BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 46
  • Konbyen Temwen Jewova ki gen sou tè a?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konbyen Temwen Jewova ki gen sou tè a?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki lè nou konte yon moun kòm Temwen Jewova?
  • Èske yon moun dwe bay lajan pou l vin yon Temwen?
  • Ki jan nou fè pou nou konnen kantite moun toutbon k ap preche?
  • Èske nou konte moun k ap etidye, moun ki asiste reyinyon men ki pa preche yo kòm Temwen Jewova?
  • Poukisa kantite Temwen Jewova Leta di ki genyen an pi plis pase kantite nou menm nou bay la?
  • Total pou ane 2024
    2024 Rapò mondyal Temwen Jewova yo pou ane sèvis la
  • Total pou ane 2015
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2016
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
  • Ou ka gen espwa pou ane 2024 la — Ki sa Bib la di?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 46
Yon Temwen Jewova k ap preche yon fi.

Konbyen Temwen Jewova ki gen sou tè a?

??? Rapò ane sèvis

Kantite Temwen Jewova ki gen sou tè a

8 220 105

Kongregasyon

118 016

Peyi ki gen Temwen Jewova k ap preche

240

??? Total

??? Rapò sou peyi ak tèritwa

Ki lè nou konte yon moun kòm Temwen Jewova?

Moun nou konte kòm Temwen Jewova se moun ki preche bon nouvèl Wayòm nan chak mwa (Matye 24:14). Pami moun nou konte yo, genyen ki batize kòm Temwen e genyen ki pa batize men ki kalifye pou yo patisipe nan travay predikasyon an.

Èske yon moun dwe bay lajan pou l vin yon Temwen?

Non. Se pa lajan yon moun bay k ap fè yo konte l kòm yon Temwen Jewova oswa k ap fè yo ba l fè yon travay oswa ba l yon privilèj espesyal nan òganizasyon nou an (Travay 8:18-20). An reyalite, nou pa konn non pifò moun ki fè ofrann yo. Chak Temwen Jewova bay tan l, enèji l ak lòt bagay li genyen pou l kore travay mondyal nou an selon mwayen l, san yo pa egzije l fè sa. — 2 Korentyen 9:7.

Ki jan nou fè pou nou konnen kantite moun toutbon k ap preche?

Chak mwa, Temwen yo bay kongregasyon kote yo ye a yon rapò sou travay predikasyon yo fè a e yo fè sa san yo pa fòse yo.

Kongregasyon yo ranmase rapò yo, yo fè total sa yo jwenn nan e yo voye l nan biwo ki responsab zòn yo ye a. Biwo a fè total rapò li jwenn pou chak peyi oswa pou chak zòn, e li voye l nan biwo santral ki okipe aktivite Temwen Jewova yo nan lemonnantye.

Nan fen chak ane sèvisa, yo fè konnen kantite Temwen Jewova ki te genyen pandan ane a pou chak peyi. Yo fè total kantite yo jwenn pou chak peyi pou yo rive wè kantite Temwen ki genyen sou tout tè a. Yo bay yon rapò detaye sou chak peyi nan seksyon “Toupatou nan monn nan” ki sou sit Entènèt nou an. Rapò sa yo ankouraje nou, menm jan sa te ye pou premye kretyen yo. — Travay 2:41; 4:4; 15:3.

Èske nou konte moun k ap etidye, moun ki asiste reyinyon men ki pa preche yo kòm Temwen Jewova?

Nou pa konte moun sa yo pami Temwen Jewova yo, men nou kontan akeyi yo nan kongregasyon nou yo. Pifò ladan yo asiste Memoryal lanmò Kris la ki fèt chak ane. Nou rive gen yon ide sou kantite moun sa yo lè nou retire kantite moun ki asiste reyinyon sa a nan kantite Temwen Jewova ki genyen. An 2015, te gen 19 862 783 moun ki te asiste Memoryal la.

Anpil nan moun ki pa asiste reyinyon nou yo pwofite pwogram etid Labib gratis nou fè lakay moun yo. Pandan ane 2015 lan, chak mwa nou te dirije anviwon 9 708 968 etid Labib, e gen kèk nan etid sa yo nou te fè ak plizyè moun anmenmtan.

Poukisa kantite Temwen Jewova Leta di ki genyen an pi plis pase kantite nou menm nou bay la?

Byen souvan, pou biwo ki fè resansman pou Leta yo rive detèmine kantite moun ki nan yon relijyon, yo annik mande moun yo ki relijyon yo. Pa egzanp, Biwo resansman nan peyi Etazini fè konnen lè y ap fè resansman, yo “chèche konnen si moun nan konsidere tèt li kòm yon moun ki nan yon relijyon”, e li di tou rezilta yo jwenn yo baze sou “sa moun yo panse men li pa baze sou reyalite a”. Nou menm, moun nou konte kòm Temwen Jewova yo se sèlman moun ki preche lòt moun e ki remèt yon rapò sou sa, se pa moun ki annik di yo se Temwen.

a Yon ane sèvis kòmanse soti 1ye septanm pou rive 31 out. Pa egzanp, ane sèvis 2015 lan te kòmanse 1ye septanm 2014 e li te fini 31 out 2015.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje