KÈK PWEN ENTERESAN NAN ANE KI SOT PASE A
Limyè a kontinye ap vin pi klere
ETANDONE vrè adoratè yo rekonèt se Jewova ki bay limyè espirityèl la, yo chofe pou yo mande Bondye pou ‘limyè l la ak verite l la’ gide yo (Sòm 43:3). Toutpandan monn nan nan yon fènwa espirityèl pwès, vrè Dye a kontinye ap fè limyè l la briye sou pèp li a. Kòm rezilta, chemen pèp li a vin “tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere”. (Pwo. 4:18.) Limyè Jewova bay ki pa sispann ogmante a kontinye ap klere chemen yo nan domèn òganizasyon, nan kesyon doktrin ak nan domèn moral. Ki ajisteman nou te fè nan kwayans nou yo nan ane ki sot pase yo?