BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 169
  • Èske annik kwè nan Jezi sifi pou yon moun sove?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske annik kwè nan Jezi sifi pou yon moun sove?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa m dwe fè pou m sove?
  • Ki sa n ka di konsènan priyè yo rele “Priyè moun ki fè peche a”?
  • Ki kote “Priyè moun ki fè peche a” soti?
  • Ki sa delivrans ye?
    Repons Bib la bay
  • Èske Labib anseye ‘depi yon moun sove, li sove nèt’?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan Jezi sove nou?
    Repons Bib la bay
Repons Bib la bay
ijwbq atik 169
Jezi

Èske annik kwè nan Jezi sifi pou yon moun sove?

Repons Bib la bay

Kretyen yo kwè Jezi te mouri pou peche limanite (1 Pyè 3:18). Men, pou n ka sove, nou pa ka annik kwè Jezi se sovè limanite. Demon yo kwè Jezi “se Pitit Bondye a” men yo pap sove, se destriksyon k ap tann yo. — Lik 4:41; Jid 6.

  • Ki sa m dwe fè pou m sove?

  • Ki sa n ka di konsènan “Priyè moun ki fè peche a”?

  • Ki kote “Priyè moun ki fè peche a” soti?

Ki sa m dwe fè pou m sove?

  • Ou dwe kwè Jezi te bay lavi l pou peche nou yo. (Travay 16:30, 31; 1 Jan 2:2). Sa vle di ou dwe kwè Jezi se te yon moun ki te viv sou tè a toutbonvre e ou dwe kwè sa Bib la di de li yo se laverite.

  • Ou dwe aprann sa Labib anseye toutbonvre. (2 Timote 3:15). Labib fè n konnen apot Pòl ak Silas te di yon gadyen prizon: ‘Kwè nan Seyè Jezi, e w ap sove.’ Apre sa, yo te kòmanse anseye gadyen prizon an “pawòl Jewova a”a. (Travay 16:31, 32.) Sa montre n gadyen prizon an pa t ka kwè nan Jezi toutbonvre san l pa t kòmanse konprann Pawòl Bondye a. Li te bezwen yon konesans egzak sou Ekriti yo. — 1 Timote 2:3, 4.

  • Ou dwe repanti. (Travay 3:19). Sa vle di ou dwe regrèt ak tout kè w konpòtman ak aksyon ou te konn fè anvan w te konn laverite. Fason ou montre w repanti a ap vin parèt klè pou lòt moun. Y ap wè w kòm moun ki sispann fè bagay Bondye rayi pou w vin “fè aksyon ki mache ak repantans”. — Travay 26:20.

  • Ou dwe batize. (Matye 28:19). Jezi te anonse moun k ap vin disip li yo t ap gen pou yo batize. Gadyen prizon nou te pale de li pi wo a te batize (Travay 16:33). Se menm jan an tou, apre apot Pyè te anseye yon gwo foul moun laverite sou Jezi, “moun ki te byen kontan aksepte pawòl li te di yo te batize.” — Travay 2:40, 41.

  • Ou dwe obeyi lòd Jezi bay yo. (Ebre 5:9). Moun ki “obeyi tout bagay” Jezi te bay lòd pou fè yo montre nan fason yo viv yo se disip li (Matye 28:20). Yo vin tounen moun ki ‘obeyi pawòl la, olye yo se moun ki ret ap tande l sèlman’. — Jak 1:22.

  • Ou dwe andire jiska lafen. (Mak 13:13). Disip Jezi yo “bezwen gen andirans” pou yo ka sove (Ebre 10:36). Pa egzanp, apot Pòl te rete atache ak ansèyman Jezi yo, li te rete fidèl ak Bondye e konsa li te andire pandan tout vi l, depi lè li te vin yon kretyen jiskaske l mouri. — 1 Korentyen 9:27.

Ki sa n ka di konsènan priyè yo rele “Priyè moun ki fè peche a”?

Gen kèk relijyon moun yo resite priyè tankou “Priyè moun ki fè peche a” oswa “Priyè pou yon moun sove”. An jeneral, moun sa yo priye konsa pou yo montre yo aksepte se pechè yo ye e pou yo montre yo kwè Jezi mouri pou kouvri peche yo. Yo mande Jezi pou l antre nan kè yo oswa nan lavi yo. Nonsèlman Bib la pa di pou yon moun ap plede repete “Priyè moun ki fè peche a”, men tou li pa ankouraje sa.

Gen moun ki panse depi yo fè “Priyè moun ki fè peche a” yo ka gen asirans y ap jwenn lavi ki pap janm fini an. Men, yon moun pa ka sove jis paske li di yon priyè. Dayè, nou kontinye ap fè erè antanke moun ki enpafè (1 Jan 1:8). Se pou rezon sa a Jezi te aprann disip li yo pou yo priye regilyèman pou yo ka jwenn padon pou peche yo fè (Lik 11:2, 4). Epitou nou konnen gen kèk kretyen ki te gen esperans pou yo viv pou toutan ki te vin pèdi posiblite sa a paske yo te vire do bay Bondye. — Ebre 6:4-6; 2 Pyè 2:20, 21.

Ki kote “Priyè moun ki fè peche a” soti?

Istoryen yo pa antann yo sou esplikasyon yo bay pou “Priyè moun ki fè peche a”. Gen pami yo ki di tradisyon sa a te kòmanse vin yon pratik nan epòk potestan yo t ap chèche fè refòm nan legliz katolik. Gen lòt menm ki panse se lè kèk nouvo relijyon te vin parèt nan ane 1700 yo ak ane 1800 yo, moun yo te kòmanse repete “Priyè moun ki fè peche a”. Antouka, abitid sa a pa chita sou ansèyman Bib la bay, men an reyalite li depaman ak sa Bib la anseye.

Men kèk vèsè nan Bib la ki pale konsènan kwè nan Jezi ak fason pou moun sove

  • Matye 24:13: “Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.”

    Sa vle di: Pou yon moun kapab sove li dwe rete fidèl pandan tout rès vi l.

  • Travay 16:30, 31: “Kwè nan Seyè Jezi, e [w] ap sove.”

    Sa vle di: Yon moun ki vle sove dwe kwè nan Jezi.

  • 1 Timote 2:3, 4: “Se yon bagay ki bèl e ki agreyab nan je Bondye, Sovè nou an, ki vle pou tout kalite moun sove e ki vle yo gen yon konesans egzak sou laverite.”

    Sa vle di: Pou n gen lafwa nan Jezi, sa mande pou n gen yon konesans egzak sou laverite ki nan Bib la.

  • Ebre 5:9: “[Jezi] vin pèmèt tout moun ki obeyi l jwenn delivrans pou toutan.”

    Sa vle di: Pou yon moun sove li dwe nonsèlman aprann konnen Jezi, men tou li dwe obeyi kòmandman l yo.

a Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje