BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 102
  • Èske m ta dwe kite lekòl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m ta dwe kite lekòl?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè kèk jèn kite lekòl
  • Reflechi sou konsekans yo
  • Yon pi bon solisyon
  • Èske m ta dwe kite lekòl?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • E si mwen pa renmen lekòl?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • E si m ap fè move nòt lekòl?
    Kesyon jèn yo konn poze
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 102
Yon jèn gason ki fè yon jès ki montre li dekouraje ak lekòl toutpandan l ap vire do bay lekòl li e bay yon gwoup elèv.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m ta dwe kite lekòl?

“M pa renmen lekòl!” Si se konsa w santi w, petèt ou ka anvi kite lekòl. Atik sa a ap ede w jwenn kèk pi bon solisyon.

  • Rezon ki fè kèk jèn kite lekòl

  • Reflechi sou konsekans yo

  • Yon pi bon solisyon

  • Sa lòt jèn di

Rezon ki fè kèk jèn kite lekòl

Men kèk rezon moun ki nan domèn edikasyon bay:

  • Difikilte pou aprann. ‘De jou an jou nòt mwen yo ap vin pi mal.’

  • Manke enterè. ‘M pa wè sa m ap aprann yo ap itil mwen.’

  • Pwoblèm ekonomik. ‘Fò m travay pou m ede fanmi m.’

Reflechi sou konsekans yo

Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” ​(Pwovèb 14:15). Ki leson w ka aprann? Si w gen entansyon kite lekòl, ou dwe reflechi sou konsekans yo.

Mande tèt ou:

  • ‘Si m kite lekòl, èske m ap ka jwenn yon travay pi devan?’

    “Panse ak lè w ap bezwen jwenn yon travay ak lè w ka bezwen pran swen yon fanmi pi devan. Ki jan w ap ka fè sa si pifò patwon yo mande pou w gen diplòm lekòl segondè pou pi piti?” — Julia.

  • ‘Si m kite lekòl, èske l ap fasil pou m jere pwoblèm mwen jwenn pi devan?’

    “Lekòl prepare w pou lavi a. Pi devan, moun ou rankontre yo, tantasyon w jwenn yo ak travay ou fè ap sanble ak sa w te jwenn lekòl yo.” — Daniel.

  • ‘Si m kite lekòl èske m ap ka travay kalite m ap bezwen genyen antanke granmoun?’

    “Lekòl ka pa sanble itil pou kounye a, men lè w gen 23 an epi w ap eseye fè yon bidjè, w ap di tèt ou ‘M kontan m te konn suiv kou matematik yo.’” — Anna.

Yon pi bon solisyon

  • Mande èd. Men sa Bib la di: “Tout bagay mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.” ​(Pwovèb 11:14). Si w ap fè move nòt lekòl, mande yon paran, yon pwofesè, oswa yon lòt granmoun ou fè konfyans kèk konsèy sou fason pou w amelyore.

    “Pale ak pwofesè w si w pa ka travay byen lekòl. Gende lè w ka panse se pwofesè a ki pwoblèm nan, men ou ka amelyore sitiyasyon w si w annik mande èd.” — Edward.

  • Reflechi sou fason sa w ap aprann lekòl yo ka ede w pi devan. Men sa Bib la di: “Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse.” ​(Eklezyas 7:8). Lè w fini lekòl, nonsèlman w ap aprann sa yo te anseye w nan kou yo, men tou w ap aprann gen lòt kalite k ap ede w pi devan.

    “Lè w vin yon granmoun, petèt yo pap mande w ekri disètasyon oubyen yo pap mande w etidye pou w al nan egzamen, men fason w te konn jere strès sa yo lè w te lekòl ap ede w fè fas ak pwoblèm ou ka rankontre pi devan.” — Vera.

    Yon jèn gason k ap desann yon bato anvan l rive sou waf la, kamarad li yo ak pwofesè l ap di l pou l pa desann.

    Kite lekòl se tankou yon moun ki desann yon bato anvan l rive sou waf la. Pi devan, l ap regrèt li pa t rete nan bato a.

  • Egzamine opsyon w genyen yo. Men sa Bib la di: “Tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” ​(Pwovèb 21:5). Pa kouri panse kite lekòl se sèl opsyon w genyen. Petèt, ou ka fini lekòl pa mwayen kou sou Entènèt, oubyen ou ka kontinye suiv pwogram lekòl la lakay ou.

    “Lekòl aprann ou travay di, li aprann ou rezoud pwoblèm epi kowopere ak lòt moun. Bagay sa yo ap itil ou pandan tout vi w. Li vo lapenn pou w fini lekòl.” — Benjamin.

Sa w dwe sonje: Lè w fini lekòl, w ap pi byen prepare pou w jere responsablite w antanke granmoun.

Sa lòt jèn di

Annabelle.

“Lè w ap chèche yon travay, patwon yo ka pi fasil chwazi w pou travay la si w te fini lekòl. Lefètke w te fini lekòl, sa montre w gen detèminasyon pou w fini sa w kòmanse. Se pa yon bon ide pou w kite lekòl.” — Annabelle.

Cole.

“Sa ka difisil pou w rete lekòl, donk, li ka sanble pi fasil pou w annik bay vag sou lekòl. Men nan lavi a, ap toujou ge sitiyasyon ki difisil, e w ta renmen vin yon granmoun ki ka jere pwoblèm sa yo. Lekòl ap prepare w pou sa.” — Cole.

Brynn.

“Lè w vin gran, ou gendwa pa bezwen konn ki jan pou w rezoud yon pwoblèm matematik. Men, w ap bezwen aprann jere tan w, w ap gen lè pou w remèt travay ou, e w ap menm bezwen aprann reveye bonè. Lekòl ka ede w aprann fè tout bagay sa yo.” — Brynn.

Revizyon: Èske m ta dwe kite lekòl?

  • Reflechi sou konsekans yo. Reflechi sou sa, si w kite lekòl: Èske sa ap ede w jwenn yon travay pi devan? Èske sa ap ede w atenn objektif ou genyen pou w aprann yon bagay pi devan? Oswa, èske sa ap ede w aprann jere pwoblèm?

  • Mande èd. Si w ap fè move nòt lekòl, mande yon paran, yon pwofesè, oswa yon lòt granmoun ou fè konfyans kèk konsèy sou fason pou w amelyore.

  • Reflechi sou fason sa w ap aprann lekòl yo ka ede w pi devan. Lè w fini lekòl, nonsèlman w ap aprann sa yo te anseye w nan kou yo, men tou w ap aprann gen lòt kalite k ap ede w pi devan. Pa egzanp, w ap aprann etidye, w ap aprann remèt travay ou alè, e w ap aprann ki jan pou w vin yon moun responsab.

  • Egzamine opsyon w genyen yo. Si sitiyasyon w fè w oblije kite lekòl, petèt ou ka fini lekòl pa mwayen kou sou Entènèt, oubyen ou ka kontinye suiv pwogram lekòl la lakay ou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje