BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 jiyè p. 26-30
  • “Batay la se batay Jewova”

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • “Batay la se batay Jewova”
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • PARAN M TE MISYONÈ E YO TE RENMEN PRECHE
  • MWEN T AL TRAVAY NAN SYÈJ MONDYAL LA
  • MWEN TE VIN AP TRAVAY NAN DEPATMAN LEGAL
  • NOU TE DEFANN BON NOUVÈL LA E N TE FÈ REKONÈT LI DEVAN LAJISTIS
  • MÈSI JEWOVA!
  • Yo goumen pou dwa yo genyen pou yo adore
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Nouvèl sou kesyon jiridik
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Yo kontinye soutni gouvènman Bondye a sèlman
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Pwoklamatè Wayòm nan prezante ka yo devan tribinal
    Wayòm Bondye a ap dirije!
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 jiyè p. 26-30
Philip Brumley.

BYOGRAFI

“Batay la se batay Jewova”

DAPRE PHILIP BRUMLEY

NAN dat 28 janvye 2010, mwen te Strasbou, yon bèl vil nan peyi Lafrans nan sezon ivè. Men, se pa touris mwen te vin fè. Mwen te vin ansanm ak plizyè lòt frè pou n defann dwa Temwen Jewova yo devan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan. Gouvènman peyi Lafrans te mande Temwen Jewova yo pou yo peye prèske 64 milyon ewo (89000000 dola ameriken) kòm taks. Se pa t kantite kòb yo te mande a ki fè n te vle genyen pwosè a. Sa k te pi enpòtan se non Jewova, repitasyon pèp li a ak posiblite pou n adore l san pwoblèm nan peyi a. Sa k te pase nan tribinal la jou sa a montre aklè “batay la se batay Jewova”. (1 Sam. 17:47.) Kite m esplike n.

Pwoblèm nan te kòmanse nan fen ane 1990 yo lè gouvènman peyi Lafrans te mande filyal Lafrans lan pou yo peye taks sou ofrann frè ak sè yo fè, soti ane 1993 rive ane 1996. Nou te chèche jwenn jistis nan tribinal peyi Lafrans yo, men sa pa t mache. Apre nou te fin pèdi ka a nan apèl, gouvènman an te pran plis pase kat milyon edmi ewo (6300000 dola ameriken) nan kòb filyal la te gen labank. Sèl espwa nou te genyen pou n te rejwenn kòb la, se te al devan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan. Men, anvan menm yo te tande ka nou an, Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan te fè n rankontre ak avoka gouvènman peyi Lafrans yo ansanm ak youn nan reprezantan Tribinal la pou yo wè si nou te ka jwenn yon antant anvan n al nan Tribinal.

Nou te sispèk otorite nan Tribinal la t apral egzije pou n bay gouvènman peyi Lafrans lan yon pati nan kòb la. Men, nou te konprann byen klè, menmsi se sèlman yon ewo nou ta bay, nou t ap vyole prensip ki nan Bib la. Frè ak sè yo te fè ofrann pou soutni enterè Wayòm nan, donk, ofrann yo te fè yo pa t pou gouvènman an (Mat. 22:21). Nou te asiste reyinyon an kanmenm pou n te montre nou respekte regleman Tribinal la.

Ti gwoup avoka nou an ki kanpe devan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan, nan ane 2010.

Nou te reyini pou n pale nan youn nan bèl sal konferans Tribinal la. Bagay yo te mal kòmanse. Menm moman an, reprezantan Tribinal ewopeyen an te di Temwen Jewova nan peyi Lafrans yo ta dwe peye yon pati nan taks gouvènman an mande a. Tousuit, nou santi lespri sen Jewova te pouse n mande l: “Èske w te konnen gouvènman an deja sezi plis pase kat milyon edmi ewo nan kòb nou gen labank?”

Nou te kapab wè li te fache anpil. Lè avoka gouvènman an te admèt yo te fè sa vre, li te vin wè bagay yo yon lòt jan. Li te pale di ak yo e l te kanpe reyinyon an menm kote a. Lè sa a, mwen te rann mwen kont Jewova chanje bagay yo nèt pou n te ka pot laviktwa yon fason nou pa t ap janm imajine. Nou te kontan anpil lè n t ap kite Tribinal la, nou pa t ka kwè sa k te pase a.

Nan dat 30 jen 2011, Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan te pran yon desizyon an favè nou. Li te elimine taks la e l te bay gouvènman an lòd pou yo remèt nou lajan yo te pran an ak enterè! Gwo desizyon sa a Tribinal la te pran an pwoteje vrè adorasyon an nan peyi Lafrans pou jis jodi a. Kesyon sa a nou te poze san n pa t menm konnen nou t apral poze l la te chanje bagay yo nèt, li te tankou wòch ki te touye Golyat la. Ki sa k fè n te pot laviktwa? Se paske, jan David te di Golyat: “Batay la se batay Jewova.” — 1 Sam. 17:​45-47.

Se pa fwa sa a sèlman nou te pot laviktwa nan tribinal. Menm lè gouvènman ki gen anpil pouvwa ak relijyon opoze avè n, nou te rive genyen 1225 ka nou te prezante devan pi gwo tribinal nan 70 peyi ak nan plizyè tribinal entènasyonal. Viktwa sa yo te pwoteje dwa nou genyen an jeneral, pa egzanp dwa pou yo rekonèt nou antanke relijyon, dwa pou n preche, pou n pa patisipe nan seremoni patriyotik ak dwa nou genyen pou n pa aksepte pran san.

Ki jan m te fè al defann yon ka nan tribinal ann Ewòp pandan m t ap sèvi nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Nouyòk, Ozetazini?

PARAN M TE MISYONÈ E YO TE RENMEN PRECHE

Paran m yo, George ak Lucille, te gradye nan 12yèm klas Lekòl Galaad. Yo t al sèvi nan peyi Etyopi nan ane 1956, e se menm ane sa a mwen te fèt. Yo te rele m Philip, menm jan ak Filip ki te konn evanjelize nan premye syèk la (Tra. 21:8). Ane ki te vin annapre a, gouvènman an te entèdi travay nou an. Byenke m te toupiti, mwen toujou sonje jan fanmi m te konn adore Jewova an kachèt. Antanke timoun, mwen te twouve sa vrèman enteresan! Malerezman, otorite yo te fòse n kite peyi a nan ane 1960.

Nathan Knorr (agoch nèt) k ap vizite fanmi m nan Adis Abeba, nan peyi Etyopi, nan ane 1959.

Fanmi nou t al viv Wichita, Kannzas, Ozetazini. Men, paran m pa t janm pèdi lanmou yo te genyen pou travay predikasyon an lè yo t ap sèvi antanke misyonè a. Yo te aprann ni mwen menm, ni Judy, gran sè m nan, ak Leslie, ti frè m nan ki te fèt nan peyi Etyopi tou, renmen Jewova epi sèvi l ak tout kè nou. Mwen te gen 13 an lè m te batize. Twazan annapre, fanmi nou t al sèvi yon kote yo te bezwen plis pwoklamatè ki rele Arekipa nan peyi Pewou.

Nan ane 1974, lè sa a mwen te apèn gen 18 an, filyal peyi Pewou a te voye mwen menm ak kat lòt frè al sèvi antanke pyonye espesyal. Nou te gen pou n preche nan tèritwa pèsonn potko preche nan mòn Lèzann yo, yon seri mòn men wotè. Pami moun nou te gen pou n preche yo, te gen nan yo ki pale Kechwa ak Aymara. Nou te konn itilize yon kamyon pou n deplase e se li ki te kay nou. Nou te rele l Lach Noye a paske l te gen fòm yon gwo bwat. Mwen kontan lè m sonje jan m te konn sèvi ak Bib la pou m montre moun yo nan zòn nan jan Jewova pral elimine lamizè, maladi ak lanmò talè konsa (Rev. 21:​3, 4). Anpil nan yo te vin sèvi Jewova.

Yon kamyon ki sèvi kòm kay k ap pase nan yon gwo dlo.

“Kamyon nou te rele “Lach Noye a”, 1974.

MWEN T AL TRAVAY NAN SYÈJ MONDYAL LA

Pandan frè Albert Schroeder, yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo t ap vizite peyi Pewou nan ane 1977, li te ankouraje m ranpli yon fòmilè pou m al sèvi nan Betèl nan syèj mondyal la. E m te fè sa. Yon ti tan annapre, nan dat 17 jen 1977, mwen te kòmanse sèvi nan Betèl Bwouklin. Mwen te fè katran ap travay nan sèvis netwayaj ak antretyen.

Jou maryaj nou, nan ane 1979.

Nan mwa jen 1978, mwen te rankontre Elizabeth Avallone nan yon kongrè entènasyonal ki te fèt Nouvèl Òleyan, nan Lwizyàn. Menm jan ak paran pa m, paran Elizabeth te sèvi Jewova ak tout kè yo. Elizabeth te gentan gen katran depi l pyonye pèmanan, e l te vle kontinye sèvi Jewova aplentan pandan tout vi l. Nou te ret an kontak, e sa pa t pran tan pou n te vin renmen youn lòt anpil. Nou te marye nan dat 20 oktòb 1979, e nou te kòmanse sèvi nan Betèl ansanm.

Nan kongregasyon espayòl nou te ye nan Bwouklin nan, ki te premye kongregasyon nou, frè ak sè yo te renmen n anpil. Tank ane yo t ap pase, nou te pase nan twa lòt bèl kongregasyon ki te byen akeyi nou e ki te ankouraje n nan sèvis nou nan Betèl. Nou vrèman apresye tout èd yo te ban nou, san wete tout sa zanmi nou ak fanmi nou ki te ede n pran swen paran nou pandan yo te vin granmoun te fè pou nou.

Philip ak lòt Betelit ki nan reyinyon.

Betelit ki te nan kongregasyon espayòl nan Bwouklin nan, 1986.

MWEN TE VIN AP TRAVAY NAN DEPATMAN LEGAL

Nan mwa janvye 1982, mwen te sezi lè yo te voye m al travay nan Depatman legal nan Betèl la. Twazan annapre, yo te mande m al etidye dwa pou m vin avoka. Pandan m t ap etidye nan inivèsite a, m te kontan aprann se grasa viktwa Temwen Jewova yo te ranpòte nan Tribinal otorite yo te vin ekri yon seri lwa ki fè moun Ozetazini ak moun nan lòt peyi vin gen yon seri libète. Yo te pale anpil sou gwo viktwa sa yo pandan kou yo.

An 1986, lè m te gen 30 an, yo te nome m siveyan Depatman legal. Piske m te jèn anpil e m pa t fin konprann tout konplikasyon ki te gen nan travay la ak tout sa sa t apral mande, mwen te santi travay la te twòp pou mwen, byenke mwen te kontan privilèj la.

Mwen te diplome kòm avoka an 1988, men mwen pa t rann mwen kont jis nan ki pwen etid mwen te fè a te gen efè sou mwen ak sou relasyon m ak Jewova. Gwo etid ka fè yon moun pran tèt li pou yon pakèt afè e l ka fè l santi l pi enpòtan pase moun ki pa fè gwo etid. Elizabeth te ede m anpil pou m rekòmanse fè yon seri aktivite ki te ede m kenbe bon relasyon m te gen ak Jewova anvan m t al nan inivèsite. Sa te pran tan, men tikras pa tikras, mwen te vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Mwen kapab di lè yon moun gen anpil konesans se pa sa k pi enpòtan nan lavi a. Sa k vrèman bay lavi a yon sans, se lè n gen bon relasyon ak Jewova, lè n renmen l e lè n renmen sèvitè l yo ak tout kè nou.

NOU TE DEFANN BON NOUVÈL LA E N TE FÈ REKONÈT LI DEVAN LAJISTIS

Apre m te fin etidye dwa, mwen te vin plis ap ede depatman nou an òganize tout sa ki gen rapò ak kesyon legal nan Betèl la epi defann enterè Wayòm nan nan tribinal. Travay mwen te vrèman enteresan, men, li te gen difikilte pa l tou, paske te gen anpil chanjman nan òganizasyon an e yo te konn fèt byen vit. Pa egzanp, nou te konn abitye mande ofrann pou piblikasyon nou yo, men, nan kòmansman ane 1990 yo, frè yo te mande Depatman legal chèche wè fason pou n sispann fè sa. Depi lè sa a, Temwen Jewova yo kontinye bay moun yo piblikasyon san yo pa mande ofrann. Sa fè travay la vin pi senp nan Betèl ak nan tèritwa a e sa ede n pou n pa gen pwoblèm anrapò ak kesyon peye taks jis jodi a. Gen moun ki te panse nou pa t ap ka jwenn ase kòb pou pèmèt moun ki renmen li piblikasyon nou yo jwenn yo san pwoblèm, e sa t ap fè mwens moun jwenn posiblite pou yo aprann konnen Jewova. Men, se pa t sa k te rive. Okontrè, kantite moun ki te vin sèvi Jewova apati ane 1990 pa t sèlman double, men, yo te vin pi plis toujou. Jodi a, moun yo gen posiblite jwenn piblikasyon nou yo ki kapab sove lavi yo san yo pa bezwen peye. Mwen te kapab wè se sèlman grasa èd Jewova e grasa direksyon esklav fidèl la bay ki fè chanjman sa a ak anpil lòt chanjman te rive fèt. — Egz. 15:2; Mat. 24:45.

Se pa sèlman paske nou gen bon avoka ki fè nou genyen pwosè yo nan tribinal. Byen souvan, sa k konn touche otorite yo, se lefètke pèp Jewova a gen bon konduit. Mwen te viv sa nan ane 1998 lè twa manm Kolèj santral la ansanm ak madanm yo t al asiste yon kongrè espesyal ki te fèt nan peyi Kiba. Jantiyès yo ak fason yo te aji avèk respè te plis konvenk otorite yo nou pa yon pwoblèm pou yo pase nenpòt bagay nou te di nan reyinyon nou te gen avèk yo.

Sepandan, lè n pa ka jwenn yon antant, nou ‘defann bon nouvèl la e nou fè rekonèt li devan lajistis’. (Flp. 1:7.) Pa egzanp, pandan plizyè dizèn ane, otorite ann Ewòp ak nan Kore disid pa t rekonèt dwa nou genyen pou n refize fè sèvis militè. Pou rezon sa a, gen anviwon 18000 frè ann Ewòp ak plis pase 19000 frè nan Kore disid ki te pran prizon paske yo pa t vle fè sèvis militè akoz konsyans yo.

Finalman, nan dat 7 jiyè 2011, Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan te pran yon gwo desizyon konsènan ka Bayatyan kont peyi Ameni ki te mande pou tout peyi ann Ewòp aksepte pou moun ki pa vle fè sèvis militè akoz konsyans yo oswa relijyon yo fè sèvis sivil. Annapre, youn nan pi gwo tribinal nan peyi Kore disid ki jere kesyon konstitisyon te pran yon desizyon menm jan an nan dat 28 jen 2018. Nou pa t ap pot okenn nan viktwa sa yo si menm yon ti kantite toupiti nan jèn frè nou yo te aksepte fè sèvis militè.

Depatman legal nan syèj mondyal la ak depatman legal nan filyal toupatou sou tè a ap travay di pou yo defann dwa nou genyen pou n adore Jewova e pou n preche bon nouvèl Wayòm nan. Se yon onè pou n reprezante frè n ak sè n yo ki jwenn opozisyon anba men gouvènman yo. Menm lè nou pa genyen yon pwosè nan tribinal, nou bay otorite yo, wa yo ak moun nan nasyon yo yon temwayaj (Mat. 10:18). Jij yo, reprezantan gouvènman yo, medya yo ak piblik la an jeneral dwe egzamine vèsè ki nan dokiman legal nou ba yo ak deklarasyon nou fè pou n defann dwa nou. Moun ki sensè yo aprann konnen kiyès Temwen Jewova yo ye e yo vin konnen nou baze kwayans nou sou Labib. Gen nan moun sa yo ki vin frè n ak sè n.

MÈSI JEWOVA!

Pandan 40 an ki pase yo, mwen te gen privilèj travay sou kesyon legal ak frè nan biwo filyal toupatou sou tè a e mwen te defann plizyè ka nan anpil gwo tribinal ak devan anpil gwo otorite nan gouvènman yo. Mwen renmen frè m ak sè m k ap travay nan Depatman legal syèj mondyal la ak nan Depatman legal toupatou sou tè a e m gen admirasyon pou yo. Mwen jwenn anpil benediksyon ak anpil satisfaksyon nan lavi m.

Philip ak Elizabeth Brumley.

Pandan 45 an ki pase yo, Elizabeth pa t janm sispann soutni m nan bon tan kou nan move tan e l te fè sa ak anpil kè kontan. Sa fè m gen admirasyon pou li paske li kontinye soutni m malgre l ap lite ak yon maladi ki fè l pa gen anpil fòs.

Nou te aprann se pa kapasite yon moun genyen ki fè l djanm oswa ki fè l pot laviktwa. David te di: “Jewova se yon fòs pou pèp li a.” (Sòm 28:8). Vrèmanvre, “batay la se batay Jewova”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje