BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 29
  • Ki jan m ka fè fas ak erè m fè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka fè fas ak erè m fè?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa ou menm ou t ap fè?
  • Twa rezon ki fè w dwe admèt erè w fè
  • Fason pou w aprann nan erè w yo
  • Ki jan pou m repare erè m fè yo?
    Repons 10 kesyon jèn yo konn poze
  • Bon fason pou nou wè erè nou fè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Èske w aprann nan erè w fè yo?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2022
  • Aprann nan erè w fè yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2017
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 29
De tigason k ap gade vit yon machin yo kraze ak yon boul bezbòl.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fè fas ak erè m fè?

  • Ki sa ou menm ou t ap fè?

  • Twa rezon ki fè w dwe admèt erè w fè

  • Fason pou w aprann nan erè w yo

Ki sa ou menm ou t ap fè?

Li sa k te rive Karina a, epi imajine sa rive w tou. Ki sa ou menm ou t ap fè nan sitiyasyon sa a?

Karina: “M t ap kondui twò vit yon lè pandan m pral lekòl. Konsa, yon polisye te fè m siy pou m kanpe e l te ban m yon kontravansyon. Sa te afekte m anpil! M te fè manman m konn sa e l te di m al di papa m sa, yon bagay m pa t anvi fè ditou.”

Ki sa ou menm ou t ap fè?

  1. Opsyon A: Pa di anyen, epi swete papa w pap janm konn sa.

  2. Opsyon B: Di papa w egzakteman sa k rive a.

Ou te ka anvi chwazi opsyon A a. Dayè, petèt manman w ap jis panse w te fè papa w konn sa. Men, toujou gen bonjan rezon pou w rekonèt erè w fè, kit sa gen rapò ak yon kontravansyon oswa yon lòt bagay.

Twa rezon ki fè w dwe admèt erè w fè

  1. 1. Se pi bon bagay ou ka fè. Pou Bib la montre prensip tout kretyen dwe suiv, li di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

    “Mwen fè anpil gwo efò pou m montre m onèt, pou m responsab aksyon m yo e pou m admèt yon erè m fè tousuit mwen fin fè l.” — Alexis.

  2. 2. Li pi fasil pou yo padone yon moun ki admèt erè l fè. Bib la di: “Moun ki kache peche l pap reyisi, men, moun ki konfese yo e ki pa fè yo ankò, y ap fè l mizèrikòd.” — Pwovèb 28:13.

    “Sa mande kouraj pou w admèt erè w fè, men, se konsa lòt moun ap rive fè w konfyans piske yo wè w se yon moun ki onèt. Lè w admèt yon erè, ou fè yon move bagay vin tounen yon bon bagay.” — Richard.

  3. 3. Sa k pi enpòtan, sèke sa fè Jewova Dye plezi. Bib la di: “Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat.” — Pwovèb 3:32.

    “Apre m te fin fè yon erè grav, m te kòmanse rann mwen kont mwen bezwen fè lòt moun konn sa. Jewova pap beni m ditou si m pa fè bagay yo jan l vle a.” — Rachel.

Ki jan bagay yo te fini pou Karina apre erè li te fè a? Li te eseye fè tout sa l kapab pou papa l pa konn si l te pran yon kontravansyon. Men, li pa t ka kache sa pou toutan. Men sa Karina di: “Anviwon ennan apre, pandan papa m t ap verifye dokiman asirans nou, li te remake m te pran yon kontravansyon. Konsa, m te vin nan gwo pwoblèm. Menm manman m te fache lefètke m pa t fè sa l te di m fè a!”

Leson: Karina di: “Lè w kache erè w fè, sa toujou fè bagay yo vin pi mal. W ap peye sa yon lè kanmenm!”

Fason pou w aprann nan erè w yo

Tout moun konn fè erè (Women 3:23; 1 Jan 1:8). Men, jan n sot wè sa, lè yon moun rekonèt erè l fè san pèdi tan, sa montre l gen imilite ak matirite.

Lòt etap la se aprann nan erè w yo. Malerezman, gen kèk jèn ki pa aprann nan erè yo lè yo jwenn okazyon an! Petèt yo ka santi yo menm jan ak yon jèn fi ki rele Priscilla. Men sa l di: “Erè m fè yo toujou fè m santi m vrèman dekouraje. Piske m pa fè tèt mwen konfyans, erè m yo vin tankou yon gwo pwa lou m pa ka pote. M tèlman konn santi m dekouraje, m konn di tèt mwen m se yon ka dezespere.”

Yon jèn fi k ap kondui yon machin e k ap gade nan retwovizè a.

Èske w konn santi w konsa pafwa? Si se wi, sonje sa: Lè w ret ap reflechi ak erè w fè se kòmsi w t ap kondui yon machin epi w ret ap gade nan retwovizè a. Lè w ret konsantre sèlman sou sa k te pase w ap santi w pa vo anyen e sa ap fè w pa gen ase fòs pou w fè fas ak difikilte ki gen pou vini yo.

Olye de sa, poukisa w pa eseye gen yon pwennvi ki pi ekilibre?

“Reflechi ak erè w fè yo epi chèche aprann nan yo yon fason pou w pa refè yo. Men, pa ret konsantre twòp sou yo pou yo pa fin kraze w nèt.” — Elliot.

“Mwen eseye konsidere erè m yo kòm yon eksperyans ki ka aprann mwen yon bagay. Nan chak erè m fè, m chèche aprann yon leson k ap ede m vin yon pi bon moun e k ap ede m jere sitiyasyon an yon lòt fason si m jwenn li ankò. Anfèt, se pi bon bagay m te ka fè paske sa ede m grandi.” — Vera.

SA LÒT JÈN DI

Connor

“Gen kèk moun ki kite erè yo fè yo kraze yo nèt alòske gen lòt menm sa pa di yo anyen. Li pi bon pou w twouve w nan mitan, sa vle di, pou w sousye w de erè w yo ase pou w aprann nan yo e pou w pa refè yo ankò.” — Connor.

Dami

“Lè yon moun ki nan yon kous sot tonbe, li voye ògèy li jete epi l ranmase kouraj li pou l leve. Se sa w dwe fè lè w fè yon erè. Lè w aprann nan erè w yo epi w sèvi ak fòs ou pou w leve, ou vin yon pi bon moun.” — Dami.

Zipporah

“Li pi bon pou w sonje erè w fè yo yon fason k ap ede w. Sèvi ak leson w aprann nan pou w pa refè erè a. Men, pa kite vye souvni yo ret sou tèt ou tankou yon nyaj pwès. Aksepte leson an epi bliye sa.” — Zipporah.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje