BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 55
  • Y ap detwi tè a — Ki sa Bib la di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Y ap detwi tè a — Ki sa Bib la di?
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Bib la te anonse dega sa yo
  • Avni planèt nou an garanti
  • Èske nasyon yo ka met ansanm pou anpeche chanjman k ap fèt nan klima a lakòz yon katastwòf? — Sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Ki efè chanjman ki gen nan klima a ka gen sou avni nou? — Ki sa Bib la di sou sa?
    Kèk lòt sijè
  • Tanperati toupatou sou tè a ap ogmante nan yon nivo moun potko janm wè anvan sa — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
  • Kiyès ki pral sove tè a?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 55
Planèt nou an jan yon moun ki nan espas te ka wè l. Mwatye ladan l an sante e lòt mwatye a detwi.

KONTINYE VEYE!

Y ap detwi tè a — Ki sa Bib la di?

“Nou sou wout pou n fè fas ak yon katastwòf nan klima a talè konsa. Pral gen gwo vil ki anba dlo. Pral gen gwo chalè nou potko janm wè anvan sa. Pral gen tanpèt ki bay laperèz e anpil kote pap gen ase dlo. Pral gen plizyè milyon espès bèt ak plant ki disparèt. Se pa egzajere m ap egzajere, men bagay sa yo pral rive toutbon. Se sa lasyans di n ki pral rive akoz politik enèji nou genyen kounye a.” — Pawòl António Guterres, sekretè jeneral nasyonzini, nan yon diskou li te bay sou yon rapò ki te soti 4 avril 2022 yon gwoup espè nan plizyè gouvènman te remèt sou chanjman ki genyen nan klima a.

“Lasyans fè konnen nan ane k ap vini yo pral gen anpil dega akoz chanjman ki gen nan klima a. Dega sa yo ka gen efè sou prèske tout 423 pak nasyonal ki genyen Ozetazini yo, paske li pi fasil pou tanperati a k ap ogmante afekte pak sa yo. Tout menas sa yo tankou yon avètisman ki soti nan Bib la: dife ak inondasyon, glas yo k ap fonn, dlo lanmè a k ap monte ak gwo chalè.” — “Inondasyon lakòz dega nan Yellowstone, yon siy ki prevwa lòt katastwòf”, The New York Times, 15 jen 2022.

Èske pwoblèm ki genyen nan klima a ap janm rezoud? Si wi, kiyès k ap rezoud yo? Ann egzamine sa Bib la di toutbonvre.

Bib la te anonse dega sa yo

Bib la fè konnen Bondye pral “detwi moun k ap detwi tè a”. (Revelasyon 11:18.) Vèsè sa a aprann nou twa bagay:

  1. 1. Lèzòm ap rive fè gwo dega sou tè a.

  2. 2. Dega y ap fè sou tè a gen pou l fini.

  3. 3. Se Bondye, se pa lèzòm, ki pral rezoud tout pwoblèm ki genyen nan klima a.

Avni planèt nou an garanti

Bib la di tè a ap “ret la pou toutan”. (Eklezyas 1:4.) E ap toujou gen moun k ap viv sou li.

  • “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” — Sòm 37:29.

Bondye pral repare tout dega yo fè sou tè a.

  • “Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil, e plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran.” — Ezayi 35:1.

Pou w aprann rezon ki fè nou ka gen asirans Bondye pral sove planèt nou an, gade atik “Kiyès ki pral sove tè a?”

Pou w wè rezon ki fè nou ka gen konviksyon n ap gen yon bèl avni malgre chanjman ki gen nan klima a, gade atik “Ki efè chanjman ki gen nan klima a ka gen sou avni nou? — Ki sa Bib la di sou sa?”

Pou w wè jan Bib la ka ede w fè fas ak pwoblèm chanjman ki gen nan klima a, gade atik “Èske Bib la ka ede w lè gen katastwòf?”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje