BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w16 out p. 15-20
  • Èske w wè l nesesè pou w fè pwogrè espirityèl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w wè l nesesè pou w fè pwogrè espirityèl?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI SA W BEZWEN POU W FÈ PWOGRÈ ESPIRITYÈL?
  • KONTINYE FÈ PWOGRÈ ESPIRITYÈL
  • PA DEKOURAJE
  • FÈ PWOGRÈ NAN TRAVAY PREDIKASYON AN
  • KONTINYE FÈ LOUWANJ POU JEWOVA LÈ W FÈ PWOGRÈ ESPIRITYÈL
  • Nou menm jèn, kontinye fè pwogrè apre n fin batize
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Èske w wè l nesesè pou w bay lòt moun fòmasyon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Èske w ka bay èd nan kongregasyon w lan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Fason pou n chèche gen objektif nan sèvis Bondye e pou n reyalize yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
w16 out p. 15-20
Twa sè k ap preche nan telefòn, e yon jèn dam k ap koute mesaj Wayòm nan.

Èske w wè l nesesè pou w fè pwogrè espirityèl?

“Kontinye konsantre w sou lekti an piblik, sou egzòtasyon ak ansèyman w ap bay.” — 1 TIMOTE 4:13.

KANTIK: 45, 70

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa w ka fè pou w fè pwogrè espirityèl?

  • Ki jan w ka fè pwogrè espirityèl san w pa vin fatige?

  • Ki ajisteman w ka fè pou w vin pi efikas nan travay predikasyon an?

1, 2. a) Ki jan Ezayi 60:22 reyalize nan tan lafen an? b) Ki bezwen ki gen kounye a nan pati òganizasyon Jewova a ki sou tè a?

“SA KI pa anpil la ap tounen 1 000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon.” (Ezayi 60:22). Pawòl sa yo ap reyalize jodi a nan tan lafen an. Vrèmanvre, pandan ane 2015 lan, te gen 8 220 105 sèvitè Jewova ki te preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout kò tè a! Men sa Bondye te di konsènan ogmantasyon ki t apral gen nan mitan pèp li a: “Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la.” Se sa k fè, tank tan ap pase, se tank ap gen plis travay pou nou tout fè. Èske n ap fè tout sa n kapab kounye a pou n preche e pou n anseye bon nouvèl la? Gen anpil frè ak sè ki deja ap sèvi kòm pyonye pèmanan oubyen pyonye oksilyè. Genyen k al nan yon lòt zòn pou yo bay èd yo nan travay predikasyon an, e gen lòt k ap travay di nan konstriksyon Sal Wayòm.

2 Chak ane, gen anviwon 2 000 nouvo kongregasyon. Kongregasyon sa yo bezwen ansyen ak sèvitè ministeryèl. Chak ane, gen plizyè milye sèvitè ministeryèl ki bezwen kalifye pou yo vin ansyen e gen plizyè milye lòt frè ki bezwen kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl. Li klè, “gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a”, e se pa sèlman pou frè yo ki gen travay, gen pou sè yo tou. — 1 Korentyen 15:58.

KI SA W BEZWEN POU W FÈ PWOGRÈ ESPIRITYÈL?

3, 4. Ki sa fè pwogrè espirityèl vle di pou ou?

3 Li 1 Timote 3:1. Apot Pòl te felisite frè ki t ap “chèche vin” siveyan yo. Pou yon moun rive pran yon bagay ki lwen l, li bezwen fè anpil efò, e petèt li bezwen lonje bra l pou l pran l. Kounye a, ann imajine gen yon frè ki ta renmen vin sèvitè ministeryèl. Li rann li kont li bezwen fè efò pou l amelyore kalite li genyen antanke kretyen. Epi, lè l vin sèvitè ministeryèl, li kontinye travay di pou l ka vin ansyen.

4 Gen kèk frè ak sè ki fè anpil chanjman nan lavi yo paske yo ta renmen fè plis nan sèvis y ap bay Jewova a. Pa egzanp, yo ka anvi vin pyonye, al travay nan Betèl, oubyen bay koutmen nan konstriksyon Sal Wayòm. Ann egzamine ki jan Bib la kapab ede nou tout kontinye fè pwogrè.

KONTINYE FÈ PWOGRÈ ESPIRITYÈL

5. Ki jan jèn yo ka itilize fòs yo nan sèvis Wayòm nan?

5 Jèn yo ka fè anpil travay nan sèvis Jewova a paske yo gen fòs e yo an sante. (Li Pwovèb 20:29.) Gen jèn frè ki nan Betèl k ap bay koutmen nan enprimri e k ap relye liv ak Bib. Gen anpil jèn frè ak sè k ap travay nan konstriksyon Sal Wayòm, oubyen k ap repare yo. Genyen ki ofri tèt yo kòm volontè lè gen katastwòf natirèl. E gen anpil jèn pyonye ki aprann yon lòt lang oubyen ki vwayaje al yon lòt kote pou yo preche bon nouvèl la.

6-8. a) Ki jan yon jèn frè te chanje fason li te wè sèvis Bondye a, e ki rezilta li te jwenn? b) Ki jan nou ka ‘goute pou n wè jan Jewova bon’?

6 Nou renmen Jewova e nou vle ba l sa n genyen ki pi bon an. Aktout sa, nou ka santi nou menm jan ak yon frè ki rele Aaron. Li te vle pran plezi nan sèvis Bondye a, men kè l pa t kontan. Byenke Aaron te asiste reyinyon yo e l t ap preche depi l jèn, li te di: “Mwen te twouve reyinyon yo ak travay predikasyon an annuiyan.” Bon, ki sa l te fè?

7 Aaron te fè efò pou l li Bib la regilyèman, pou l prepare reyinyon yo e pou l fè kòmantè nan reyinyon yo. Epitou, li te kòmanse priye pi souvan. Tout sa te ede l fè pwogrè espirityèl. Li te vin konn Jewova pi byen e l te kòmanse vin pi renmen l. Sa te fè Aaron vin gen plis kè kontan. Li te pran sèvis pyonye, li te ede lòt moun lè gen katastwòf natirèl, e l t al preche nan yon lòt peyi. Kounye a, li se yon ansyen e l ap sèvi nan Betèl. Ki jan l santi l parapò ak fason l ap viv la? Men sa Aaron fè konnen: “Mwen te ‘goute e m te wè jan Jewova bon’. Grasa benediksyon l ban mwen, mwen santi m gen yon dèt anvè l, mwen santi m dwe fè plis nan sèvis li, e sa fè m jwenn plis benediksyon.”

8 Men sa yon moun ki te ekri yon pati nan Sòm yo te di: “Goute e n a wè jan Jewova bon.” Li te di tou: “Moun ki chèche Jewova yo pap manke anyen ki bon.” (Li Sòm 34:8-10.) Li klè, lè n bay Jewova sa n genyen ki pi bon an, nou santi kè n kontan toutbon paske nou konnen nou fè kè l kontan. Epi, l ap kenbe pwomès li fè pou l pran swen nou.

PA DEKOURAJE

9, 10. Poukisa l enpòtan pou w ‘tann Bondye avèk pasyans’?

9 Nou ka anvi fè plis nan sèvis Jewova a. Men, e si sa gen lontan depi n ap tann yon privilèj nan kongregasyon an oubyen n ap tann sitiyasyon nou chanje? Nou ka bezwen yon ti pasyans (Miche 7:7). E menmsi Jewova pèmèt sitiyasyon nou ladan l lan kontinye, nou mèt gen asirans l ap toujou ede nou. Nou ka aprann nan egzanp Abraram. Jewova te pwomèt li l ap vin gen yon pitit gason, men l te bezwen tann anpil ane anvan Izarak fèt. Pandan tan sa a, Abraram te gen pasyans e l pa t janm pèdi lafwa nan Jewova. — Jenèz 15:3, 4; 21:5; Ebre 6:12-15.

10 Se vre, li pa fasil pou n ret tann (Pwovèb 13:12). Men, si n kontinye reflechi sou sitiyasyon nou e sou sa n ap tann ki pa reyalize, n ap santi nou dekouraje anpil. Olye de sa, nou ta ka itilize tan sa a pou n amelyore kalite n ap bezwen genyen pou responsablite nou ka vin gen nan kongregasyon an.

Lè n medite sou sa nou li nan Bib la, nou aprann vin gen sajès e n aprann pran bon desizyon.

11. Ki kalite espirityèl nou ka chèche genyen, e poukisa yo enpòtan?

11 Chèche gen kalite ak kapasite ou bezwen yo. Lè w li Labib e w medite sou sa w li a, ou ka aprann vin gen sajès, ou ka aprann panse ak rezone yon fason ki klè, epi pran bon desizyon. An reyalite, frè yo bezwen kalite sa yo pou yo ka pran swen kongregasyon an (Pwovèb 1:1-4; Tit 1:7-9). Lè n etidye Labib, nou ka rive konn panse Jewova sou anpil bagay. Epi, chak jou, nou ka sèvi ak sa n aprann yo pou n pran desizyon k ap fè Jewova plezi. Pa egzanp, n ap aprann konn ki jan pou n boule ak lòt moun, ki jan pou n jere lajan, e ki jan pou n chwazi detant n ap pran ak rad n ap mete.

12. Ki jan frè ak sè yo nan kongregasyon an ka montre yo merite pou yo fè yo konfyans?

12 Travay di nan nenpòt sa yo ba w fè. Lè pèp Bondye a t ap rebati tanp lan, Neyemi te bezwen gason pou l bay yon pakèt responsablite. Li te chwazi mesye ki te gen bon repitasyon. Li te konnen mesye sa yo renmen Bondye, e yo t ap travay di nan nenpòt sa yo ba yo fè (Neyemi 7:2; 13:12, 13). Menm jan an tou jodi a, moun ki fidèl e ki travay di yo ap vin gen bon repitasyon e yo ka ba yo plis responsablite (1 Korentyen 4:2). Kidonk, kit nou se frè, kit nou se sè, nou dwe toujou fè tout sa n kapab nan nenpòt travay yo ban nou fè. — Li 1 Timote 5:25.

13. Ki jan w ka suiv egzanp Jozèf si lòt moun fè w enjistis?

13 Konte sou Jewova. Ki sa w ka fè si lòt moun fè w enjistis? Ou kapab gen posiblite pou w esplike yo jan w santi w. Men, si w kontinye ap defann tèt ou e w ap ensiste pou w montre ou gen rezon, ou ka fè sitiyasyon an vin pi mal. Nou ka aprann nan egzanp Jozèf. Frè l yo te mal aji avè l. Moun te fè manti sou li, e yo te mete l nan prizon pou yon bagay li pa t fè. Men, Jozèf te konte sou Jewova. Li te reflechi sou pwomès Jewova te fè yo, e l te ret fidèl (Sòm 105:19). Nan moman difisil sa yo, li te chèche gen yon pakèt bèl kalite ki te ede l lè yo te vin ba l yon travay enpòtan pou l fè (Jenèz 41:37-44; 45:4-8). Si lòt moun fè w enjistis, priye Jewova pou w mande l sajès. L ap ede w rete kalm e l ap ede w gen jantiyès lè w ap pale avèk yo. — Li 1 Pyè 5:10.

FÈ PWOGRÈ NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

14, 15. a) Poukisa n dwe “toujou veye sou” fason n ap preche? b) Ki jan w ka adapte w ak sitiyasyon moun yo ki pa sispann chanje? (Gade foto ki nan kòmansman atik la ak kare ki gen tit: “Èske w dispoze eseye yon lòt metòd?”)

14 Pòl te di Timote li dwe kontinye amelyore fason li esplike Ekriti yo. Pòl te di: “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay.” (1 Timote 4:13, 16). Timote te deja gen anpil ane depi l ap preche. Donk, poukisa l te bezwen amelyore fason l t ap preche? Timote te konnen moun yo ak sitiyasyon yo konn chanje. Li te vle pou moun yo kontinye koute l, se sa k fè l te dwe kontinye amelyore oubyen chanje fason l anseye. Nou menm k ap preche jodi a, nou bezwen fè menm bagay la.

15 Gen kèk zòn, nou rann nou kont anpil moun pa lakay yo lè n ap preche kay an kay. Gen lòt zòn, moun yo kapab lakay yo, men nou pa ka frape pòt kay yo, petèt paske nou pa ka antre nan bilding yo rete a. Si se konsa sa ye nan tèritwa pa w la, èske w ka eseye yon lòt metòd pou w kontakte moun yo?

16. Ki jan n ka jwenn bon rezilta lè n ap bay temwayaj an piblik?

16 Gen anpil frè ak sè ki renmen patisipe nan temwayaj an piblik. Pa egzanp, y al nan estasyon tren, estasyon bis, nan makèt ak sou plas piblik pou yo jwenn moun pou yo pale. Yon Temwen Jewova ka itilize yon nouvèl ki fèk tonbe pou l kòmanse yon konvèsasyon ak yon moun. Li ka di yon pawòl ki janti sou pitit moun nan oubyen li ka poze moun nan yon kesyon sou travay li. Si pwoklamatè a wè l renmen konvèsasyon an, li ka pale sou yon pwen ki soti nan Bib la avè l epi mande l sa l panse. Byen souvan, moun yo konn anvi aprann plis bagay sou Bib la.

17, 18. a) Ki jan w ka vin gen plis asirans lè w ap bay temwayaj an piblik? b) Poukisa fason David te konn fè louwanj pou Jewova a enpòtan anpil pou ou lè w ap patisipe nan travay predikasyon an?

17 Petèt ou twouve l difisil pou w kòmanse yon konvèsasyon nan lari ak moun ou pa rekonèt. Se konsa, Eddie, yon frè ki pyonye pèmanan k ap viv nan vil Nouyòk, te santi l. Men, li te jwenn yon bagay ki te ede l gen plis asirans. Men sa l di: “Pandan adorasyon an fanmi an, mwen menm ak madanm mwen fè rechèch pou n jwenn fason pou n pale ak moun ki pa dakò avèk nou ak fason pou n reponn lè yo bay opinyon yo. Epitou, nou mande lòt Temwen Jewova ide pa yo.” Kounye a, Eddie renmen patisipe nan temwayaj an piblik.

18 Lè n vin pi renmen travay predikasyon an e nou amelyore fason nou bay moun yo bon nouvèl la, lòt moun ap wè pwogrè espirityèl nou fè. (Li 1 Timote 4:15.) Epi, nou ka menm ede yon moun vin sèvi Jewova. Men sa David te di: “M ap toujou louwe Jewova, m ap toujou fè louwanj pou li ak bouch mwen. Se nan Jewova m ap vante tèt mwen. Moun ki gen imilite a ap tande sa e kè l ap kontan.” — Sòm 34:1, 2.

KONTINYE FÈ LOUWANJ POU JEWOVA LÈ W FÈ PWOGRÈ ESPIRITYÈL

19. Poukisa yon sèvitè Jewova ki fidèl dwe kontan menmsi sitiyasyon l pa pèmèt li fè tout sa l ta vle?

19 Men sa David te di tou: “Tout sa w fè ap ba w glwa, o Jewova, e moun ki fidèl avè w yo ap fè louwanj pou ou. Y ap pwoklame glwa wayòm ou an genyen, y ap pale konsènan pisans ou, y ap fè konnen gwo aksyon w fè yo ak jan Wayòm ou an gen glwa.” (Sòm 145:10-12). Tout moun ki renmen Jewova e ki fidèl vrèman anvi pale de li ak lòt moun. Men, e si akoz maladi oswa akoz laj, ou pa ka pase kantite tan ou ta vle a nan preche kay an kay? Toujou sonje ou fè louwanj pou Jewova chak fwa ou pale de li ak moun ki bò kote w tankou enfimyè yo oswa doktè yo. Si w nan prizon akoz lafwa w, ou ka toujou pale de Jewova ak lòt moun, e sa ap fè kè l kontan (Pwovèb 27:11). Epitou, li kontan anpil si w ap sèvi l menm lè lòt moun nan fanmi w pa fè sa (1 Pyè 3:1-4). Menm nan sitiyasyon ki difisil anpil, ou kapab fè louwanj pou Jewova, kontinye pwoche pi pre l epi fè pwogrè espirityèl.

20, 21. Si w vin gen plis responsablite nan òganizasyon Jewova a, ki jan w ka vin yon benediksyon pou lòt moun?

20 Jewova ap beni w san mank si w kontinye pwoche bò kote l e w fè tout sa w kapab pou w sèvi l. Petèt, lè w fè kèk chanjman nan pwogram ou oubyen nan fason w ap viv, w ap gen plis posiblite pou w ede moun aprann konnen bèl pwomès Bondye fè yo. Petèt, ou ka vin gen posiblite pou w ede frè w yo plis toujou. Epi, fè yon ti reflechi sou jan frè ak sè w yo ap renmen w lè yo wè jan w ap travay di nan kongregasyon an!

21 Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou tout kapab kontinye pwoche bò kote l, epi kontinye fè pwogrè espirityèl. Nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou fason nou kapab ede lòt moun fè pwogrè espirityèl.

Èske w dispoze eseye yon lòt metòd?

VENECIA, yon sè k ap viv Venezyela, te pè preche bon nouvèl la nan telefòn, men l te vle eseye. Li te telefone yon dam li te deja rekonèt e l te gen yon ti konvèsasyon avè l sou Bib la. Dam nan te vle aprann plis toujou, se sa k fè Venecia te kòmanse yon etid avè l. Rive yon lè, dam nan te batize. Men sa Venecia di kounye a: “Temwayaj nan telefòn bay bon rezilta!”

Peter, yon tigason k ap viv nan peyi Liberya, toujou al lekòl ak kèk feyè ak lòt piblikasyon. Yon jou, kèk elèv nan klas li te wè feyè ki gen tit Jeunes gens, qu’allez-vous faire de votre vie? a nan men l e yo te vle youn. Peter te pale avèk yo sou feyè a, epi l te mande yo: “Ki sa n ap fè ak lavi nou?” Gen youn nan yo ki te di: “Mwen vle itilize lavi m pou m sèvi Bondye.” Se sa k fè Peter te kòmanse etidye Labib avè l.

Nan peyi Polòy, gen yon mari ak madanm li ki te gen pwoblèm sante, e l te difisil pou yo soti al preche. Se sa k fè yo te ekri lèt voye bay moun pito. Men repons yon mesye te bay: “Mwen rekonesan anpil pou pawòl ankourajan nou yo. Madanm mwen gen twazan depi l mouri e ane pase pitit gason m nan mouri nan yon aksidan.” Men sa yon lòt dam te ekri: “Lèt nou an te ede m aprann laverite. Apre dezan, se antanke sè nou m ap reponn nou la a.”

PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON:

  • Fè pwogrè espirityèl: Se lè n kontinye amelyore pèsonalite nou pou n ka imite Jewova e pou n ka fè sa ki fè l plezi. Epi, nou kontinye ranfòse relasyon nou ak Jewova, nou chèche vin pi anvi sèvi lòt moun e n fè tout sa n kapab pou n ede yo.

  • Temwayaj an piblik: Se lè n rezève tan pou n al nan zòn tankou plas piblik yo oswa estasyon bis yo, kote nou ka jwenn moun pou n pale. Apre sa, pandan n ap pale ak yon moun, nou ka gen posiblite di l yon bagay sou Jewova e sou Bib la. Yo konn itilize yon tab oswa yon charyo pou yo bay temwayaj an piblik.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje