Tèks pou ane 2016 la
“Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo.” — Ebre 13:1.
“Anpil moun [...] pral rayi [youn] lòt [...]. Lanmou pifò moun ap vin rafredi.” (Mat. 24:10, 12). Pawòl sa yo Jezi te di a montre jan moun yo t apral manke lanmou nan ane ki te vin anvan destriksyon Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an. Yon lòt bò, moun yo t ap ka idantifye disip Kris yo grasa lanmou yo te gen nan mitan yo (Jan 13:35). Se pa ti ankouraje sa dwe te ankouraje kretyen ki t ap viv Jerizalèm yo lè yo te li pawòl Pòl te di yo ki met aksan sou lanmou frè yo gen nan mitan yo e ki te ankouraje yo pou yo kontinye demontre lanmou sa a!
Jodi a, nou toupre destriksyon tout sistèm Satan an nèt. Menm jan ak frè nou yo nan premye syèk la, n ap viv nan mitan moun ki renmen lajan, plezi ak tèt yo, men, ki prèske pa gen lanmou pou Bondye ak pwochen yo (2 Tim. 3:1-4). Sepandan, toupatou sou tè a, Temwen Jewova yo kontinye montre yo gen lanmou pou frè yo. Annou fè louwanj pou Jewova, li menm ki se lanmou, lè n kontinye gen lanmou pou frè yo.