BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mrt atik 64
  • Ki lidè w ap chwazi? — Sa Bib la di

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki lidè w ap chwazi? — Sa Bib la di
  • Kèk lòt sijè
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Lidè ki sou tè a gen limit
  • Yon lidè Bondye dakò avè l
  • Sa Wayòm Bondye a pral fè ak politisyen ki nan koripsyon yo
    Kèk lòt sijè
  • Kiyès jodi a ki vrèman kalifye kòm dirijan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Annou suiv Kris, pi bon Gid la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Jewova gide pèp li a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
Gade plis
Kèk lòt sijè
mrt atik 64
Yon bilten y ap mete nan yon bwat nan eleksyon.

Comstock Images/Stockbyte via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Ki lidè w ap chwazi? — Sa Bib la di

Moun yo ap fè gwo refleksyon pou yo konnen ki lidè pou yo chwazi.

Sa Bib la di?

Lidè ki sou tè a gen limit

Labib pale de yon limit tout lidè sou tè a genyen.

  • “Pinga nou mete konfyans nou nan chèf yo ni nan okenn lòt moun, paske yo pa ka bay delivrans. Lè souf yo ale, yo menm yo tounen nan tè a. Nan menm jou sa a, yo sispann panse.” — Sòm 146:3, 4, nòt.

Menm lidè ki gen plis kapasite yo ap mouri yon lè. Epitou, yo pa ka bay garanti moun k ap vin apre yo a ap kontinye fè bon travay yo te kòmanse fè yo. — Eklezyas 2:18, 19.

Reyalite a sèke Labib fè konnen lèzòm pa t kreye pou yo dirije tèt yo.

  • “Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” — Jeremi 10:23.

Èske gen yon moun nan epòk nou an ki kapab yon bon lidè?

Yon lidè Bondye dakò avè l

Labib fè konnen Bondye deja chwazi Jezi Kris, lidè ki gen plis kapasite e moun plis ka fè konfyans lan (Sòm 2:6). Jezi se wa nan Wayòm Bondye a, e Wayòm Bondye a se yon gouvènman k ap dirije detan nan syèl la. — Matye 6:10.

Èske w ap chwazi Jezi kòm lidè? Labib montre sa k fè kesyon sa a enpòtan:

  • “Onore pitit gason an [Jezi Kris]! Si nou pa fè sa, Bondye ap fache, e n ap peri. Paske, li ka vin an kòlè byen vit. Byennere moun ki pran refij nan li.” — Sòm 2:12.

Kounye a se moman pou w pran desizyon sa a. Pwofesi nan Bib la fè konnen Jezi kòmanse dirije an 1914 e talè konsa, Wayòm Bondye a pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo. — Dànyèl 2:44.

Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason w ka soutni Jezi antanke lidè, li atik “Se kounye a pou w chwazi soutni Wayòm Bondye a!”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje