BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 31
  • Ki sa m dwe konnen sou jwèt videyo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m dwe konnen sou jwèt videyo?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Yon ti tès sou jwèt videyo
  • Bon kote
  • Move kote
  • Retounen nan reyalite a
  • Èske m ta dwe jwe jwèt elektwonik?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Èske mwen esklav aparèy elektwonik?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 31
Yon jèn gason k ap jwe yon jwèt videyo.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen sou jwèt videyo?

  • Yon ti tès sou jwèt videyo

  • Bon kote

  • Move kote

  • Retounen nan reyalite a

  • Sa lòt jèn di

Yon ti tès sou jwèt videyo

Ozetazini, peyi kote endistri jwèt videyo a pèmèt moun antre plizyè milya dola,...

  1. An mwayèn, ki laj moun k ap jwe yo genyen?

    1. 18

    2. 30

  2. Ki pousantaj fi ak gason ki konn jwe jwèt videyo?

    1. 55 pousan gason; 45 pousan fi

    2. 15 pousan gason; 85 pousan fi

  3. Ant de gwoup sa yo, ki gwoup ki gen pi plis moun ki konn jwe?

    1. Fi ki gen 18 an oswa plis

    2. Gason ki gen 17 an oswa mwens

Repons (selon yon rapò ki te soti an 2013):

  1. B. 30.

  2. A. 45 pousan nan moun ki konn jwe yo se fi, sa vle di prèske mwatye.

  3. A. 31 pousan nan moun ki konn jwe yo se fi ki gen 18 an oswa plis alòske 19 pousan nan yo se gason ki gen 17 an oswa mwens.

Estatistik sa yo ka pèmèt nou gen yon ide sou moun ki konn jwe yo. Men, yo pa di n anyen sou bon efè oswa move efè jwèt yo ka gen sou ou.

Bon kote

Ak kiyès nan deklarasyon sa yo, ki fèt sou jwèt videyo, ou dakò?

  • “Se yon bon mwayen pou w vin pi pwòch fanmi w ak zanmi w.” — Irene.

  • “Se yon bèl fason pou w kouri pou reyalite a.” — Annette.

  • “Yo fè w vin gen bon reflèks.” — Christopher.

  • “Yo ede w devlope kapasite w genyen pou w rezoud pwoblèm.” — Amy.

  • “Yo pèmèt sèvo w travay. Ou panse, ou planifye e w chèche estrateji.” — Anthony.

  • “Gen kèk jwèt ki pèmèt ou travay ann ekip ak zanmi w.” — Thomas.

  • “Gen kèk jwèt ki ede w travay, sa ki pèmèt ou ret anfòm.” — Jael.

Èske w dakò ak kèk nan deklarasyon sa yo oswa menm yo tout? Jwèt yo ka fè w jwenn byenfè ni fizikman ni mantalman. Epitou, li pa toujou mal menmsi w ap jwe jis pou w fè tan pase oswa, jan Annette di sa a, jis “pou w kouri pou reyalite a”.

● Bib la di gen “yon lè pou chak bagay k ap fèt sou tè a”. Jwe ladan l tou! — Eklezyas 3:1-4.

Move kote

Èske jwèt videyo pran tout tan w?

“Yonfwa m kòmanse jwe, m twouve l difisil pou m kanpe. A chak fwa, m konn di tèt mwen: ‘Jis yon dènye pati!’ San m pa menm rann mwen kont, plizyè èdtan konn gentan pase, e konsa, m konn pase anpil tan devan ekran an!” — Annette.

“Jwèt videyo ka manje tout tan w. Ou ret chita la pandan plizyè èdtan e w panse w rive fè yon bagay piske w genyen senk pati, men, an reyalite, ou pa akonpli anyen ditou.” — Serena.

Yon jèn gason ki chita sou kabann li e l ap jwe yon jwèt videyo.

Sa w dwe sonje: Si w ta pèdi lajan, ou ka rejwenn li ankò. Men, se pa menm bagay la ditou lè w pèdi tan w. Konsa, nan yon sans, tan gen plis valè pase lajan. Donk, pa kite jwèt yo pran tout tan w!

● Bib la di: “Kontinye mache avèk sajès [...], epi byen sèvi ak tan nou.” — Kolosyen 4:5.

Èske jwèt videyo gen efè sou panse w?

“Nan yon jwèt videyo, san ezite, moun k ap jwe a ka ‘komèt’ yon seri krim ki merite prizon oswa lanmò.” — Seth.

“Gen anpil jwèt kote w dwe touye ènmi w yo pou w genyen. E souvan, ou dwe fè sa yon seri fason ki fewòs.” — Annette.

“Pafwa, ou ka sezi tande sa w ap di zanmi w yo pandan w ap jwe. Ou ka di yo ‘ou pral mouri!’ oswa ‘m pral touye w!’ ” — Nathan.

Sa w dwe sonje: Evite jwe jwèt k ap ankouraje bagay Bondye rayi tankou vyolans, imoralite seksyèl ak pratik ki gen rapò ak movèzespri. — Galat 5:19-21; Efezyen 5:10; 1 Jan 2:15, 16.

● Bib la pa annik di Jewova rayi moun k ap fè vyolans, men l di Jewova “rayi nenpòt moun ki renmen vyolans”. (Sòm 11:5.) Se vre, jwèt videyo w chwazi jwe yo pap di ki kalite moun w ap vin ye, men, yo gendwa di yon bagay sou ki kalite moun ou deja ye.

Reflechi ak sa: Men sa yon liv fè konnen: “Sandout, jwèt videyo vyolan yo gen plis efè sou konpòtman yon timoun pase televizyon, paske, timoun k ap jwe a pa annik ret ap gade yon ero sanginè, se li menm menm ki ero a. Epitou, jwèt yo sitou anseye vyolans etandone yo anseye menm jan ak yon pwofesè nan yon sal klas.” — Chèche vin kalm (anglè); Konpare ak Ezayi 2:4.

Retounen nan reyalite a

Gen anpil jèn ki aprann fè ekilib nan fason yo sèvi ak jwèt videyo. Ann konsidere de egzanp.

“Anvan sa, m te konn ret ap jwe jwèt videyo byen ta. M te konn di tèt mwen: ‘M jis bezwen senk èdtan pou m dòmi? Ban m fè yon lòt pati.’ Kounye a, mwen aprann met jwèt yo nan plas yo. Mwen konsidere yo kòm yon bèl anmizman m ka fè detanzantan. Men, m dwe ekilibre nan tout bagay.” — Joseph.

“M rive akonpli anpil bagay piske m pase mwens tan ap jwe! M vin amelyore nan travay predikasyon an, m chèche fason pou m ede moun nan kongregasyon an e m menm aprann jwe yon enstriman mizik. M rann mwen kont gen anpil bagay m ka aprann!” — David.

● Bib la di gason ak fi ki gen matirite yo montre yo “modere nan abitid” yo (1 Timote 3:2, 11). Yo renmen detann yo, men, yo konn ki lè pou yo kanpe e yo gen metriz pou yo fè sa. — Efezyen 5:10.

Sa w dwe sonje: Jwe jwèt videyo kapab yon bon detant si w kenbe l nan plas li. Men, pa kite jwèt yo kontwole tan w oswa fè w bliye bagay ki pi enpòtan nan lavi a. Kidonk, olye w ret konsantre twòp nan chèche wè fason w ka atenn yon objektif nan yon jwèt, èske l pa t ap pi bon pou w ta sèvi ak efò sa a pou w atenn kèk objektif k ap pèmèt ou genyen nan vrè vi a?

SA LÒT JÈN DI

Madison

“Si w gen jwèt yo nan chanm ou e w santi w pa ka metrize tèt ou, met jwèt yo yon lòt kote! Konsa, l ap fasil pou w di w ap sispann jwe apre yon kantite tan. Men, si jwèt yo nan chanm ou, gen anpil chans pou w fè tout nuit lan ap jwe.” — Madison.

Corbin

“Di w ap sispann jwe nan 10 oswa 20 minit se yon manti kri. Pafwa, ou jis bezwen leve, fèmen jwèt la epi al fè yon lòt bagay. Anfèt, poukisa w pa eseye retire sa nan tèt ou nèt? Sispann jwe pandan kèk jou, e nan plas jwèt yo, chwazi fè yon aktivite k ap pèmèt ou bouje tankou jwe baskèt oswa yon lòt spò.” — Corbin.

Alexandria

“Si w kontinye jwe yon jwèt videyo rive jis inè dimaten oswa pi ta toujou, konnen se jwèt la k ap dirije w e se li menm ki di w ki lè pou w al dòmi. Sa pa bon ditou pou sante w e sa pa vo lapenn paske nan demen w ap leve tou fatige.” — Alexandria.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje