BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 101
  • Ki sa peche moun pap jwenn padon pou li a ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa peche moun pap jwenn padon pou li a ye?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske w peche kont lespri sen ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Èske Bondye ap padone m?
    Repons Bib la bay
Repons Bib la bay
ijwbq atik 101
Yon jij k ap depoze ti mato l la.

Ki sa peche moun pap jwenn padon pou li a ye?

Repons Bib la bay

Peche moun pap jwenn padon pou li a se yon seri aksyon yon moun fè, e akoz konpòtman l, li pap janm jwenn padon Bondye. Ki jan yon moun ka rive nan pwen sa a?

Bondye padone moun ki repanti pou peche yo fè, ki fè sa l di e ki demontre lafwa nan sakrifis Jezi kris la (Travay 3:19, 20). Men, yon moun ka tèlman lage kò l nan fè peche nan pwen li pap janm chanje konduit li ak fason l wè bagay yo. Labib di yon moun konsa se yon moun ki gen “yon kè ki mechan”, ki kite “pouvwa peche genyen pou l twonpe moun [...] fè [kè l vin] di”. (Ebre 3:12, 13.) Menm jan ak yon ajil ki kuit nan yon fou yon moun pap janm ka rebay fòm ankò, kè moun sa vin dozado nèt ak Bondye (Ezayi 45:9). Donk, Bondye pap janm padone l, se sa k fè li pap jwenn padon pou peche li a e li san eskiz. — Ebre 10:26, 27.

Nan epòk Jezi a, te gen chèf relijye juif ki te fè peche ki pa ka jwenn padon. Yo te konnen se grasa pisans lespri sen Jezi te konn fè mirak li yo, men, yo te konn fè espre y ap di pouvwa l genyen an sot nan Satan Ledyab. — Mak 3:22, 28-30.

Kèk peche ki ka jwenn padon

  • Moun ki blasfeme paske yo nan inyorans. Men ki sa apot Pòl, yon moun ki te konn blasfeme yon lè, te di: “Yo fè m mizèrikòd, paske mwen te nan inyorans e mwen t ap aji san lafwa.” — 1 Timote 1:13.

  • Adiltè. Labib pale de kèk moun ki te fè adiltè yon lè, men, ki te vin chanje konduit, e Bondye te padone yo. — 1 Korentyen 6:9-11.

“Èske m fè peche ki pa gen padon pou li a?”

Si w rayi move konduit ou te genyen nan tan lontan yo ak tout kè w, e w vle chanje toutbonvre, sa montre ou pa fè peche ki pa gen padon pou li a. Bondye kapab padone yon moun menmsi l tonbe plizyè fwa nan menm peche a, depi l pa fè kè l di kont Bondye. — Ezayi 1:18.

Gen kèk moun ki panse yo fè peche ki pa gen padon pou li a paske yo wè yo gen santiman ki fè yo santi yo koupab ki toujou ap toumante yo. Men, Labib anseye nou pou n pa toujou fè santiman nou konfyans (Jeremi 17:9). Bondye pa mande nou jije pèsonn, pa menm tèt nou (Women 14:4, 12). Li kapab padone nou menm lè pwòp kè nou ta kondane nou. — 1 Jan 3:19, 20.

Èske Jida te fè peche moun pap jwenn padon pou li a?

Wi, li te fè l. Tandans ava l te genyen an te fè l al vòlè lajan yo te bay kòm ofrann pou sèvis sakre a. Li te menm pran pòz li t ap enkyete l pou moun ki pòv yo, alòske sa k te pi enterese l, se jwenn plis lajan pou l vòlè (Jan 12:4-8). Lè kè Jida te vin pi anrasinen nan fè sa ki mal, li te trayi Jezi pou 30 pyès monnen ann ajan. Jezi te konnen Jida pa t ap janm repanti toutbonvre pou sa l te fè a, se sa k fè l te rele l “pitit destriksyon an”. (Jan 17:12.) Kidonk, lè Jida mouri, li tou detwi nèt, e pa gen okenn espwa rezirèksyon pou li. — Mak 14:21.

Jida pa t repanti toutbonvre pou peche l la. Li pa t konfese Bondye peche l te fè a, men se chèf relijye li te fè konplo avèk yo a li t al konfese peche l la. — Matye 27:3-5; 2 Korentyen 7:10.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje