewova ap ede l suiv prensip ki nan Bib la, sa ap ankouraje l pou l aplike sa l ap aprann yo. (Li 1 Korentyen 16:13.) Travay w ap fè a ka sanble ak travay yon pwofesè lekòl ap fè. Fè yon ti reflechi ak epòk ou te lekòl. Ki pwofesè w te pi renmen? Petèt se pwofesè ki te pran anpil pasyans avè w pou l ede w kwè nan kapasite w genyen. Menm jan an tou, yon bon anseyan Labib pa annik kontante l montre yon etidyan sa Bondye vle l fè, men tou, li bay etidyan an asirans li kapab fè chanjman ki nesesè yo nan lavi l grasa èd Jewova. Èske gen lòt bagay ou ka fè?

EDE ETIDYAN W LAN CHÈCHE VIN PI RENMEN JEWOVA

7. Ki jan Jezi te ede moun ki t ap koute l yo vin pi renmen Jewova?

7 Jezi te konnen lanmou disip li yo gen pou Bondye t ap ede yo aplike sa yo te aprann yo. Byen souvan, li te konn montre disip li yo yon seri bagay ki t ap ede yo vin pi renmen Papa yo ki nan syèl la. Pa egzanp, li te konpare Jewova ak yon mesye ki bay pitit li bon bagay (Mat. 7:​9-11). Kèk nan moun ki t ap koute Jezi yo ka pa t gen yon papa ki gen afeksyon konsa. Imajine jan yo dwe te santi yo lè Jezi te bay egzanp yon papa ki gen konpasyon ki te kontan akeyi pitit gason l ki te retounen lakay li apre l te fin fè yon seri move bagay. Yo te ka wè jan Jewova gen konpasyon pou pitit li yo ki sou tè a. — Lik 15:​20-24.

8. Ki jan w ka ede yon etidyan Labib vin pi renmen Jewova?

8 Ou menm tou ou ka ede yon etidyan Labib vin pi renmen Jewova lè w atire atansyon l sou yon seri bèl kalite Bondye genyen pandan w ap anseye l. Chak fwa w ap fè etid la, ede l wè ki jan sa l ap aprann yo montre Jewova renmen nou. Lè w ap pale konsènan ranson an, ede l wè rapò sa gen avè l (Wom. 5:8; 1 Jan 4:10). L ap pi fasil pou yon etidyan Labib vin renmen Jewova lè l reflechi ak jan Jewova renmen l pèsonèlman. — Gal. 2:20.

9. Ki sa k te ede yon mesye ki rele Michael chanje fason l t ap viv?

9 Ann pran egzanp Michael ki moun Endonezi. Li te konn laverite depi lè l te toupiti, men, li pa t janm batize. Lè l te gen 18 an, li t al viv nan yon lòt peyi pou l te travay kòm chofè kamyon. Rive yon lè, li te marye, men, li te kite fanmi l dèyè pou l t al kontinye travay nan yon lòt peyi ankò. Pandan tan sa a, madanm li ak pitit fi l te kòmanse etidye Labib e yo te fè pwogrè. Lè manman Michael mouri, Michael te deside retounen lakay li pou l al pran swen papa l e l te aksepte yon etid Labib. Lè Michael t ap egzamine seksyon “Fouye plis” nan leson 27 liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, sa te touche l anpil. Pandan Michael t ap reflechi sou jan sa dwe te fè Jewova mal lè l t ap gade Pitit Gason l lan k ap soufri, sa te tèlman touche l, dlo te koule nan je l. Li te vin gen anpil rekonesans pou ranson an, sa te pouse l fè chanjman nan lavi l e l te batize.

EDE ETIDYAN W LAN POU L BAY JEWOVA PREMYE PLAS NAN LAVI L

10. Ki jan Jezi te ede premye disip li yo bay Jewova premye plas nan lavi yo? (Lik 5:​5-11). (Gade foto a tou.)

10 Sa pa t pran tan pou premye disip Jezi yo rann yo kont Jezi se Mesi Bondye te pwomèt la. Aktout sa, yo te bezwen yo ede yo konprann jan l enpòtan pou yo bay travay fè disip la premye plas nan lavi yo. Pyè ak Andre te deja gen kèk tan depi yo disip Jezi lè l te envite yo pou yo suiv li nèt (Mat. 4:​18, 19). Yo te gen yon biznis lapèch ki t ap byen mache, e sanble Jak ak Jan te asosye yo (Mak 1:​16-20). Lè Pyè ak Andre te “abandone filè yo”, sandout yo te pran dispozisyon pou yo bay fanmi yo sa yo te bezwen pou yo viv pandan yo menm yo t ap suiv Jezi. Sa k fè yo te dispoze bay Jewova premye plas nan lavi yo? Nan Evanjil Lik la, nou aprann Jezi te fè yon mirak ki te ede yo gen plis konfyans Jewova kapab pran swen yo. — Li Lik 5:​5-11.

De pechè pwason k ap kite bato yo pou y al jwenn Jezi ki envite yo vin suiv li. Lòt pechè pwason yo ret nan bato a, y ap repare filè yo.

Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi te ede disip li yo bay Jewova premye plas nan lavi yo? (Gade paragraf 10-11.)b


11. Ki jan n ka sèvi ak eksperyans nou te fè pou n fè lafwa yon etidyan vin pi solid?

11 Byenke nou pa ka fè mirak, jan Jezi te konn fè sa, nou ka fè moun yo konnen fason Jewova ede moun ki ba L premye plas nan lavi yo. Pa egzanp, èske w sonje jan Jewova te ede w lè w te kòmanse asiste reyinyon? Petèt ou te oblije al kot patwon w pou w mande l pèmisyon pou w kite travay la pi bonè pou w ka al nan reyinyon. Pandan w ap rakonte etidyan w lan eksperyans ou fè, esplike l jan lafwa w te vin pi solid lè w te wè fason Jewova te ede w lè w te chwazi ba l premye plas nan lavi w.

12. a) Poukisa n bezwen envite divès pwoklamatè al fè etid avè n? b) Ki jan w ka sèvi ak videyo yo pou w byen anseye etidyan w lan? Bay yon egzanp.

12 Yon lòt bagay k ap ede etidyan w lan se lè lòt frè ak sè fè l konnen chanjman yo te fè pou yo te ka bay Jewova premye plas nan lavi yo. Donk, envite lòt frè ak sè nan etid la. Mande yo ki jan yo te pran laverite e ki sa yo te fè pou yo te bay Jewova premye plas nan lavi yo. Epitou, rezève tan pou w gade videyo ki nan seksyon “Fouye plis” nan liv Ou kapab viv ak kè kontan! an ak etidyan an, e lè sa apwopriye, gade videyo ki nan seksyon “Aprann plis” la tou. Pa egzanp, lè w ap egzamine leson 37 la avè l, ou kapab atire atansyon l sou prensip ki nan videyo ki gen tit Jewova ap ban nou sa nou bezwen.

EDE ETIDYAN W LAN KONNEN SA POU L FÈ LÈ L JWENN OPOZISYON

13. Ki jan Jezi te prepare disip li yo pou yo fè fas ak opozisyon?

13 Pandan plizyè fwa, Jezi te fè disip li yo konnen lòt moun t ap opoze ak yo, e menm moun nan fanmi yo (Mat. 5:11; 10:​22, 36). Nan fen sèvis Jezi sou tè a, li te fè disip li yo konnen yo te ka menm touye yo (Mat. 24:9; Jan 15:20; 16:2). Li te ankouraje disip li yo pou yo pridan lè y ap preche. Li te di yo pou yo pa nan chirepit ak moun ki opoze ak yo e pou yo pran prekosyon pou yo ka kontinye preche.

14. Ki jan n ka ede yon etidyan prepare l pou l fè fas ak opozisyon? (2 Timote 3:12).

14 Nou ka ede etidyan yo prepare yo pou yo fè fas ak opozisyon lè n esplike yo sa kòlèg travay yo, zanmi yo ak fanmi yo ka fè yo oswa ka di yo paske y ap etidye Labib. (Li 2 Timote 3:12.) Kèk nan kòlèg travay yo ka pase yo nan rizib poutèt y ap fè efò pou yo viv ann amoni ak sa y ap aprann nan Bib la. Gen lòt moun ki ka pa dakò ak sa y ap aprann nan Bib la, e se gendwa menm moun ki fanmi pwòch yo. Plis nou pa pran tan pou n ede etidyan nou yo pou yo konn sa pou yo fè lè yo jwenn opozisyon, se plis l ap fasil pou yo konn fason pou yo aji lè sa rive.

15. Ki sa k ka ede yon etidyan fè fas ak opozisyon li jwenn nan fanmi l?

15 Si moun nan fanmi etidyan w lan ap fè presyon sou li paske l ap etidye Labib, ede l reflechi sou rezon ki fè yo ka fache avè l. Fanmi l yo ka panse sa Temwen Jewova yo ap anseye yo se manti, oswa yo ka panse Temwen Jewova yo se move moun. Menm Jezi te gen moun nan fanmi l ki pa t dakò avè l (Mak 3:21; Jan 7:5). Kidonk, aprann etidyan w lan pou l gen pasyans e pou l aprann pale ak lòt moun avèk jantiyès, san wete moun nan fanmi l.

16. Ki jan n ka ede yon etidyan pou l pale sou kwayans li avèk jantiyès?

16 Menm lè moun nan fanmi etidyan an ta vle konnen sa Bib la anseye, l ap bon pou l pa eseye esplike yo twòp bagay yon sèl kou. Si l ta eseye fè sa, sa ta ka dekouraje yo e sa ta ka fè yo renka pou yo aksepte pale sou Bib la avè l ankò. Donk, ankouraje etidyan w lan pou l pale konsènan kwayans li yon fason k ap fè moun yo anvi koute l ankò (Kol. 4:6). Petèt li ka ankouraje moun nan fanmi l al sou sit Entènèt jw.org la. Sa kapab ba yo okazyon pou yo aprann plis bagay sou Temwen Jewova yo nenpòt lè yo ta renmen fè sa.

17. Ki jan w ka prepare yon etidyan pou l reponn kesyon moun ka poze sou Temwen Jewova yo? (Gade foto a tou.)

17 Ou ka sèvi ak ribrik “Kesyon moun poze souvan” ki sou sit Entènèt jw.org la pou w ede etidyan w lan prepare l pou l reponn yon fason senp lè moun nan fanmi l oswa nan travay li poze l kesyon (2 Tim. 2:​24, 25). Nan fen chak leson, egzamine seksyon “Gen moun ki di” oswa “Si yon moun ta di w” nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ak etidyan w lan. Ankouraje l pou l aprann reponn kesyon yo poze l sou sa l ap aprann yo nan pwòp mo pa l. Si sa nesesè, ede l wè ki pi bon fason li kapab esplike kwayans li. Repetisyon konsa ap fè l gen plis asirans pou l defann lafwa l.

Yon sè k ap ede yon moun l ap etidye Labib avè l prepare l pou l preche pandan y ap fè etid la. Etidyan an k ap sèvi ak feyè ki gen tit “Ki kote nou ka jwenn repons pou kesyon enpòtan moun poze sou lavi a” pou l preche sè a.

Fè preparasyon ak etidyan w lan pou w ka ankouraje l pale konsènan lafwa l. (Gade paragraf 17.)c


18. Ki jan w ka ankouraje yon etidyan pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize? (Matye 10:27).

18 Jezi te bay disip li yo lòd pou yo preche bon nouvèl la an piblik. (Li Matye 10:27.) Pi vit yon etidyan kòmanse pale sou lafwa l, se pi vit l ap aprann konte sou Jewova. Ki jan w ka ede yon etidyan pou l aprann fè sa? Lè yo anonse pral gen yon kanpay predikasyon, ede etidyan an wè sa l bezwen fè pou l vin yon pwoklamatè. Esplike l rezon ki fè anpil moun twouve l pi fasil pou yo kòmanse preche lè gen kanpay predikasyon. Lòt objektif etidyan an kapab genyen tou se chèche vin kalifye pou l fè patisipasyon nan reyinyon lasemèn nan. Konsa, l ap aprann fason pou l pi byen esplike kwayans li.

MONTRE ETIDYAN W LAN OU GEN KONFYANS NAN LI

19. Ki jan Jezi te montre disip li yo li gen konfyans nan yo, e ki jan n ka suiv egzanp li?

19 Anvan Jezi te mouri e l te monte nan syèl, li te di disip li yo yo t ap gen pou yo ansanm avè l ankò. Lè Jezi te di sa, yo pa t konprann se yo menm ki t ap gen pou y al nan syèl. Byenke yo pa t fin konprann tout bagay, Jezi te konnen yo te fidèl (Jan 14:​1-5, 8). Li te konnen yo t ap bezwen tan pou yo konprann yon seri bagay, pa egzanp yo t ap bezwen tan pou yo konprann yo t ap gen pou y al nan syèl (Jan 16:12). Menm jan ak Jezi, nou ka montre etidyan nou yo nou gen konfyans yo vle fè Jewova plezi.

Pi vit yon etidyan kòmanse pale sou lafwa l, se pi vit l ap aprann konte sou Jewova.

20. Ki jan yon sè nan peyi Malawi te montre l gen konfyans nan etidyan l?

20 Nou bezwen gen konfyans etidyan nou yo vle fè sa ki dwat. Pa egzanp, ann fè yon ti pale konsènan Chifundo, yon sè nan peyi Malawi. Li te kòmanse etidye Labib nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ak yon jèn dam katolik ki rele Alinafe. Lè yo te fin fè leson 14 la, Chifundo te mande etidyan l lan sa l panse lè yon moun sèvi ak imaj pou l adore Bondye. Alinafe te reponn byen move: “Se yon desizyon pèsonèl!” Chifundo t ap mande tèt li èske l t ap oblije kanpe etid la. Men, avèk pasyans, li te kontinye etidye ak Alinafe ak espwa li t ap konprann pwen sa a yon jou. Kèk mwa annapre, Chifundo te poze l kesyon nan leson 34 la ki di: “Ki byenfè w deja jwenn paske w ap etidye Bib la pou w aprann konnen Jewova, vrè Dye a? Men sa Chifundo te di Alinafe te reponn: “Li te di anpil bèl bagay. Youn nan bagay li te di sèke Temwen yo pa pratike sa Bib la kondane.” Yon ti tan annapre, Alinafe te sispann sèvi ak imaj e li te vin kalifye pou l batize.

21. Ki jan n ka ede yon etidyan pou l deside sèvi Jewova?

21 Menm lè se Jewova “ki fè [sa ki plante a] grandi”, nou kapab ede yon etidyan Labib fè pwogrè (1 Kor. 3:7). Nou pa jis montre l sa Bondye vle l fè. Nou ede l aprann renmen Jewova anpil. Nou ankouraje l pou l montre l renmen Jewova lè l ba l premye plas nan lavi l. Epitou, nou aprann li konte sou Jewova lè l jwenn opozisyon. Lè n montre l nou gen konfyans li vle fè Jewova plezi, sa ap ankouraje l pou l deside sèvi Jewova.

KI JAN N KA EDE YON ETIDYAN LABIB...

  • chèche wè sa k anpeche l fè pwogrè?

  • vin pi renmen Jewova?

  • bay Jewova premye plas nan lavi l?

KANTIK 55 Pa pè yo!

a Dezan edmi apre Nikodèm te pale ak Jezi, li te toujou yon manm nan pi gwo tribinal Juif yo (Jan 7:​45-52). Gen istoryen ki panse Nikodèm te vin yon disip Jezi apre lanmò Jezi. — Jan 19:​38-40.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Pyè ki ansanm ak lòt pechè pwason ki kite biznis lapèch yo genyen an pou yo suiv Jezi.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè k ap ede etidyan l prepare l pou l pale konsènan lafwa l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje