SA W BEZWEN FÈ LÈ W AP ETIDYE
Fason w ka byen sèvi ak referans ki nan mitan paj yo
Referans ki nan mitan paj Labib— Tradiksyon monn nouvo a montre amoni ki gen nan Bib la. Referans sa yo voye n nan lòt vèsè ki ban nou plis enfòmasyon. Yon referans se yon ti lèt yo met apre yon mo. Nan Bib enprime a, chèche menm ti lèt la nan mitan kolòn nan pou w jwenn vèsè ki gen rapò ak vèsè w ap egzamine a. Sou jw.org oswa nan aplikasyon JW Library® a, tape sou ti lèt la pou w jwenn vèsè yo bay kòm referans yo.
Referans ki nan mitan paj yo ka pèmèt ou jwenn nenpòt nan bagay ki vin annapre yo, e menm plis enfòmasyon toujou:
Vèsè ki pale sou menm bagay: Referans lan pèmèt ou jwenn lòt vèsè ki pale sou menm bagay. Pa egzanp, gade 2 Samyèl 24:1 ak 1 Kwonik 21:1.
Sitasyon: Referans lan montre ki kote yon fraz oswa yon ekspresyon soti. Pa egzanp, gade Matye 4:4 ak Detewonòm 8:3.
Pwofesi ki reyalize: Referans lan makònen yon pwofesi ak fason l reyalize. Pa egzanp, gade Matye 21:5 ak Zakari 9:9.