BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 34
  • Èske Bondye ap reponn priyè m fè yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bondye ap reponn priyè m fè yo?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 34

Èske Bondye ap reponn priyè m fè yo?

Repons Bib la bay

Wi, Bondye ap reponn priyè w fè yo. Bib la ansanm ak eksperyans moun fè nan lavi a montre Bondye konn reponn priyè. Bib la di: “[Bondye] bay moun ki gen lakrentif pou li yo sa yo vle, Li tande yo lè y ap rele l pou yo mande l èd e li sove yo.” (Sòm 145:19). Si w vle pou Bondye reponn priye w yo gen bagay li mande w ap bezwen fè pou sa.

Ki sa Bondye mande pou moun k ap priye l yo fè?

  • Nou dwe priye Bondye, nou pa dwe priye ni Jezi, ni Mari, ni sen oswa ni imaj. Se sèl Jewova Dye ki Sila a, Li “menm ki tande lapriyè” a. — Sòm 65:2.

  • Priyè nou yo dwe an amoni ak volonte Bondye oswa ak prensip li yo nou jwenn nan Bib la. — 1 Jan 5:14.

  • Nou dwe priye nan non Jezi. Konsa, n ap montre nou rekonèt otorite l genyen an. Jezi di: “Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” — Jan 14:6.

  • Nou dwe priye ak lafwa, nou bezwen mande Bondye pou l ban nou plis lafwa selon sa nou bezwen. — Matye 21:22; Lik 17:5.

  • Nou bezwen montre nou enb epi nou dwe sensè. Bib la di: “Byenke Jewova abite anwo nan syèl la, li konnen moun ki gen imilite yo.” — Sòm 138:6.

  • Nou dwe pèsevere nan lapriyè. Jezi di: “Kontinye mande, y ap ban nou.” — Lik 11:9.

Ki sa ki pa enpòtan pou Bondye reponn priyè n yo?

  • Ras nou oswa nasyonalite nou. “Bondye pa gen patipri. Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi”. — Travay 10:34, 35.

  • Pozisyon kò nou. Nou kapab priye Bondye lè n chita, lè n pwostène, lè n met ajenou oswa lè n kanpe. 1 Kwonik 17:16; Neyemi 8:6; Dànyèl 6:10; Mak 11:25.

  • Priyè nou fè awotvwa oswa an silans. Bondye reponn menm priye nou fè lòt moun pa ka remake. — Neyemi 2:1-6.

  • Menmsi pwoblèm nou yo parèt anpil oswa yo toupiti, Bondye ankouraje nou “lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje