BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 130-131
  • Kote nou te ye depi tan sa a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kote nou te ye depi tan sa a?
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Yo te aji yon fason ki dou fas ak de prèt vyolan
    Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Yon trezò ki te kache pandan plizyè syèk
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Mwen te wè ak de je m sa Bib la di!
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Lanmou vrè kretyen yo pa janm fayi
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
Gade plis
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 130-131

JÒJI

Kote nou te ye depi tan sa a?

Artur Gerekhelia

  • NESANS: 1956

  • BATÈM: 1991

  • PWOFIL: Uit mwa sèlman apre l fin batize, li kite kay li ak yon biznis k ap byen mache pou l al sèvi kote ki gen gwo bezwen pwoklamatè.

Artur Gerekhelia

MWEN te fèk batize lè ansyen yo te mande m si pa ta renmen fè plis nan travay predikasyon an. Jou ki te 4 me 1992 la, mwen te asiste yon reyinyon espesyal yo te fè pou moun ki te pare pou al sèvi kote ki gen gwo bezwen pwoklamatè. Nan demen, mwen menm ak yon lòt frè t al rete nan pò Batoumi an, nan rejyon Ajarya a.

Premye fwa m te preche nan Batoumi, m te strese anpil. M t ap mande tèt mwen ki jan pou m kòmanse konvèsasyon yo. Fason premye fi mwen te preche a te reyaji a te fè m sezi. Li te di: “Kote nou te ye depi tan sa a?” Li te kòmanse etidye Labib avè nou nan demen tèlman li te chofe pou l konn plis bagay sou Temwen yo!

Anvan nou t al Batoumi, nou te resevwa yon lis adrès moun ki enterese. Kòm nou pa t konn vil la byen, nou te mande moun nan lari a ki wout pou n fè. Anpil nan moun nou te mande yo pa t kapab ede nou paske non pifò nan ri yo te fèk chanje, men yo te enterese nan mesaj nou t ap bay la. Anvan lontan, nou te gentan ap fè etid ak plizyè gwoup ki te gen 10 oswa 15 moun ladan yo.

Kat mwa sèlman apre nou rive, te gen plis pase 40 moun ki t ap asiste reyinyon regilyèman. Nou t ap mande tèt nou kiyès ki pral pran swen nouvo sa yo. Epi, akoz konfli ki te genyen ant lame jòjyen an ak yon gwoup moun ki pa t ale nan menm sans ak gouvènman an, tout moun ki te nan ansyen kongregasyon m te ye a te vin Batoumi. Nan yon sèl jou, gen yon nouvo kongregasyon ki te vin fòme e ki te gen plizyè ansyen ak pyonye ki gen eksperyans!

Yon etid Labib an gwoup
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje