BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 115
  • Ki sa gwo tribilasyon an ye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa gwo tribilasyon an ye?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Rete fidèl pandan “gwo tribilasyon” an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Wayòm Bondye a detwi tout ènmi l yo
    Wayòm Bondye a ap dirije!
  • Fason monn sa a pral rive nan bout li
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 115
Moun ki chape nan gwo tribilasyon an ki kenbe youn lòt byen fò.

Ki sa gwo tribilasyon an ye?

Repons Bib la bay

Gwo tribilasyon an se pral pi gwo peryòd latwoublay ki poko janm rive limanite. Selon pwofesi ki nan Bib la, l ap rive nan “dènye jou yo” oswa nan “lè [...] pou tout bagay fini” an (2 Timote 3:1; Dànyèl 12:4, Bib la). Se pral “yon tribilasyon ki poko janm rive depi nan kòmansman kreyasyon Bondye fè a rive jis kounye a, e ki pap rive ankò”. — Mak 13:19; Dànyèl 12:1; Matye 24:21, 22.

Evènman k ap rive pandan gwo tribilasyon an

  • Y ap detwi fo relijyon. Yo pral detwi fo relijyon yo byen vit sanzatann (Revelasyon 17:1, 5; 18:9, 10, 21). Se Nasyonzini, ki reprezante pisans politik yo, ki pral fè aksyon sa a pou akonpli volonte Bondye. — Revelasyon 17:3, 15-18a.

  • Y ap atake vrè relijyon an. Selon vizyon Ezekyèl la, “Gòg ki sot nan peyi Magòg” la, sètadi yon pakèt nasyon ki rasanble ansanm, pral eseye elimine moun ki nan vrè relijyon an. Sepandan, Bondye pral pwoteje adoratè l yo yon fason pou yo pa detwi. — Ezekyèl 38:1, 2, 9-12, 18-23.

  • Y ap jije moun ki abite sou te a. Jezi pral jije tout moun e l “pral separe [...] yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit”. (Matye 25:31-33.) Jijman sa a pral baze sou fason chak moun te soutni oswa yo pa t soutni “frè” Jezi yo, anpalan de moun ki pral dirije avè l nan syèl la. — Matye 25:34-46.

  • Y ap rasanble moun ki pral dirije nan Wayòm nan. Moun fidèl Bondye chwazi pou al dirije ak Kris yo ap fini lavi yo sou tè a e y ap resisite pou y al viv nan syèl. — Matye 24:31; 1 Korentyen 15:50-53; 1 Tesalonisyen 4:15-17.

  • Amagedòn. Yo rele “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye” a “Jou Jewova a” tou (Revelasyon 16:14, 16; Ezayi 13:9; 2 Pyè 3:12). Tout moun Jezi jije kòm moun ki opoze avè l pral detwi (Sofoni 1:18; 2 Tesalonisyen 1:6-10). Sa ap gen ladan l destriksyon sistèm politik monn nan Bib la dekri kòm yon bèt sovaj ki gen sèt tèt. — Revelasyon 19:19-21.

Evènman k ap rive apre gwo tribilasyon an

  • Y ap mare Satan ak demon l yo. Yon zanj pisan pral pimpe Satan ak demon l yo “nan twou san fon an” ki senbolize yon kondisyon kote yo pa ka fè anyen ankò, kòmsi yo te mouri (Revelasyon 20:1-3). Nan twou san fon an, se pral kòmsi Satan te nan prizon, li pap ka enfliyanse okenn bagay ankò. — Revelasyon 20:7.

  • Kòmansman Rèy mil an an. Wayòm Bondye a ap kòmanse rèy mil an an, yon peryòd ki pral pote anpil benediksyon pou limanite (Revelasyon 5:9, 10; 20:4, 6). Gen yon “gwo foul moun” pèsonn pa ka konte k ap chape “anba gwo tribilasyon an”, e y ap wè kòmansman rèy mil an an sou tè a. — Revelasyon 7:9, 14; Sòm 37:9-11.

a Nan liv Revelasyon an, yo pale de fo relijyon yo antanke Gran Babilòn nan, “gwo pwostitye” a (Revelasyon 17:1, 5). Bèt sovaj koulè wouj vif ki pral detwi Gran Babilòn nan reprezante òganizasyon ki gen objektif pou l ini nasyon yo epi reprezante yo. Okòmansman, yo te rele l Sosyete Nasyon yo, e kounye a li se Nasyonzini.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje