panitan/stock.adobe.com
Jezi pral fini ak povrete
Lè Jezi te sou tè a, li te montre li renmen moun anpil, sitou moun ki te pòv e ki te gen gwo pwoblèm (Matye 9:36). Li te menm rive bay lavi l kòm sakrifis pou lòt moun (Matye 20:28; Jan 15:13). Talè konsa, li pral montre ankò ki jan l renmen lèzòm lè l pral sèvi ak pouvwa l genyen antanke Wa nan Wayòm Bondye a pou l fini ak povrete sou tout tè a.
Gade ki jan Bib la pale de sa Jezi pral fè yon fason powetik:
“Se pou l defann moun nan mitan pèp la ki pòv yo, se pou l sove pitit moun ki pòv yo.” — Sòm 72:4.
Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sa Jezi deja fè pou nou ak sa l pral fè pou nou talè konsa? Youn nan fason nou ka fè sa se lè nou aprann plis sou mesaj li te preche a, anpalan de “bon nouvèl Wayòm Bondye a”. (Lik 4:43.) Li atik “Ki sa Wayòm Bondye a ye?”