BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 32
  • Èske Bib la kapab ede m si m fè depresyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bib la kapab ede m si m fè depresyon?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Ki sa Bondye fè pou l ede moun ki fè depresyon yo?
  • Ki jan m ka fè fas ak depresyon?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Anpil jèn fè depresyon. Sa k fè sa? Ki sa k ka ede yo?
    Reveye n! — 2017
Repons Bib la bay
ijwbq atik 32

Èske Bib la kapab ede m si m fè depresyon?

Repons Bib la bay

Wi, paske pi gwo èd la se nan men “Bondye ki bay moun ki nan lafliksyon yo kouraj” la n ap jwenn li. — 2 Korentyen 7:6, Bib la.

Ki sa Bondye fè pou l ede moun ki fè depresyon yo?

  • Fòs. Se pa lè Bondye retire tout pwoblèm ou yo li ba w “kouraj”, men se lè l reponn priyè w fè pou w mande l fòs pou w ka andire (Filipyen 4:13). Ou mèt gen asirans Bondye dispoze tande w, men sa Bib la di: “Jewova toupre moun kè yo ap fann yo, li sove moun ki gen lespri yo kraze.” (Sòm 34:18). Donk, Bondye kapab tande w k ap rele l pou w mande l èd menmsi w pa konn kòman pou w di l tout sa w santi. — Women 8:26, 27.

  • Bon egzanp. Men sa yon ekriven nan Bib la te di Bondye nan yon priyè: “Lè bagay yo pa bon menm pou mwen, se ou mwen rele.” Moun ki te ekri sòm sa a te fè fas ak depresyon l te genyen an, lè l te sonje Bondye pa ajoute sou chay n ap pote lè l fè n santi n koupab. Olye de sa, men sa l te di Bondye: “Si ou t’ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou? Men, ou padonnen nou, pou n’ ka respekte ou.” — Sòm 130:1, 3, 4, Bib la.

  • Espwa. Nonsèlman Bondye ap konsole moun depi kounye a, li pwomèt l ap retire tout pwoblèm ki ka fè moun tonbe anba depresyon. Lè pwomès sa a reyalize, “ansyen bagay yo [san wete depresyon] pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo”. — Ezayi 65:17.

Note sa: Toutpandan Temwen Jewova yo rekonèt Bondye ap ede moun jodi a, yo chèche èd nan men doktè lè yo malad, tankou lè yo fè depresyon (Mak 2:17). Sepandan, nou pa pwopoze okenn tretman medikal. Nou admèt se chak moun ki dwe pran desizyon l nan sans sa a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje