KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A
“Nou renmen Tele JW a anpil!”
JOU ki te 6 oktòb 2014 la, yo te kòmanse fè aranjman pou eseye yon estasyon televizyon sou Entènèt nan lang anglè ki rele Tele JWa. Depi mwa out 2015, yo gentan tradui pwogram nan nan 70 lang yon fason pou plis frè ak sè ka pwofite emisyon espirityèl ankourajan sa yo. Gen anpil moun k ap gade emisyon yo toupatou nan monn nan ki te montre jan yo apresye bèl nouvo dispozisyon sa a. Men, ki valè travay sa te mande pou Tele JW a fonksyone?
Nou te bezwen yon espas ki apwopriye. Nan Syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin, Nouyòk, yo te chwazi yon bon kote nan bilding ki nan nimewo 30 Columbia Heights la. Nan sèlman yon semèn, yo te gentan vide espas yo te chwazi a epi Depatman mentnans lan te kòmanse prepare espas la pou emisyon televizyon an toutpandan ekip ki konn fè plan an t ap trase plan yon stidyo ki diy e ki modèn. Gen anpil frè ak sè toupatou Ozetazini ki te fè anpil jounen byen long ap travay pou yo desine plan stidyo a e pou yo planifye fason yo ka konstwi l byen vit. Gen kèk materyèl nòmalman sa konn pran plizyè mwa pou n chèche yo, men nou te rive fè rechèch sa yo nan kèk jou, e Depatman acha a pa t pran tan pou l kòmanse travay e l te plase kòmann pou plizyè santèn bagay nou te bezwen.
Yo te enstale plizyè kilomèt kab e ekip la te bezwen asire l tout ekipman yo ap byen fonksyone ansanm. Pandan tan sa a, grasa èd plizyè frè ak sè ki soti nan anpil peyi e ki te la pou anrejistreman yo abitye fè yo, òkès nou an te anrejistre mizik pwogram nan nan stidyo odyo/videyo nou an ki nan Patèsonn. Yo te ekri pawòl yo, yo te fè aranjman pou repwodui kèk sèn, epi, ekip odyo/videyo ki nan Bwouklin, Patèsonn, Wallkill ak nan kèk peyi toupatou nan monn nan te travay di pou pwodui videyo a. Lè stidyo a te fini e yo te fin enstale ekipman yo, yo te kòmanse prepare materyèl pou emisyon yo t apral fè pou mwa ki t ap vini yo.
Stidyo anrejistreman Tele JW a nan Bwouklin, Nouyòk.
Lè yo te mande yon pwofesyonèl nan domèn nan konbyen tan nòmalman sa konn pran pou met yon stidyo menm gwosè a kanpe, li te di nòmalman sa konn pran ennan edmi. Frè ak sè nou yo te travay di pou yo fè l nan sèlman de mwa!
Rezilta a vrèman enpresyonan! An jeneral, yo poste pwogram ki parèt chak mwa a chak premye lendi nan mwa a, e gen plis pase de milyon moun ki gade l nan mwa yo poste l la. Moun yo gade tout lòt videyo yo ansanm ak emisyon yo plis pase 10 milyon fwa chak mwa.
“Pwogram nan fè m vin pi pwòch òganizasyon Jewova a ak Kolèj santral la. Mwen konnen m fè pati yon fanmi ki chaje lanmou.” — Kenya.
Ki jan pèp Jewova a konsidere nouvo dispozisyon sa a? Ann wè kèk kòmantè yo fè pou yo montre jan yo apresye l:
“Se youn nan pi bèl sware nan lavi m! Aswè a, mwen menm ak madanm mwen fin gade pwogram Tele JW a pou mwa me 2015 lan, e m kontan jis mwen pa konnen. Se youn nan kado ki gen plis valè mwen resevwa nan men Jewova. Nou remèsye Kolèj santral la ak tout frè ak sè ki te fè tout travay di sa yo pou bèl dispozisyon sa a.” — Endonezi.
“Sa pa gen twò lontan depi anpil nan frè ak sè nou yo pa t janm konn tande yon manm Kolèj santral la k ap bay diskou. Kounye a, nonsèlman nou ka tande yo, men, nou ka wè yo tou. Nou pa t janm santi n fè youn ak Kolèj santral la ansanm ak frè ak sè n yo toupatou sou tè a konsa!” — Kenya.
“Etandone mari m pa nan laverite, li difisil pou m fè adorasyon an fanmi ak de pitit mwen yo ki adolesan. Donk, pèsonèlman, pa gen anyen ki ka konpare ak emisyon yo. Yo fè m santi m fè pati òganizasyon an e yo bay mwen menm ak timoun yo anpil ankourajman. Se vrèman yon benediksyon Jewova ban nou.” — Grann Bretay.
“Nou renmen Tele JW a anpil! Nou te jwenn repons priyè nou yo lè pwogram nan te vin disponib nan lòt lang. Se nou menm frè nou yo ki plis ankouraje nou, lè n wè lajwa, jantiyès ak kè kontan nou demontre nan adorasyon Jewova a. Depi lè pwogram tele nou an kòmanse a, nou vin santi n plis fè pati bèl òganizasyon Jewova a pase nenpòt lòt lè.” — Repiblik tchèk.
“Lè m ap koute manm Kolèj santral yo nan pwòp lang pa m, sa fè m vin pi pwòch ak Jewova.” — Brezil.
“Mwen gen 16 an depi m ap sèvi Jewova, men santiman ak jwa m genyen jodi a se sèlman lè m te batize a m te genyen l. Frè m yo, mèsi pou Tele JW a.” — Brezil.
Avèk èd Jewova, nou gen konfyans Tele JW a ap kontinye pote yon pakèt benediksyon espirityèl pou frè nou yo nan lemonnantye e l ap fè Jewova jwenn plis louwanj ak plis glwa.
a Nou ka jwenn Tele JW a sou sit tv.jw.org la.