BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 27
  • Fason w ka pale ak pitit ou sou kesyon rasis la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason w ka pale ak pitit ou sou kesyon rasis la
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Fason w ka pale ak pitit ou sou kesyon ras la
  • Fason w ka ede timoun konprann sa rasis ye
  • Fason w ka bay bon egzanp
  • Si yo mal boule ak pitit ou akoz ras li
  • Èske li vrèman posib pou yo trete moun tout ras menm jan? — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Apendis: Kesyon paran yo konn poze
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Èd pou fanmi
ijwhf atik 27
De manman ki pa menm ras, ki chita sou yon plas, y ap souri e y ap pale youn ak lòt pandan de pitit gason yo ap jwe ansanm.

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU

Fason w ka pale ak pitit ou sou kesyon rasis la

Depi timoun yo toupiti, yo ka remake gen kèk moun ki sèvi ak koulè po lòt moun ak nasyonalite yo kòm eskiz pou yo trete yo yon fason ki diferan. Ki jan w ka ede pitit ou pou yo pa kite prejije lòt moun genyen nan kesyon ras la gen efè sou yo? Ki sa w ka fè si yo mal boule ak pitit ou akoz ras li?

Nan atik sa a

  • Fason w ka pale ak pitit ou sou kesyon ras la

  • Fason w ka ede timoun konprann sa rasis ye

  • Fason w ka bay bon egzanp

  • Si yo mal boule ak pitit ou akoz ras li

Fason w ka pale ak pitit ou sou kesyon ras la

Esplikasyon ou ka bay. Toupatou sou tè a aparans fizik moun yo ak koutim yo diferan anpil e sa vrèman bèl. Lefètke gen varyete sa a, sa konn lakòz kèk moun maltrete lòt moun ki pa sanble avèk yo.

Men, Bib la aprann nou tout moun sou tè a gen menm zansèt. Sa vle di, nou tout se fanmi.

Yon anpoul.

Men yon ide: Lè w ap pale ak pitit ou sou kesyon ras la, eseye konsantre sou sa moun yo genyen lakay yo ki sanble olye w konsantre sou diferans yo.

“[Bondye] sèvi ak yon sèl moun pou l fè moun tout nasyon.” — Travay 17:26.

“Nou remake lè pitit nou yo pase tan avèk moun ki soti nan divès ras, yo ka rive konprann enpòtans pou yo renmen tout moun e pou yo trete yo avèk respè.” — Karen.

Fason w ka ede timoun konprann sa rasis ye

Towouta, pitit ou ap tande nan nouvèl fason moun maltrete lòt moun akoz ras yo oswa yo menm fè zak kriminèl sou yo. Ki jan w ka esplike yo sa k ap pase a? Gen fason pou w pale ak pitit ou selon laj li.

  • Timoun piti. Men sa Dr. Allison Briscoe-Smith, yon moun yo te site nan jounal Parents an, di: “Timoun piti sansib anrapò ak sa ki jis ak sa k pa jis.” Men sa l ajoute: “Donk, sa se yon bon baz pou n pale avèk yo sou enjistis.”

Yon anpoul.

Men yon ide: Esplike pitit ou patipri se pa yon bagay ki jis e nan fanmi nou se pa yon konduit nou aksepte.

“Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Travay 10:34, 35.

  • Timoun. Timoun ki gen ant 6 an ak 12 an renmen chèche konnen e gendelè yo poze kesyon ki difisil. Eseye reponn yo pi bon fason w kapab la. Pale ak pitit ou sou sa yo wè lekòl yo ak sa yo wè nan televizyon oswa sou Entènèt, e sèvi ak opòtinite sa yo pou w esplike yo jan prejije pa bon.

Yon anpoul.

Men yon ide: Lè gen nouvèl ki pale sou prejije, mande pitit ou: “Ki jan w t ap santi w si se ou menm yo te maltrete konsa?” Lè sa a ou ka ede l aprann met tèt li nan plas lòt moun.

“Se pou nou tout gen menm panse, se pou nou montre nou gen senpati, se pou nou gen afeksyon pou frè yo, se pou nou gen kè sansib ak imilite.” — 1 Pyè 3:8.

  • Adolesan. Jèn nan laj sa a ap chèche konprann bagay ki pi konplike nan lavi a. Donk, lè yo adolesan, se yon bon okazyon pou n pwofite pale avèk yo lè n ap fè nouvèl ki pale sou prejije ak rasis.

Yon anpoul.

Men yon ide: Ede pitit ou konprann lè moun santi se ras pa yo ki pi bon sa konn lakòz yo aji yon fason ki montre yo rayi moun ki nan lòt ras. Sa konn menm mennen nan krim ki konn fèt kote yo touye yon pakèt moun nan yon nasyon. Pale sou kèk bagay ki te pase nan listwa ki montre Bib la gen rezon lè l di: “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” — Eklezyas 8:9.

“Moun ki gen matirite […] rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan.” — Ebre 5:14.

“Nou pale sou rasis ak timoun yo paske kèlkeswa kote y ap viv gen yon lè yo gen pou yo fè fas avè l kanmenm. E si nou pa pale sou sa lakay la, yo ka vin aksepte opinyon lòt moun. Gen moun k ap vle bay pitit nou yon pakèt fo enfòmasyon toutpandan y ap fè yo konprann se laverite.” — Tanya.

Fason w ka bay bon egzanp

Timoun aprann anpil lè y ap gade egzanp lòt moun. Donk, antanke paran, li enpòtan pou w veye sou fason w pale ak fason w aji. Pa egzanp:

  • Èske w fè blag sou moun lòt ras oubyen èske w meprize yo? Men sa yon akademi pou timoun ak adolesan di: “Pitit ou ap gade w e y ap koute sa w ap di e tou natirèlman y ap imite w.” — American Academy of Child and Adolescent Psychiatry.

  • Èske w pran plezi pase tan ak moun ki sot divès lòt kote? Men sa yon pedyat ki rele Alanna Nzoma di: “Si w ta vle pitit ou [...] byen boule ak moun ki sot divès kote, yo dwe wè w ap fè sa tou.”

“Onore tout kalite moun.” — 1 Pyè 2:17.

“Tank ane yo t ap pase, nou te resevwa moun ki sot toupatou sou tè a lakay nou. Nou te aprann fason yo manje, mizik yo renmen e nou te menm mete rad yo mete nan peyi yo. Lè n t ap pale ak pitit nou, nou pa t konsantre sou ras moun yo, nou te konsantre sou moun yo. Mete sou sa, nou pa t fè kilti pa nou parèt kòmsi se li ki pi bon.” — Katarina.

Si yo mal boule ak pitit ou akoz ras li

Menm lè yo pale anpil sou egalite, gen anpil moun ki rasis nan monn nan. Sa vle di, yo ka mal boule ak pitit ou, sitou si l fè pati yon gwoup moun ki diferan parapò ak pifò lòt moun yo. Si sa rive…

Yon manman ki bese bò kot pitit fi l e ki pase men nan kou l. Pitit fi a fèk antre sot lekòl e l ap kriye.

Chèche konn sa k te rive a. Èske moun ki aji mal la te fè espre, oubyen èske se yon moun ki te aji san reflechi (Jak 3:2)? Èske nou dwe pale sou sa ak moun ki te mal aji a oubyen èske nou ka pase sou sa?

Sa klè, nou bezwen gen ekilib. Men bon konsèy Bib la bay: “Pa kouri fache.” ​(Eklezyas 7:9). Se vre, rasis se yon pwoblèm ki grav, men sa pa vle di chak fwa w santi yon moun mal aji avè w oubyen li fè w yon enjistis se paske l rayi ras ou.

Natirèlman, se pa tout sitiyasyon ki menm. Donk, chèche konprann sa k te rive vre anvan w deside sa w ap fè.

“Yon moun ki kouri reponn anvan l tande sa yo di a, sa l fè a se bagay moun sòt.” — Pwovèb 18:13.

Lè w fin konn sa k te rive a, mande tèt ou:

  • ‘Èske sa ap bon pou pitit mwen si l panse tout moun gen prejije oubyen si l toujou panse lè moun ap aji mal avè l se akoz ras li?’

  • ‘Èske sa t ap ede pitit mwen si l ta suiv konsèy Bib la bay ki di: “Pinga w pran tout pawòl moun di oserye”?’ — Eklezyas 7:21.

“Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — Filipyen 4:5.

E si moun ki aji mal la sanble l te fè espre? Ede pitit ou konprann bagay yo ka vin pi mal selon fason l reyaji. Pafwa, yon moun k ap pase yon moun nan rizib, k ap fawouche l oswa k ap aji mal avè l ap chèche fè l reyaji. Nan ka sa a, pi bon bagay la se pa reyaji.

“Kote ki pa gen bwa, dife mouri.” — Pwovèb 26:20.

Yon lòt bò, si sa pap mete pitit ou an danje, li ka pale ak moun ki mal aji a. Petèt li ka di (yon fason ki montre l pa sou fè kont): “Mwen vrèman panse sa w te di a (oswa sa w te fè a) pa t janti.”

E si w ta vle fè lòt moun konn sa? Si w santi pitit ou an danje, oswa si w ta gen rezon pou w panse sitiyasyon sa a pa ta dwe ret konsa, santi w alèz pou w pale ak pwofesè pitit ou oubyen ak moun nan direksyon lekòl li. Ou ka menm pale ak lapolis, si sa nesesè.

Revizyon: Ki jan m ka pale ak pitit mwen sou kesyon rasis la?

  • Lè w ap pale ak pitit ou sou kesyon ras la, eseye konsantre sou sa moun yo genyen lakay yo ki sanble olye w konsantre sou diferans yo.

  • Esplike pitit ou nan fanmi nou patipri se pa yon konduit nou aksepte.

  • Lè gen nouvèl ki pale sou prejije, mande pitit ou: “Ki jan w t ap santi w si se ou menm yo te maltrete konsa?”

  • Esplike pitit ou lè moun santi se ras pa yo ki pi bon sa konn lakòz yo aji yon fason ki montre yo rayi moun ki nan lòt ras. Sa konn menm mennen nan krim kote yo touye yon pakèt moun nan yon nasyon.

  • Bay bon egzanp. Pase tan ak lòt moun kèlkeswa koulè po yo oswa nasyonalite yo. Pa bay blag sou moun lòt ras e pa meprize yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje