BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 49
  • Ki sa Bib la di sou adore zidòl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa Bib la di sou adore zidòl?
  • Kèk lòt sijè
  • Sou menm sijè a
  • Èske nou ta dwe adore imaj?
    Repons Bib la bay
  • Ki jan nou ka adore Bondye yon fason ki fè l plezi?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ezayi 42:8 — “Se mwen menm ki Seyè a”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Kèk lòt sijè
mrt atik 49
Pap Franswa k ap bese devan yon estati Mari.

KONTINYE VEYE!

Ki sa Bib la di sou adore zidòl?

Selon yon ajans katolik ki bay nouvèl, pandan yo t ap fè yon mès nan Bazilik Sen Pyè, nan dat 25 mas 2022, Pap Franswa te kanpe devan yon estati Mari li te “fèmen de je l e l te bese tèt li pou l priye an silans”. Li te “priye Mari” pou lapè. Mete sou sa, gen yon jounal katolik ki fè konnen Pap la te resite yon priyè pou remèt limanite, sitou Larisi ak Ikrèn, nan men lavyèj Mari. — Vatican News.

Ki sa w panse? Èske n ta dwe priye devan imaj oswa estati oswa sèvi avèk yo nan adorasyon n ap bay Bondye? Ann egzamine vèsè biblik ki vin apre yo:

  • “Nou pa dwe fè zidòl oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a oubyen ki nan dlo ki sou tè a. Nou pa dwe pwostène devan yo ni nou pa dwe kite moun fè nou sèvi yo, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman.” — Egzòd 20:4, 5.a

  • “Zidòl y ap sèvi yo fèt ann ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran sant anyen. Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Yo pa ka fè okenn son sot nan gòj yo. Moun ki fè zidòl sa yo ap vin menm jan ak yo, e tout moun ki met konfyans yo nan yo ap vin menm jan an tou.” — Sòm 115:4-8.

  • “Mwen se Jewova. Se non pa m. Mwen pap pataje glwa ki pou mwen an ak pèsonn, e mwen pa bay zidòl louwanj ki pou mwen an.” — Ezayi 42:8, nòt.

  • “Kouri pou idolatri.” — 1 Korentyen 10:14.

  • “Veye kò nou ak zidòl.” — 1 Jan 5:21.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa Bib la di sou adore zidòl, li atik “D’après la Bible — Les images religieuses” oswa gade videyo Èske Bondye dakò pou moun sèvi ak imaj nan adorasyon y ap ba li?

Petèt w ap enterese konn sa Bib la di sou sijè sa yo tou:

  • “La Vierge Marie: Que dit la Bible à son sujet?”

  • “Devrait-on prier la Vierge Marie?”

  • “Miracles et apparitions — Des manifestations divines?”

  • “Kòman ap fè gen lapè sou tè a?”

Photo credit: Vincenzo Pinto/AFP via Getty Images

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje