BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 out p. 20-25
  • Fason pou n pot laviktwa sou move dezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou n pot laviktwa sou move dezi
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FASON “MECHAN AN” TA RENMEN NOU SANTI NOU
  • FASON N KA SANTI NOU LEFÈTKE NOU ENPAFÈ
  • SA W BEZWEN FÈ POU W POT LAVIKTWA SOU MOVE DEZI
  • “KONTINYE TESTE SA NOU MENM NOU YE”
  • Veye pou n pa tonbe nan tantasyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • “Kontinye suiv” Jezi apre w fin batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ki sa Jewova te fè pou l retire lèzòm anba peche?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 out p. 20-25

ATIK ETID 35

KANTIK 121 Nou bezwen gen metriz

Fason pou n pot laviktwa sou move dezi

“Pa kite peche kontinye domine antanke wa sou kò nou ki ka mouri, pou l fè nou obeyi dezi kò nou genyen.” — WOM. 6:12.

PWEN KLE

Atik sa a ap ede n wè fason pou n goumen ak dekourajman e pou n pa tonbe nan tantasyon.

1. Ak ki sa nou tout ap fè fas?

ÈSKE sa deja rive w ou vrèman anvi fè yon bagay Jewova pa vle nou fè? Si sa deja rive w, pa kouri panse w ap fè fas ak yon eprèv pèsonn moun poko jwenn. Men sa Bib la di: “Pa gen okenn tantasyon nou jwenn lòt moun pa konn jwenn.” (1 Kor. 10:13)a. Sa vle di kèlkeswa move dezi w ap goumen avè l, gen lòt moun k ap goumen avè l tou. Ou pa poukò w, e grasa èd Jewova, ou kapab pot laviktwa.

2. Ak ki move dezi kèk kretyen ak kèk etidyan Labib ka ap goumen? (Gade foto yo tou.)

2 Epitou, Bib la di: “Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l.” (Jak 1:14). Sa ki sedui yon moun gendwa se pa sa ki sedui yon lòt moun. Pa egzanp, gen kretyen ki ka anvi fè imoralite seksyèl ak moun ki pa menm sèks avè yo, e gen lòt ki ka anvi fè imoralite seksyèl ak moun menm sèks avè yo. Moun ki te konn gade pònografi e ki sispann fè sa, ka gen gwo anvi pou yo fè sa ankò. Menm bagay la ka rive anpil moun ki te konn pran dwòg oswa ki te konn bwè alkòl. Sa yo se yon seri dezi kèk kretyen ak etidyan Labib ap goumen ak yo. Petèt, nou tout te gen yon moman nan lavi n kote nou te santi n menm jan ak apot Pòl ki te ekri: “Lè m vle fè sa ki dwat, se sa ki mal ki lakay mwen.” — Wom. 7:21.

Nou ka jwenn tantasyon sanzatann, nenpòt lè e nenpòt ki kote. (Gade paragraf 2.)d


3. Ki sa yon moun ka panse si l toujou ap goumen ak yon move dezi?

3 Si w toujou ap goumen ak yon move dezi, ou ka santi w san fòs, kòmkwa w pa ka reziste avè l. Epitou, ou ka santi w sanzespwa, kòmkwa Jewova pap kite w viv pou toutan jis paske w gen move dezi. Ou mèt kwè pa gen youn nan rezònman sa yo ki laverite! Pou n ka konn rezon an, nan atik sa a, n ap egzamine de kesyon: 1) Kiyès ki ta renmen w kwè ou pa gen fòs pou w goumen ak move dezi e w sanzespwa? 2) Ki jan w ka pot laviktwa sou move dezi?

FASON “MECHAN AN” TA RENMEN NOU SANTI NOU

4. a) Poukisa Satan vle fè n santi nou pa gen fòs pou n goumen ak move dezi? b) Sa k fè nou pa san fòs nan batay n ap mennen kont move dezi?

4 Satan ta renmen nou santi n pa gen fòs pou n reziste lè n jwenn tantasyon. Jezi te montre sa aklè lè l t ap aprann disip li yo fason pou yo priye. Men sa l te di: “Pa kite nou tonbe anba tantasyon, men delivre nou anba Mechan an.” (Mat. 6:13). Satan fè konnen pa gen moun k ap obeyi Jewova lè yo jwenn tantasyon (Jòb 2:​4, 5). Fè yon ti reflechi. Sa k fè se konsa l panse? Paske se li menm ki te kite pwòp dezi l sedui l e ki pa t dispoze ret fidèl ak Jewova. Petèt li kwè nou menm jan avè l, n ap chwazi abandone Jewova lè n jwenn tantasyon. Satan te menm panse Pitit Bondye a ki te pafè te ka tonbe anba tantasyon (Mat. 4:​8, 9)! Men, fè yon ti reflechi: Èske n vrèman pa gen fòs pou n goumen ak move dezi? Repons lan se non! Nou dakò ak apot Pòl ki te ekri: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — Flp. 4:13.

5. Ki jan n fè konnen Jewova gen konfyans nou kapab pot laviktwa sou move dezi?

5 Kontrèman ak Satan, Jewova gen konfyans nou kapab reziste kont move dezi. Ki jan n fè konn sa? Paske, Jewova fè konnen ap gen yon gwo foul moun ki fidèl k ap sove nan gwo tribilasyon an. Reflechi sou sa sa vle di. Jewova, ki pa ka bay manti, di gen yon gwo foul moun, pa sèlman kèk moun, k ap antre nan monn nouvo a. “Yo lave wòb long yo, e yo blanchi yo nan san Ti Mouton an”, sa vle di nan je Jewova moun sa yo pwòp (Rev. 7:​9, 13, 14). Li klè, Jewova konnen nou gen fòs pou n reziste kont move dezi.

6-7. Poukisa Satan vle fè n santi nou sanzespwa nan konba n ap mennen kont move dezi?

6 Nonsèlman Satan ta renmen nou santi n pa gen fòs, men tou, li ta renmen n santi n sanzespwa, kòmkwa Jewova t ap kondane n jis paske nou gen move dezi. Yon lòt fwa ankò, fè yon ti reflechi. Poukisa se sa Satan ta renmen nou kwè? Se Satan ki sanzespwa, e se li menm Jewova pral detwi pou toutan (Jen. 3:15; Rev. 20:10). Pa gen dout, Satan vle nou santi n sanzespwa tou, sitou se nou menm ki pral jwenn benediksyon li pap jwenn nan. Sepandan, nou pa sanzespwa. Anfèt, Bib la ban nou asirans Jewova vle ede n, li pa vle kondane n. “Li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” — 2 Pyè 3:9.

7 Vrèmanvre, si nou kwè nou san fòs oswa nou sanzespwa nan konba n ap mennen kont move dezi, n ap panse fason Satan ta renmen nou panse a. Lè n konprann sa, sa ka ede n vin pi detèmine pou n kenbe tèt ak li. — 1 Pyè 5:​8, 9.

FASON N KA SANTI NOU LEFÈTKE NOU ENPAFÈ

8. Ki lòt bagay ki ka fè n santi n pa gen fòs e nou sanzespwa nan konba n ap mennen kont move dezi? (Sòm 51:5). (Gade “Pi byen konprann kèk ekspresyon”.)

8 Nonsèlman Satan ka fè n santi nou pa gen fòs e nou sanzespwa nan konba n ap mennen kont move dezi yo, gen yon lòt bagay ki ka fè n santi n konsa tou. Ki sa l ye? Se peche nou eritye nan premye paran nou yo.b — Jòb 14:4; li Sòm 51:5.

9-10. a) Ki jan Adan ak Èv te santi yo lè yo te fin peche? (Gade foto a tou.) b) Lefètke nou eritye peche, ki jan sa fè n santi n?

9 Ann reflechi sou fason peche te fè Adan ak Èv santi yo. Apre yo te fin dezobeyi Jewova, yo te kache e yo te eseye kouvri kò yo. Men sa liv Étude perspicace des Écritures di sou sa: “Peche te fè yo santi yo koupab, yo te santi yo boulvèse, yo te santi yo pa vo anyen e yo te wont.” Se kòmsi Adan ak Èv te fèmen anndan yon kay ki gen kat pyès sèlman. Yo te ka sot nan yon pyès al nan yon lòt, men, yo pa t ka sot nan kay la. Adan ak Èv pa t ka sot nan sitiyasyon yo te ye antanke pechè a.

10 Nòmalman, nou pa egzakteman nan menm sitiyasyon ak Adan ak Èv. Jewova pa t bay ranson an pou yo. Li te bay li pou n jwenn padon pou peche nou e pou n vin gen bon relasyon avè l (1 Kor. 6:11). Aktout sa, nou eritye peche ak enpèfeksyon. Donk, nou pa sezi dèske nou menm tou nou konn santi n koupab, nou konn santi n boulvèse, nou konn santi n pa vo anyen e nou konn santi n wont. Anfèt, Labib fè konnen peche kontinye kenbe lèzòm anba grif li. E li fè “menm [...] moun ki pa [...] peche menm jan Adan te peche a” sa (Wom. 5:14). Men, nou pa ta dwe santi lefètke nou fèt nan peche nou pap janm gen fòs pou n fè sa ki dwat e nou sanzespwa. Nou kapab goumen ak santiman negatif sa yo. Ki jan n ka fè sa?

Adan ak Èv k ap kite jaden Edenn nan tou wont, yo gen rad ki fèt ak po bèt sou yo.

Peche te fè Adan ak Èv santi yo koupab, yo te santi yo boulvèse, yo te santi yo pa vo anyen, e yo te wont. (Gade paragraf 9.)


11. Si n santi nou pa gen fòs pou n goumen ak move dezi, ki sa Women 6:12 di pou n fè?

11 Piske nou enpafè, pafwa, nou ka santi nou pa gen fòs pou n goumen ak move dezi. Se kòmsi nou tande yon vwa ki anndan nou k ap di nou nou pap janm ka pot laviktwa sou move dezi sa yo. Men, nou pa ta dwe koute vwa sa a. Sa k fè sa? Paske Labib montre nou pa dwe kite peche kontinye “domine antanke wa” sou nou. (Li Women 6:12.) Sa vle di nou kapab chwazi pa kite move dezi gen kontwòl nou (Gal. 5:16). Jewova gen konfyans nou kapab reziste lè n jwenn tantasyon. Si l pa t kwè sa, li pa t ap mande nou sa (Det. 30:​11-14; Wom. 6:6; 1 Tes. 4:3). Pa gen dout, nou kapab jwenn fòs pou n goumen ak move dezi.

12. Ki jan n ta dwe reyaji lè n santi nou sanzespwa, e poukisa?

12 Menm jan an tou, lè n santi n sanzespwa, kòmkwa nou santi Jewova ap kondane n jis paske nou gen move dezi, nou ka konsidere sa tankou se enpèfeksyon nou gen lakay nou k ap pale avè n, e nou pa dwe koute l. Sa k fè sa? Paske Labib montre Jewova konnen nou se pechè (Sòm 103:​13, 14). “Li konn tout bagay” sou nou, san wete divès fason peche nou eritye a fè n gen yon seri move tandans (1 Jan 3:​19, 20). Si n kontinye goumen ak tandans nou genyen pou n fè sa ki mal e n pa fè sa kè n ap pouse n fè a, Jewova ap konsidere nou pwòp. Sa k fè nou ka kwè sa?

13-14. Lefètke nou konn gen move dezi, èske sa vle di nou pa ka fè Jewova plezi? Esplike.

13 Bib la montre gen yon gwo diferans ant pratike sa ki mal (yon bagay nou ka gen kontwòl li) ak dezi pou n fè sa ki mal (yon bagay ki ka rive san n pa t vle). Pa egzanp, gen kèk frè nan kongregasyon Korent nan premye syèk la ki te konn kouche ak lòt gason. Pòl te ekri: “Se sa kèk nan nou te ye.” Èske sa vle di yo pa t janm anvi kouche ak lòt gason ankò? Li pa t ap rezonab pou n kwè sa, paske byen souvan, anvi sa yo konn anrasinen byen fon lakay yon moun. Men, kretyen ki te fè efò pou yo gen metriz e ki pa t kite move dezi yo genyen fè yo tonbe nan peche te gen favè Jewova. Nan yon sans, Jewova te “lave” yo (1 Kor. 6:​9-11). Li kapab fè menm bagay la pou ou tou.

14 Kèlkeswa move dezi ou genyen, ou ka pot laviktwa sou yo. Menmsi ou pa kapab elimine yo, ou kapab metrize tèt ou pou w pa kontinye “fè yon seri bagay ni chè [w] ni lide [w] vle [w] fè”. (Efe. 2:3.) Ki sa w ka fè ki ka ede w pot laviktwa sou move dezi?

SA W BEZWEN FÈ POU W POT LAVIKTWA SOU MOVE DEZI

15. Pou n pot laviktwa sou move dezi, poukisa nou bezwen onèt ak tèt nou?

15 Pou w pot laviktwa sou move dezi w genyen, w ap bezwen onèt ak tèt ou, w ap bezwen rekonèt feblès ou. Veye pou w pa twonpe tèt ou ak “fo rezònman”. (Jak 1:22.) Pa egzanp, èske w konn di tèt ou: ‘Gen moun ki bwè plis pase m’, oswa èske w konn lage chay la sou do lòt moun lè w di yon seri bagay tankou: ‘Mwen pa t ap anvi gade pònografi si madanm mwen te ban m plis afeksyon.’ Lè w met nan tèt ou sa w fè a pa twò grav, l ap pi fasil pou w tonbe nan tantasyon. Donk, pa chèche eskiz pou bagay mal w ap fè. Pa menm fè sa nan lespri w. Se ou ki responsab sa w fè. — Gal. 6:7.

16. Ki jan w ka vin gen plis detèminasyon pou w fè sa ki dwat?

16 Nonsèlman w bezwen onèt ak tèt ou parapò ak feblès ou genyen, w ap bezwen pran plis detèminasyon pou w pa kite feblès ou genyen yo fè w tonbe nan peche (1 Kor. 9:​26, 27; 1 Tes. 4:4; 1 Pyè 1:​15, 16). Reflechi ak sa ki plis yon tantasyon pou ou e ki lè w konn gen tantasyon. Se ka yon kalite tantasyon w abitye genyen oswa yon moman nan jounen an li pi fasil pou w gen tantasyon. Pa egzanp, èske l pi difisil pou w reziste kont yon tantasyon lè w fatige oswa byen ta lannuit? Donk, prepare w pou w konn sa w ap fè pou w pwoteje tèt ou lè sa rive. Pi bon lè pou w fè sa se anvan w jwenn tantasyon an. — Pwo. 22:3.

17. Ki sa n ka aprann nan egzanp Jozèf? (Jenèz 39:​7-9). (Gade foto yo tou.)

17 Reflechi sou fason Jozèf te reyaji lè madan Potifa t ap chèche sedui l. Li te di l non menm kote a. (Li Jenèz 39:​7-9.) Ki sa sa montre? Jozèf te konn egzakteman ki jan l ap aji ak yon fi ki deja marye anvan madan Potifa te eseye sedui l. Menm jan an tou, ou ka chèche gen plis detèminasyon pou w fè sa ki dwat anvan w jwenn yon tantasyon. Konsa, lè w jwenn tantasyon, l ap pi fasil pou w fè sa ki dwat paske w te deja deside sa w ap fè.

Foto ki ansanm: 1. Jozèf k ap kouri pou madan Potifa ki kenbe rad Jozèf ak men l. 2. Yon frè ki nan adolesans li k ap refize avans yon jèn fi nan lekòl li ap fè l.

Kouri pou tantasyon san pèdi tan, menm jan ak Jozèf! (Gade paragraf 17.)


“KONTINYE TESTE SA NOU MENM NOU YE”

18. Ki jan w ka pot laviktwa sou move dezi? (2 Korentyen 13:5).

18 Pou w pot laviktwa sou move dezi, w ap bezwen “kontinye teste” sa ou menm ou ye, sa vle di w ap bezwen kontinye egzamine tèt ou regilyèman pou w wè ki jan w ye. (Li 2 Korentyen 13:5.) Tanzantan, gade pou w wè sou ki sa w konn ap reflechi ak fason w konn aji, epi fè chanjman ki nesesè yo. Pa egzanp, menm lè w rive reziste devan yon tantasyon, ou kapab mande tèt ou: ‘Konbyen tan sa te pran pou m di non?’ Si w rann ou kont ou pa t di non tousuit, ou pa bezwen kondane tèt ou. Okontrè, panse ak sa w kapab fè pou w pwoteje tèt ou pi byen. Pa egzanp, mande tèt ou: ‘Èske m ka pran mwens tan pou m elimine move panse ki vin nan lespri m? Èske divètisman mwen chwazi yo fè l pi difisil pou m reziste kont tantasyon? Èske m kouri vire tèt mwen lè je m tonbe sou yon imaj ki imoral? Èske m konprann poukisa prensip Jewova yo toujou pi bon, menm lè sa mande pou m gen metriz?’ — Sòm 101:3.

19. Ki jan ti desizyon nou pran ki pa bon ka fè l pi difisil pou n konbat move dezi nou genyen?

19 Toutpandan w ap egzamine tèt ou, pa chèche eskiz pou move konpòtman w genyen. Men sa Bib la di: “Kè a pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm.” (Jer. 17:9). Jezi te di se nan kè a “move rezònman” soti (Mat. 15:19). Pa egzanp, yon moun ki gen yon bon bout tan depi l sispann gade pònografi ka panse pa gen anyen ki mal pou l gade yon seri foto kote moun yo pa fin toutouni nèt, men ki ka fè moun gen dezi seksyèl. Oswa, li ka di tèt li: ‘Pa gen anyen ki mal pou m imajine mwen menm k ap fè yon seri bagay imoral, depi m pa fè yo vre.’ Yon moun ki panse konsa, nan yon sans, ap “fè pwojè pou [l] satisfè dezi lachè”. (Wom. 13:14.) Ki sa w ka fè pou sa pa rive? Lè w pran ti desizyon ki pa bon, sa ka fè w vin pran gwo desizyon ki pa bon ki ka fè w tonbe nan peche. Veye pou sa pa rive wc. Epitou, kèlkeswa panse oswa “move rezònman” ki ka fè w vin gen tandans chèche eskiz pou w fè sa ki mal, voye yo jete.

20. Ki esperans nou gen pou lavni, e ki èd nou genyen depi kounye a?

20 Jan nou te aprann sa, grasa èd Jewova, ou kapab jwenn fòs pou w reziste kont tantasyon. Epitou, lefètke Jewova fè n mizèrikòd, nou gen espwa pou n viv pou toutan nan monn nouvo a. Se pa ti kontan n ap kontan sèvi Jewova san n pa bezwen goumen ak move dezi! Jiskaske moman sa a rive, nou kapab sèten nou pa ni san fòs ni sanzespwa nan konba n ap mennen kont move dezi. Jewova ap beni efò n ap fè. Nou kapab pot laviktwa!

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa k ka ede n si n santi n pa gen fòs pou n reziste lè n jwenn tantasyon e si n santi n sanzespwa?

  • Ki sa n ka fè pou n pa kite peche “domine antanke wa” sou nou?

  • Ki jan nou ka “kontinye teste sa nou menm nou ye”?

KANTIK 122 Se pou nou vin fèm, san nou pa brannen!

a Men ki jan tradiksyon ki rele Bib la tradui vèsè sa a: “Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou.”

b PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan Bib la, byen souvan, mo “peche” a gen rapò ak yon bagay mal yon moun fè tankou: vòlè, adiltè oswa zak asasinay (Egz. 20:​13-15; 1 Kor. 6:18). Sepandan, nan kèk lòt vèsè, mo “peche” a gen rapò ak yon sitiyasyon nou ladan l depi lè nou fèt, menm lè nou potko fè anyen ki mal.

c Remake jèn gason Pwovèb 7:​7-23 pale de li a te pran yon seri ti desizyon ki pa t bon anvan l te vin pran yon gwo desizyon ki pa t bon ki te fè l tonbe nan imoralite seksyèl.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Agoch: Pandan yon jèn frè chita nan yon ti restoran, li wè de gason k ap bay youn lòt afeksyon. Adwat: Yon sè ki wè de moun k ap fimen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje