BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 102
  • Èske jwe aza se peche?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske jwe aza se peche?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Bib la kondane jwèt aza?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Jwèt aza
    Reveye n! — 2015
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
Repons Bib la bay
ijwbq atik 102
Yon moun ki jwe jwèt aza k ap gade fich lotri l pandan y ap bay rezilta sou televizyon

Èske jwe aza se peche?

Repons Bib la bay

Menmsi Labib pa pale sou kesyon jwèt aza a an detay, men, apati de prensip ki nan Bib la, nou ka konprann Jewova wè jwèt aza kòm yon peche. — Efezyen 5:17.a

  • Se avidite ki fè moun jwe aza, e Bondye rayi bagay sa a (1 Korentyen 6:9, 10; Efezyen 5:3, 5). Moun k ap jwe aza yo vle gen lajan lòt moun y ap jwe avèk yo a ap pèdi a, men Bondye rayi lè moun gen tanta sou afè moun. — Egzòd 20:17; Women 7:7; 13:9, 10.

  • Menmsi se pa pou anpil lajan yon moun jwe, sa ka fè lanmou pou lajan grandi lakay li, yon bagay ki lakòz destriksyon. — 1 Timote 6:9, 10.

  • Souvan, moun k ap jwe aza yo kwè nan sipèstisyon ak chans. Sepandan, Bondye konsidere bagay sa yo se idolatri, yon bagay ki pa ka mele ak adorasyon pa l la ditou. — Ezayi 65:11.

  • Labib pa ankouraje moun gen byen san swe, okontrè, li ankouraje yo travay di pito (Eklezyas 2:24; Efezyen 4:28). Moun ki suiv konsèy Bib la bay ka “manje manje yo travay pou li”. — 2 Tesalonisyen 3:10, 12.

  • Lè moun ap jwe aza, sa ka fè etadespri fè konpetisyon an, ki se yon vye etadespri Labib pa dakò avè l, vin pi fò lakay li. — Galat 5:26.

a Yo pale de jwèt aza byen klè nan Bib la sèlman lè sòlda Women yo t ap fè tiraj osò, oubyen yo t ap jwe aza, pou rad Jezi. — Matye 27:35; Jan 19:23, 24.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje