BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 41
  • Ki jan m ka kontwole kòlè m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka kontwole kòlè m?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Tès
  • Rezon ki fè sa enpòtan
  • Sa w ka fè
  • Ki sa Bib la di sou kesyon fè kòlè a?
    Repons Bib la bay
  • Santiman
    Reveye n! — 2019
  • “Yon moun ki gen pèspikasite pa prese fè kòlè”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 41
Figi yon tigason ki montre: 1. Li kalm; 2. Li pa kontan; 3. Li an kòlè

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka kontwole kòlè m?

  • Tès

  • Rezon ki fè sa enpòtan

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Tès

  • Konbyen fwa w an kòlè?

    • sa pa rive souvan

    • pafwa

    • chak jou

  • Nan ki pwen ou konn an kòlè?

    • pa twòp

    • anpil

    • anpil anpil

  • An jeneral, ki moun ki konn fè w an kòlè?

    • paran w

    • frè w ak sè w

    • zanmi w

Si w remake w bezwen kontwole kòlè w, atik sa a ap ede w fè sa! Toudabò, ann wè kèk rezon ki montre n poukisa l enpòtan pou w rete kalm lè yo pwovoke w.

Rezon ki fè sa enpòtan

Byennèt ou. Pwovèb 14:30 di: “Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante.” Men, gen yon ouvraj (Journal of Medicine and Life) ki di “kòlè ka gen yon rapò dirèk ak maladi kè”.

Zanmi w yo. Men sa Bib la di: “Pa mache ak yon moun ki gen gwo san, e pa annafè ak yon moun ki fè kòlè fasil.” (Pwovèb 22:24). Donk, si w renmen fè kòlè, pa sezi si lòt moun ap chèche evite w. Gen yon jèn dam ki rele Jasmine ki di: “Si w pa aprann kontwole kòlè w, w ap pèdi bonjan zanmi w genyen yo.”

Repitasyon w. Ethan, yon jèn ki gen 17 an, di konsa: “Si w pa moun ki konn kontwole kòlè w, lòt moun ap konnen sa e y ap gen yon fason yo wè w.” Mande tèt ou: ‘Ki jan m ta renmen pou lòt moun konsidere m? Èske m ta renmen yo konsidere m kòm yon moun ki kalm e ki renmen fè lapè oubyen kòm yon bonm k ap eksploze depi yo touche l?’ Men sa Bib la di: “Moun ki pa fè kòlè fasil se moun ki gen anpil bon jijman, men, moun ki pa gen pasyans lan fè wè jan l sòt.” — Pwovèb 14:29.

Kèk zanmi yon timoun k ap evite l paske l an kòlè

Pa gen moun ki vle rete kote yon moun ki renmen fè kòlè.

Sa w ka fè

Egzamine vèsè ak kòmantè ki annapre yo, epi poze tèt ou kesyon ki mache avèk yo a.

  • Pwovèb 29:22: “Yon moun ki gen tandans fè kòlè leve diskisyon, moun ki renmen fè gwo kòlè fè anpil peche.”

    “Lè m te piti, sa k te pi di pou mwen se kontwole kòlè m. Fanmi bò kot papa m yo gen menm pwoblèm nan. Nou rele sa kòd jenetik fanmi an. Li difisil pou n kontwole kòlè nou.” — Kerri.

    Èske m renmen fè kòlè? Si m aksepte fè sa m kapab pou m gen bèl kalite, èske l nòmal pou m annik aksepte se pwoblèm ras ki fè m gen defo sa a?

  • Pwovèb 15:1: “Yon repons ki dous kalme kòlè, men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.”

    “Sekrè a se aprann kontwole tèt ou. Si w chèche gen yon bèl pèsonalite e w konsantre sou sa ki pozitif, ou pap ni pa gen kontwòl sou tèt ou, ni pèdi metriz ou.” — Daryl.

    Lè yo pwovoke m, poukisa premye fason m reyaji a enpòtan?

  • Pwovèb 26:20: “Kote ki pa gen bwa, dife mouri.”

    “Lè m reyaji avèk jantiyès, an jeneral, sa kalme lòt moun nan e sa fè nou kapab pale san nou pa pèdi kontwòl sou tèt nou.” — Jasmine.

    Ki jan sa m ap di ak sa m ap fè ka tankou se gaz m ap mete sou dife?

  • Pwovèb 22:3: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache, men, moun ki pa gen eksperyans lan kontinye ale tou dwat e li peye sa.”

    “Pafwa, m jis bezwen ale pou m ka bay tèt mwen tan pou m panse sou sa k pase a, epi apre pou m ka jere sa lè m vin kalm.” — Gary.

    Ki lè l ka pi bon pou w ale pou yon sitiyasyon kote gen presyon san w pa kite lòt moun nan panse ou meprize l?

  • Jak 3:2: “Nou tout nou bite tanzantan.”

    “Erè nou fè yo dwe fè n tris, men nou dwe pran leson ladan yo. Nou dwe leve lè n tonbe, epi pran detèminasyon pou n fè pi byen pwochèn fwa.” — Kerri.

Konsèy: Chèche gen yon objektif. Pran detèminasyon pou w rete kalm pandan yon tan, petèt pandan yon mwa. Chak jou, make pwogrè w fè yo.

SA LÒT JÈN DI

Alyssa

“M te konn panse moun ki kite sa san yo pa an kòlè se moun ki fèb. Kounye a, mwen wè se imilite yo vle montre yo genyen, se youn nan kalite ki pi enpòtan nou ka demontre. Li pa fasil pou n aprann kontwole tèt nou, men li nesesè pou n fè sa.” — Alyssa.

Erik

“Lè m fè yon ti tan ap respire, sa pèmèt mwen reflechi anvan m reyaji, pou m pa reyaji yon fason m pral regrèt annapre. Kòlè pa janm rezoud pwoblèm vre. Okontrè, sa konn fè sitiyasyon an vin pi mal.” — Erik.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje