ATIK ETID 37
KANTIK 114 “Montre nou gen pasyans”
Pi bon fason pou n reyaji devan enjistis
“Li t ap tann jistis, men, gade! Se enjistis ki genyen.” — EZA. 5:7.
PWEN KLE
Nou pral aprann sa Jezi te fè lè l te wè yo fè lòt moun enjistis epi nou pral wè fason nou kapab imite l.
1-2. Ki jan anpil moun reyaji lè yo wè moun k ap fè lòt moun enjistis, e ki kesyon nou ka ap poze tèt nou?
N AP viv nan yon monn ki pa gen jistis. Anpil moun sibi enjistis akoz yo pa gen anpil lajan, akoz kote yo soti, ras yo oswa lòt rezon ankò. Yo soufri akoz pwoblèm anviwònman an ap bay, yon seri pwoblèm biznismann ki gen anpil lajan ak politisyen ki kòwonpi lakòz oswa yo fè vin pi mal. Sa yo se kèk pami anpil enjistis nou menm oswa lòt moun nou konnen konn sibi.
2 Nou pa sezi lè nou wè anpil moun fache akoz enjistis yo wè ki gen nan monn nan jodi a. Nou tout ta renmen viv nan yon monn kote nou santi nou an sekirite e nou gen lapè. Gen kèk moun ki eseye rezoud pwoblèm yo wè ki gen nan monn nan oswa nan peyi yo. Yo fè manifestasyon kont gouvènman yo ak lwa yo tabli yo oswa yo vote pou politisyen ki pwomèt yo y ap konbat enjistis. Men, antanke kretyen, Bib la fè nou konnen nou “pa fè pati monn nan” e nou dwe ret tann Wayòm Bondye a elimine tout enjistis ki genyen (Jan 17:16). Malgre sa, nou toujou santi nou tris e pafwa nou santi nou fache lè nou wè moun k ap maltrete lòt moun. Sa ka fè nou mande tèt nou: ‘Ki jan m ta dwe reyaji? Èske gen yon bagay m kapab fè pou m konbat enjistis depi kounye a?’ Pou n reponn kesyon sa yo, toudabò, annou wè fason Jewova ak Jezi santi yo lè yo wè moun k ap fè lòt moun enjistis.
JEWOVA AK JEZI RAYI ENJISTIS
3. Poukisa li nòmal pou n santi nou fache lè nou wè enjistis? (Ezayi 5:7.)
3 Bib la ban nou rezon ki fè li nòmal pou sa deranje n lè nou wè enjistis. Se paske Jewova kreye nou pòtre avè l. Anplis de sa, “li renmen ladwati e li renmen jistis”. (Sòm 33:5; Jen. 1:26.) Li pa janm fè enjistis e li pa vle pèsonn fè lòt moun enjistis (Det. 32:3, 4; Miche 6:8; Zak. 7:9)! Pa egzanp, nan epòk pwofèt Ezayi a, Jewova te tande “rèl” anpil Izrayelit te fè “pou mande sekou” akoz moun nan peyi a t ap fè yo enjistis. (Li Ezayi 5:7.) Jewova te pini moun sa yo ki te kontinye dezobeyi lwa l yo e ki t ap fè lòt moun enjistis. — Eza. 5:5, 13.
4. Ki jan yon istwa nou jwenn nan Evanjil yo montre nou fason Jezi wè enjistis? (Gade foto a tou.)
4 Menm jan ak Jewova, Jezi renmen jistis e li rayi enjistis. Pandan l te sou tè a, li te wè yon mesye ki te gen yon men pòk. Jezi te gen pitye pou mesye sa a e l te geri men an. Men, lè chèf relijye yo te wè sa, yo te fache, yo te plis enterese pou fè aplike lwa Saba a yon fason ki strik olye yo te ede mesye sa a ki t ap soufri. Ki jan Jezi te santi l lè l te wè fason yo te reyaji? “Li vin tris anpil lè l wè jan kè yo di.” — Mak 3:1-6.
Chèf relijye juif yo pa t gen konpasyon pou moun ki te nan nesesite yo, men Jezi te gen konpasyon pou yo. (Gade paragraf 4.)
5. Ki sa nou dwe sonje si nou ta an kòlè akoz nou menm oswa yon lòt moun sibi yon enjistis?
5 Piske Jewova ak Jezi fache lè yo wè enjistis, se pa yon bagay ki mal si n santi n konsa tou (Efe. 4:26). Men, nou dwe sonje lè nou an kòlè, menmsi se pou yon bon rezon, sa pap rezoud pwoblèm enjistis la. Anfèt, si nou kontinye ret an kòlè pandan anpil tan, nou ka vin malad oswa nou ka fè depresyon (Sòm 37:1, 8; Jak 1:20). Kidonk, ki jan nou ta dwe reyaji lè yo fè nou menm oswa lòt moun enjistis? Nou ka aprann nan egzanp Jezi bay sou kesyon sa a.
FASON JEZI TE REYAJI LÈ L TE WÈ ENJISTIS
6. Ki kalite enjistis ki te konn fèt souvan lè Jezi te sou tè a? (Gade foto a tou.)
6 Lè Jezi te sou tè a, li te wè anpil enjistis. Li te wè jan chèf relijye yo te konn toupizi moun yo nan pèp la (Mat. 23:2-4). Li te wè jan otorite women yo te konn trete moun yo yon fason ki di. Anpil Juif te vle pran endepandans yo anba Women yo. Gen kèk Juif, tankou Zelòt yo, ki te fòme yon seri gwoup pou yo te ka goumen kont Women yo. Men, Jezi pa t fè pati okenn gwoup ki t ap goumen pou chanje gouvènman. Lè Jezi te aprann moun yo t ap planifye pou yo fè l vin wa, li te wete kò l. — Jan 6:15.
Jezi te wete kò l lè yon seri moun te vle fè l antre nan kesyon politik nan epòk li a. (Gade paragraf 6.)
7-8. Lè Jezi te sou tè a, poukisa l pa t eseye elimine enjistis? (Jan 18:36.)
7 Lè Jezi te sou tè a, li pa t eseye travay ak sistèm politik ki te gen nan epòk la pou l elimine enjistis. Poukisa? Se paske li te konnen lèzòm pa gen ni dwa, ni kapasite pou yo dirije tèt yo (Sòm 146:3; Jer. 10:23). Epitou, yo pa kapab elimine sa ki lakòz enjistis. Se Satan Ledyab, yon kreyati espirityèl ki mechan, k ap dirije monn sa a e li sèvi ak otorite l pou l ankouraje moun fè enjistis (Jan 8:44; Efe. 2:2). Mete sou sa, peche fè li enposib menm pou moun ki gen bon entansyon yo pou yo aji yon fason ki jis nan tout okazyon. — Ekl. 7:20.
8 Jezi te konnen se sèl Wayòm Bondye a k ap kapab elimine sa ki lakòz enjistis. Se pou rezon sa a, li te sèvi ak tan l ak enèji l pou l “preche e [pou l] anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lik 8:1.) Li te bay tout “moun ki swaf pou se sa ki jis ki fèt” yo asirans koripsyon ak enjistis ap fini yon lè (Mat. 5:6; Lik 18:7, 8). Sepandan, se pa lèzòm k ap fè sa, men se gouvènman Bondye a k ap dirije nan syèl la, yon gouvènman ki “pa fè pati monn sa a”, ki pral fè sa. — Li Jan 18:36.
IMITE JEZI LÈ N DEVAN ENJISTIS
9. Ki sa k konvenk ou se sèl Wayòm Bondye a ki pral elimine enjistis?
9 Jodi a, nou wè plis enjistis lontan pase Jezi lè l te sou tè a. Menm jan sa te ye nan epòk Jezi a, se Satan ansanm ak monn mechan ki anba kontwòl li a ki lakòz gen enjistis “nan dènye jou yo”. (2 Tim. 3:1-5, 13; Rev. 12:12.) Menm jan ak Jezi, nou konnen se sèl Wayòm Bondye a k ap elimine sa ki lakòz enjistis. Piske se Wayòm nan n ap soutni, nou refize patisipe nan mach, nan manifestasyon ak nan lòt efò monn nan ap fè pou elimine enjistis. Fè yon ti reflechi sou eksperyans yon sè ki rele Stacya te fè. Anvan Stacy te aprann laverite, byen souvan li te konn al nan manifestasyon. Men, rive yon lè, li te kòmanse gen dout sou sa l t ap fè a. Men sa l di: “Lè m te nan manifestasyon sa yo, mwen te konn ap mande tèt mwen si m te nan bon bò a. Kounye a, se Wayòm Bondye a m ap soutni, mwen konnen mwen nan bon bò a. Mwen konnen Jewova ap goumen pou kèlkeswa moun ki viktim enjistis e l ap fè sa pi byen lontan pase m.” — Sòm 72:1, 4.
10. Selon Matye 5:43-48, poukisa nou pa eseye chanje lwa yo ak gouvènman yo? (Gade foto a tou.)
10 Anpil moun jounen jodi a, antre nan yon seri gwoup k ap eseye chanje gouvènman yo. Men, anpil nan yo konn vin tèlman fache, yo dezobeyi lwa yo e yo fè lòt moun soufri. Se pa sa Jezi te anseye nou pou n fè (Efe. 4:31). Men sa yon frè ki rele Jeffrey fè konnen: “Mwen konnen yon manifestasyon ki sanble pasifik ka vin gen vyolans ak dechoukay nan yon bat je.” Men, Jezi te aprann nou pou n renmen tout moun, menm moun ki pa dakò avè n oswa k ap pèsekite n. (Li Matye 5:43-48.) Antanke kretyen, nou fè tout sa n kapab pou n evite fè kèlkeswa bagay ki pa ann amoni ak modèl Jezi te kite pou nou an.
Nou bezwen gen kouraj pou n pa pran pozisyon nan pwoblèm ki gen nan monn nan. (Gade paragraf 10.)
11. Poukisa li ka difisil pafwa pou n imite Jezi?
11 Byenke nou konnen Wayòm Bondye a pral rezoud pwoblèm enjistis nètale, nou ka twouve l difisil pou n imite Jezi lè yo fè nou enjistis. Ann egzamine sa k te rive yon sè ki rele Janiya, apre l te fin sibi prejije. Men sa l di: “Sa moun yo te di yo te fè m tris anpil. Epitou, m te fache anpil e m te vle pou yo pini moun sa yo. Kèk tan apre, m te kòmanse anvi soutni yon gwoup k ap lite kont rasis ak prejije. M te panse sa t ap fè m santi m pi byen.” Men, rive yon lè, Janiya te vin rann li kont li te bezwen fè kèk chanjman. Men sa l di: “M te kite lòt moun fè m chanje fason m panse. M te kite yo fè m met konfyans mwen nan lèzòm olye m mete l nan Jewova. M te deside koupe tout kontak ak gwoup sa a.” Byenke nou ka santi nou fache lè nou menm oswa lòt moun sibi enjistis, nou dwe fè anpil atansyon pou n metrize kòlè nou epi evite fè pati monn nan nan kèlkeswa sikonstans lan. — Jan 15:19.
12. Poukisa nou dwe pran prekosyon ak sa n ap li, sa n ap tande ak sa n ap gade?
12 Ki sa k ka ede nou metrize kòlè n lè yo fè nou menm oswa lòt moun enjistis? Anpil moun wè sa ede yo lè yo pran prekosyon ak sa y ap li, sa y ap tande ak sa y ap gade. Gen kèk istwa yo rakonte sou Entènèt nan objektif pou yo choke moun e pou pouse yo leve kont gouvènman yo. Byen souvan, jounalis yo bay opinyon pèsonèl yo, men se pa sa k te pase toutbonvre a. Menmsi yon enfòmasyon egzak, se pa lè nou kontinye ap li sijè konsènan sa k te pase a n ap rive rezoud pwoblèm yo. Anfèt, si nou pase anpil tan ap koute oswa li nouvèl sa yo, nou ka menm vin strese, nou ka vin tris e nou ka vin an kòlè (Pwo. 24:10). Sa k pi mal la, nou ka menm sispann mete Wayòm Bondye a an premye nan lavi nou e nou ka bliye se sèl Wayòm nan ki pral rezoud tout pwoblèm enjistis lakòz.
13. Lè nou li Bib la chak jou, ki jan sa kapab ede n lè yo fè nou menm oswa lòt moun enjistis?
13 Si nou li Bib la chak jou e nou reflechi sou sa nou li a, sa ap ede n konnen ki pi bon fason pou n reyaji lè yo fè nou menm oswa lòt moun enjistis. Gen yon sè ki rele Alia ki te gen anpil pwoblèm lè l te wè jan lòt moun t ap maltrete moun ki nan kominote l la. Li te fache anpil paske yo pa t pini moun ki t ap fè bagay mal sa yo. Men sa l te di: “M te oblije fè yon ti chita pou m mande tèt mwen: ‘Èske m kwè toutbon Jewova pral rezoud pwoblèm sa yo?’ Lè sa a, mwen te li Jòb 34:22-29. Vèsè sa yo te fè m sonje Jewova wè tout bagay. Se li menm sèl ki kapab fè moun jwenn jistis yon fason ki pafè e se li menm sèl ki pral rezoud pwoblèm yo.” Men, toutpandan n ap tann Wayòm Bondye a rezoud pwoblèm yo, ki sa nou kapab fè depi kounye a?
SA NOU KA FÈ DEPI KOUNYE A
14. Ki sa nou kapab fè pou evite gen plis enjistis nan monn nan? (Kolosyen 3:10, 11.)
14 Nou pa kapab chanje fason moun aji ak lòt moun, men nou kapab fè efò pou nou byen aji ak lòt moun. Jan n te wè sa anvan sa, nou imite Jezi lè n demontre lanmou. Lanmou sa a ap pouse n aji ak lòt moun avèk respè, menm ak moun k ap fè enjistis yo (Mat. 7:12; Wom. 12:17). Jewova kontan lè n aji ak lòt moun avèk jantiyès e yon fason ki jis. — Li Kolosyen 3:10, 11.
15. Lè n pataje verite ki nan Bib la ak moun yo, ki jan sa kapab ede yo?
15 Pi bon fason nou ka reyaji devan enjistis se lè n pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun. Poukisa nou di sa? Se paske lè yon moun ki vyolan vin gen “konesans sou Jewova”, sa ka transfòme lavi l, sa ka fè l vin yon bon moun ki renmen lapè (Eza. 11:6, 7, 9). Gen yon mesye ki rele Jemal ki fè konnen anvan l te aprann laverite, li te antre nan yon gwoup rebèl ki t ap goumen kont yon rejim li te panse ki t ap toupizi moun yo. Men sa l di: “Ou pa ka fòse moun chanje. Se pa fòse yo te fòse m chanje, men se verite m te aprann nan Bib la ki te fè m chanje.” Sa Jemal te aprann yo te ankouraje l pou l sispann goumen. Plis gen moun verite nan Bib la transfòme lavi yo, se mwens ap gen moun k ap fè lòt moun enjistis.
16. Ki sa k fè w detèmine pou w pale ak moun yo sou Wayòm Bondye a?
16 Menm jan ak Jezi, nou chofe pou n fè moun yo konnen Wayòm Bondye a pral rezoud pwoblèm enjistis la pou toutan. Esperans sa a kapab ankouraje moun ki te sibi enjistis yo (Jer. 29:11). Men sa Stacy, nou te site pi wo a fè konnen: “Lefètke m te aprann laverite, sa te ede m byen reyaji lè mwen menm oswa lòt moun te sibi enjistis. Jewova sèvi ak mesaj ki nan Bib la pou l konsole m.” Pou n ka pataje mesaj konsolasyon ki nan Bib la konsènan solisyon enjistis, nou bezwen byen prepare. Plis nou gen konviksyon sa n te aprann nan atik sa a ki soti nan Bib la se laverite, se plis n ap pare e n ap konnen ki jan pou n pale sou sijè sa a nan lekòl nou oswa nan travay nou.b
17. Ki jan Jewova ede nou fè fas ak enjistis?
17 Toutotan Satan se “chèf monn nan”, nou konnen n ap gen pou n fè fas ak enjistis. Men, nou konnen bagay yo ap vin pi bon, paske Jewova pwomèt l ap ede nou depi kounye a e l ap elimine Satan ak tout mechanste (Jan 12:31). Pa mwayen Bib la, nonsèlman Jewova fè nou konnen rezon ki fè gen tout enjistis sa yo, men tou, li fè nou konnen jan l gen sousi pou moun ki sibi enjistis yo (Sòm 34:17-19). Pa mwayen Pitit gason l lan, Jewova anseye nou fason n dwe reyaji lè n devan enjistis ak fason Wayòm nan pral elimine enjistis nètale (2 Pyè 3:13). Kidonk, ann kontinye fè tout sa n kapab pou n preche bon nouvèl Wayòm Bondye a toutpandan n ap ret tann epòk kote se “sa ki jis ak sa ki dwat” ki pral fèt toupatou sou tè a. — Eza. 9:7.
KANTIK 158 “Li pap anreta!”
a Gen kèk non yo chanje.
b Gade tou pwen 24-27 ki nan apendis A nan bwochi Renmen moun, epi fè disip la.