BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 23
  • Poukisa Temwen Jewova yo pa al nan lagè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Temwen Jewova yo pa al nan lagè?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Yo ede moun nan kominote a
  • “ Yo pa fè pati monn nan ”
    Adore sèl vrè Dye a
  • Lagè
    Reveye n! — 2017
  • Netralite : Ki jan sa ye pou kretyen k ap viv nan dènye jou yo ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Fason pou nou konnen kiyès pou nou obeyi
    Koute gran Anseyan an
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 23
De sòlda ki abrite yo e k ap tire pandan yon gè.

Poukisa Temwen Jewova yo pa al nan lagè?

Rezon pi ba yo esplike poukisa Temwen Jewova yo pa al nan lagè:

  1. Yo obeyi Bondye. Labib fè konnen sèvitè Bondye yo t ap “fè zam yo tounen zouti pou travay tè”, e yo pa t ap “janm aprann fè lagè ankò”. — Ezayi 2:4, Bib la.

  2. Yo obeyi Jezi. Men pawòl Jezi te di apot Pyè: “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” (Matye 26:52). Konsa, Jezi te montre moun k ap suiv li yo pa t ap pran zam pou al nan lagè.

    Lefètke moun k ap suiv Jezi yo pa gen anyen pou wè nan zafè politik, yo obeyi lòd Jezi te bay pou yo “pa fè pati monn nan”. (Jan 17:16.) Yo pa fè manifestasyon kont dispozisyon otorite yo pran pou sèvi ak militè yo e yo pa kont moun ki chwazi antre nan lame.

  3. Yo renmen lòt moun. Jezi te bay disip li yo lòd pou “youn renmen lòt”. (Jan 13:34, 35.) Konsa, yo t ap fòme yon fanmi entènasyonal kote pa t ap janm gen yon moun nan fanmi sa a ki t ap fè lagè kont yon frè l oswa yon sè l. — 1 Jan 3:10-12.

  4. Egzanp Kretyen yo nan premye syèk la. Men sa Ansiklopedi relijyon ak lagè (anglè) fè konnen: “Premye disip Jezi yo pa t gen anyen pou wè ak lagè e yo pa t patisipe nan sèvis militè.” Disip sa yo te konnen pratik sa yo “opoze ak kòmandman Jezi te ba yo pou yo renmen youn lòt e pou yo renmen ènmi yo”. Se nan menm ide sa a yon teyolojyen alman ki rele Peter Meinhold te di: “Premye kretyen yo te konsidere se de bagay ki an kontradiksyon: pou yon moun kretyen e pou l sòlda alafwa.”

Yo ede moun nan kominote a

Temwen Jewova yo itil moun nan kominote y ap viv la e yo pa reprezante yon menas pou peyi y ap viv ladan l lan. Jan Bib la mande nou sa, yo respekte moun ki gen otorite nan gouvènman yo:

  • “Soumèt devan otorite yo.” — Women 13:1.

  • “Bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” — Matye 22:21.

Kidonk, nou obeyi lwa peyi a, nou peye enpo e nou kowopere ak gouvènman an nan efò l ap fè pou l pran swen moun ki nan peyi a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje