BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 10
  • Ki sa m ta dwe konnen sou voye mesaj tèks?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m ta dwe konnen sou voye mesaj tèks?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Moun w ap voye mesaj tèks ba yo
  • Mesaj tèks w ap voye yo
  • Moman w ap voye mesaj tèks yo
  • Kèk konsèy sou voye mesaj tèks
  • Nou zanmi oswa nou renmen? — 1ye pati: Ki sa mwen konprann?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Nou zanmi oswa nou renmen? — 2yèm pati: Ki sa m lese l konprann?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Èske mwen esklav aparèy elektwonik?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki efè teknoloji genyen sou amitye w yo?
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 10

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ta dwe konnen sou voye mesaj tèks?

  • :-) Si w byen itilize mesaj tèks, yo ka yon bon mwayen pou w kenbe kontak ak lòt moun.

  • :-( Si w itilize yo san w pa fè atansyon, yo ka fè zanmi w fache avè w e yo ka kraze repitasyon w tou.

Atik sa a pral esplike w sa w bezwen konnen sou

  • Moun w ap voye mesaj tèks ba yo

  • Mesaj tèks w ap voye yo

  • Moman w ap voye mesaj tèks yo

Epi, nan atik sa a tou w ap jwenn:

  • Kèk konsèy sou voye mesaj tèks

  • Yon egzèsis sou voye mesaj tèks

Moun w ap voye mesaj tèks ba yo

Gen anpil jèn ki konsidere voye mesaj tèks kòm yon mwayen ki vrèman nesesè pou yo kominike ak lòt moun. Voye mesaj tèks pèmèt ou rete an kontak ak nenpòt moun oubyen tout moun ki nan lis kontak ou a, sof si gen moun paran w pa dakò pou w rete an kontak ak yo.

“Papa m pa renmen lè sè m nan avè m ap pale ak gason. Si n ap fè sa, nou dwe itilize telefòn fiks ki nan kay la, e kote ki gen lòt moun.” — Lenore.

Sa w dwe konnen: Si w bay nenpòt moun nimewo telefòn ou, ou ka tonbe nan pwoblèm.

“Si w bay nenpòt moun nimewo w, atann ou pou w resevwa mesaj oswa foto ou pa renmen.” — Scott.

“Si ou menm ak yon moun lòt sèks toujou ap voye mesaj tèks youn bay lòt, ou ka vin gen santiman pou moun sa a byen vit.” — Steven.

Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Si w pran kèk prekosyon, ou ka evite yon pakèt tètchaje.

Yon bagay ki te rive: “Mwen menm ak yon tigason te zanmi, nou te konn voye anpil mesaj tèks youn bay lòt. Mwen te di tèt mwen nou te bon zanmi sèlman. Mwen pa t wè yon pwoblèm nan sa jiskaske li te di m li vin santi l renmen m. Lè m ap reflechi sou sa k te pase a, mwen rann mwen kont m pa t dwe pase tan avè l konsa, ni voye mesaj tèks ba li jan m t ap plede fè a.” — Melinda.

Fè yon ti reflechi: Selon ou menm, lefètke Melinda vin konnen tigason an gen santiman pou li, ki efè sa gen sou amitye yo?

Refè istwa a! Ki sa Melinda te ka fè pou li menm ak tigason an te ka rete zanmi sèlman, san pa gen anyen ankò?

Mesaj tèks w ap voye yo

Li fasil anpil pou w voye mesaj tèks, e sa amizan lè w resevwa yo, men li fasil tou pou w bliye moun ka mal konprann mesaj yo.

Sa w dwe konnen: Yo ka mal entèprete mesaj tèks ou voye yo.

“Nan yon mesaj tèks ou pa ka santi santiman ak ton vwa, menm lè yo voye l ak yon seri smayli, sa vle di ti desen oswa senbòl. E sa ka fè moun mal konprann li.” — Briana.

“Mwen konnen kèk timedam ki kraze repitasyon yo, moun konnen yo kòm moun k ap jwe ak santiman lòt moun akoz sa y ap voye bay kèk timesye nan mesaj tèks.” — Laura.

Bib la di: “Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons.” (Pwovèb 15:28, Bib la). Ki sa n aprann nan sa? Reli mesaj ou a anvan w peze “Send”!

Moman w ap voye mesaj tèks yo

Si w sèvi ak bonsans ou, ou ka vin gen pwòp règ pa w pou w voye mesaj tèks, gen moun ki rele sa prensip pou voye mesaj tèks.

Sa w dwe konnen: Si w pa veye sou fason w voye mesaj, w ap parèt tankou yon moun ki malelve e ki repouse zanmi l olye l atire yo.

“Li fasil pou yon moun bliye prensip pou l voye mesaj tèks yo. Sa konn rive m nan yon konvèsasyon ak yon moun oswa m sou tab ap manje, e pandan tan sa a m ap voye mesaj tèks.” — Allison.

“Se yon danje pou yon moun voye mesaj tèks pandan l ap kondui. Si w sispann fikse je w sou wout la, ou riske fè yon aksidan.” — Anne.

Bib la di: “Gen yon lè pou tout bagay, [...] yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale.” (Eklezyas 3:1, 7). Sa valab pou lè moun ap pale, men sa valab tou pou lè moun ap voye mesaj tèks!

Kèk konsèy sou voye mesaj tèks

Moun w ap voye mesaj tèks ba yo

  • ;-) Obeyi enstriksyon paran w ba ou. — Kolosyen 3:20.

  • ;-) Byen chwazi moun w ap bay nimewo w. Lè w refize bay enfòmasyon prive avèk politès, sa gen ladan l nimewo telefòn ou, ou vin gen yon kapasite k ap itil ou pi devan.

  • ;-) Pinga w vin tèlman alèz ak yon moun opwen pou w ap voye mesaj ba li ki fè l panse ou gen santiman pou li. Si w kite moun nan vin renmen w, se pwoblèm ak tètchaje w ap rale sou ou.

“Mwen te chèche gen yon bon antant ak paran m konsènan fason m ap itilize telefòn selilè m nan, konsa, yo te fè m konfyans, yo te konnen m ap pran desizyon ki saj konsènan moun m ap mete nan lis kontak mwen an.” — Briana.

Mesaj tèks w ap voye yo

  • ;-) Anvan w kòmanse tape yon mesaj, mande tèt ou: ‘Èske voye mesaj la se pi bon fason pou m kominike ak moun nan nan sitiyasyon sa a?’ Petèt, li te ka pi bon w rele l oswa tann pou w pale avè l.

  • ;-) Pa ekri anyen ou pa t ap di moun nan fasafas. Sarah ki gen 23 an di: “Sa w pa ta ka di awotvwa, ou pa ta dwe di l nan yon mesaj tèks.”

“Si yon moun voye kèk foto ki atire atansyon sou sèks ba ou, fè paran w konn sa. Sa ap yon pwoteksyon pou ou, epitou, sa ap fè paran w fè w konfyans.” — Sirvan.

Moman w ap voye mesaj tèks yo

  • ;-) Deside alavans ki lè ou pap itilize telefòn ou an. Men sa yon demwazèl ki rele Olivia te di: “Mwen pa avèk telefòn mwen lè m ap pran yon repa oubyen lè m ap etidye. Mwen fèmen l lè m nan reyinyon yo pou m pa gen tandans gade l.”

  • ;-) Gen konsiderasyon pou lòt moun (Filipyen 2:4). Pa voye mesaj tèks pandan w ap pale fasafas ak yon lòt moun.

“Mwen te bay tèt mwen yon seri prensip, pa egzanp, mwen pa voye mesaj tèks bay moun lè m ak yon gwoup zanmi, si sa pa nesesè. Nitou, mwen pa bay moun m pa vrèman pwòch avè yo nimewo m.” — Janelly.

Yon egzèsis sou voye mesaj tèks

1ye sitiyasyon

Ou gen sis mwa depi w ap frekante ak yon moun, men kounye a, ou reyalize moun sa a pa bon moun pa w la. Ki mesaj tèks ki t ap pi bon pou w voye bay moun nan?

  1. “N ap kite sa.”

  2. “Fò n pale. Ki lè n ap rankontre?”

Bon repons lan: B. Li pi bon pou w pale fasafas sou yon bagay serye tankou kraze yon relasyon, byenke sikonstans yo konn fè l pa saj pou w fè sa. — Lik 6:31.

2yèm sitiyasyon

Ou resevwa yon mesaj tèks ki gen yon vye foto imoral yon kamarad lekòl ou. Ki sa k pi bon pou w fè?

  1. Efase foto a tousuit.

  2. Voye foto a bay tout zanmi w yo.

Bon repons lan: A. “Seksting”, mesaj tèks ki gen rapò ak sèks, rabese tout moun ki annafè avè l. Pa mele nan bagay ki gen rapò avè l! — Efezyen 5:3, 4.

3yèm sitiyasyon

Pandan w ap pran yon repa ak fanmi w, ou tande yon son ki fè w konnen ou fèk resevwa yon mesaj tèks. Ki sa k pi bon pou w fè?

  1. Verifye mesaj la epi panse fanmi w ap konprann sa.

  2. Tann repa a fini pou w verifye mesaj la.

Bon repons lan: B. Mesaj la ka tann. Bay fanmi w priyorite. — Filipyen 1:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje