BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 100
  • Ki sa m dwe fè si m te dezobeyi paran m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m dwe fè si m te dezobeyi paran m?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w pa dwe fè
  • Yon pi bon solisyon
  • Ki sa m ka fè pou paran m fè m konfyans?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa paran m pa kite m pran detant?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa tout règ sa yo?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki jan m ka jwenn plis libète?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 100
De paran ki enkyè k ap pale ak pitit fi yo ki rantre lakay li apre lè yo te ba l la.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe fè si m te dezobeyi paran m?

Tout fanmi tabli yon seri règ timoun yo dwe respekte, pa egzanp, lè yo dwe rantre lakay yo, fason pou yo sèvi ak aparèy elektwonik ak fason pou yo konpòte yo.

Ki sa pou w fè si w pa t respekte youn nan règ sa yo? Ou pa ka chanje sa k te rive a, men w ka anpeche bagay yo vin pi mal. Atik sa a pral montre w ki jan w ka fè sa.

  • Sa w pa dwe fè

  • Yon pi bon solisyon

  • Sa lòt jèn di

Sa w pa dwe fè

  • Si paran w pa okouran ou te dezobeyi yon règ, ou ka vle kache sa w te fè a.

  • Si yo okouran ou te dezobeyi yon règ, ou ka vle chèche defann tèt ou oswa blame yon lòt moun.

Pa gen youn nan de opsyon sa yo ki bon. Sa k fè n di sa? Paske lè n chèche kache sa n te fè a, oswa lè n chèche defann tèt nou, sa montre nou pa gen matirite. Sa montre paran w ou bezwen grandi toujou.

“Bay manti pa janm yon bon solisyon. Rive yon lè, y ap vin konn verite a, e lè sa a pinisyon w ap jwenn nan ap pi rèd pase si w te di laverite depi okòmansman.” — Diana.

Yon pi bon solisyon

  • Admèt sa w te fè a. Men sa Bib la di: “Moun ki kache peche l pap reyisi.” ​(Pwovèb 28:13). Paran w pa atann pou w pafè. Men, yo atann pou w di laverite.

    “Paran w ap plis anvi padone w si w di laverite. Lè w fè sa, y ap plis fè w konfyans.” — Olivia.

  • Mande padon. Men sa Bib la di: “Abiye nou ak imilite.” ​(1 Pyè 5:5). Sa mande imilite pou w di “m mande w padon” e pou w pa chèche defann tèt ou.

    “Lè yon moun toujou ap chèche defann tèt li, rive yon lè, konsyans li pa travay ankò. Finalman, lè l fè sa ki mal, sa pa deranje l.” — Heather.

  • Aksepte konsekans yo. Men sa Bib la di: “Koute lè y ap ban nou disiplin” ​(Pwovèb 8:33). Evite bougonnen, epi aksepte kèlkeswa pinisyon paran w ba w.

    “Plis ou plenyen pou yon pinisyon, se plis sitiyasyon an ap vin difisil. Chèche yon mwayen pou w aksepte pinisyon yo, epi pa konsantre sou sa w pèdi yo.” — Jason.

  • Travay pou yo refè w konfyans ankò. Men sa Bib la di: “Voye ansyen pèsonalite a jete.” ​(Efezyen 4:22). Fè efò pou w pran abitid fè sa k bon yon fason pou paran w ka fè w konfyans ankò.

    “Si w pran abitid pran bon desizyon, e w montre paran w ou pap fè menm erè a ankò, avèk letan, y ap fè w konfyans ankò.” — Karen.

MEN YON IDE: Fè plis pase sa yo mande w pou w montre yo ka fè w konfyans. Pa egzanp, pwochen fwa ou deyò, fè paran w yo konnen ki lè w ap deplase pou w tounen lakay, menm lè w pap depase lè yo te ba w la. Se kòmsi w voye yon mesaj san pale ki di ‘mwen ta renmen nou fè m konfyans ankò.’

Sa lòt jèn di

Darius.

“Lè w pa di paran w laverite konsènan sa w te fè, se manti w bay. Finalman, sa w te fè a ap tounen vin jwenn ou e lè sa rive, sa ap pi mal pase si w te di laverite depi okòmansman.” — Darius.

Sierra.

“Lè nou fin fè yon bagay ki mal epi nou lage tò a sou yon lòt moun, sa montre nou pa gen matirite ase pou nou rekonèt erè nou fè. Paran nou ka sispann fè nou konfyans si nou pa montre nou gen matirite ase pou n mande padon pou sa k te rive a.” — Sierra.

Revizyon: Ki sa m dwe fè si m te dezobeyi paran m?

  • Admèt sa w te fè a. Paran w pa atann pou w pafè. Men, yo atann pou w di laverite.

  • Mande padon. Mande padon avèk senserite, pa chèche defann tèt ou.

  • Aksepte konsekans yo. Aksepte kèlkeswa pinisyon paran w ba w.

  • Travay pou yo refè w konfyans ankò. Fè efò pou w pran abitid fè sa k bon.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje