BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 60
  • Ki sa m dwe konnen konsènan alkòl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m dwe konnen konsènan alkòl?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Reflechi sou sa k ka rive
  • Pran yon rezolisyon
  • Ki jan kretyen yo konsidere alkòl?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Ann suiv prensip Bondye bay anrapò ak bwason ki gen alkòl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Kite alkòl nan plas li
    Kite alkòl nan plas li
  • Ki jan w ka kontwole kantite bwason ki gen alkòl ou bwè?
    Kèk lòt sijè
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 60
Y ap ofri yon jèn gason alkòl pandan l nan piknik.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m dwe konnen konsènan alkòl?

Bib la pa kondane bwè alkòl avèk moderasyon nan ka kote lalwa pèmèt sa. Sepandan, li kondane ka kote moun ap bwè pou sou. — Sòm 104:15; 1 Korentyen 6:10.

Men, ki sa w ka fè si y ap fè presyon sou ou pou w bwè nan ka kote lalwa entèdi sa oswa paran w pa dakò?

  • Reflechi sou sa k ka rive

  • Pran yon rezolisyon

  • Sa lòt jèn di

Reflechi sou sa k ka rive

Gen kèk jèn ki ka panse fòk yo bwè alkòl pou yo pase yon bon ti moman. Men ki sa k ka rive apre yo fin bwè alkòl la?

  • Yon moun ki nan prizon.

    Pwoblèm ak otorite yo. Selon kote w rete a, si w bwè alkòl toutpandan lalwa entèdi sa, ou ka pran yon kontravansyon, yo ka di w komèt yon krim, ou ka pèdi lisans ou, ou ka oblije fè yon travay fòse pou kominote a e yo ka menm mete w nan prizon. — Women 13:3.

  • Yon telefòn.

    Move repitasyon. Alkòl fè w pèdi bonsans ou. Lè w anba enfliyans li, ou ka di oswa w ka fè kèk bagay w ap regrèt annapre (Pwovèb 23:31-33). Nan epòk sa a kote enfòmasyon gaye byen vit sou rezo sosyal, sa w fè ka gen gwo konsekans sou repitasyon w.

  • Yon fi k ap sibi asèlman seksyèl.

    Defans ou febli. Alkòl ka fè l fasil pou moun atake w fizikman oswa pou yo fè asèlman seksyèl sou ou. Epitou, li ka fè w soumèt anba enfliyans lòt moun byen fasil, sa ki ka fè w riske lavi w oswa fè w gen konpòtman lalwa kondane.

  • Yon boutèy alkòl vid.

    Esklav alkòl. Gen kèk moun k ap fè rechèch ki montre plis ou kòmanse bwè alkòl byen bonè nan lavi w se plis w ap vin depann de li. Lè yon moun ap bwè pou l fè fas ak strès, lè l santi l poukont li oswa l santi annuiye, li vin pi difisil pou l sispann.

  • Yon tèt mò ak de zo.

    Lanmò. Ozetazini, nan yon ane ki fèk sot pase, chak 52 minit gen yon moun ki te mouri nan aksidan akoz chofè a te bwè twòp. Sou yon peryòd senkan, gen plis pase 1 500 moun, ki gen mwens pase 21 an, ki te mouri chak ane nan aksidan akoz moun t ap bwè alkòl. Menmsi ou pa bwè alkòl, se yon gwo risk sa ye lè w aksepte woulib nan men yon moun ki bwè alkòl.

Pran yon rezolisyon

Ou ka evite move konsekans ki koute chè bwè alkòl lakòz si depi alavans ou deside ki sa w ap fè.

Prensip biblik: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Li pa saj pou yon moun bwè alkòl anvan l kondui oswa anvan l fè nenpòt lòt travay k ap mande pou l konsantre anpil.

Rezolisyon: ‘Si m chwazi bwè alkòl, m ap tann lè m gen laj pou sa ak lè m pa nan yon vye anbyans.’

Prensip biblik: ‘Nou se esklav moun nou obeyi a.’ (Women 6:16). Si w bwè alkòl paske lòt jèn ap fè sa, se kite w kite lòt moun kontwole w. Si w bwè alkòl paske w santi w annuiye oswa pou w fè fas ak strès, ou pap ka chèche vin gen kapasite w dwe genyen pou w fè fas ak pwoblèm ou yo.

Rezolisyon: ‘M pap kite lòt jèn ban m presyon pou m bwè alkòl.’

Prensip biblik: “Pinga w vin yon moun ki bwè twòp.” (Pwovèb 23:20). Move konpayi ka fè w pèdi detèminasyon w. Lè w frekante moun ki konn mal sèvi ak alkòl se mete w met tèt ou an danje.

Rezolisyon: ‘M pap frekante moun ki konn mal sèvi ak alkòl.’

Sa lòt jèn di

Jordan

“Lè m te lekòl, se toutan yo te konn ap eseye fè m bwè. M te oblije toujou ap fè tèt mwen sonje prensip ki nan 1 Korentyen 15:33 a ki di: “Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — Jordan.

Jenna

“M eseye evite nenpòt moun oswa nenpòt sitiyasyon kote yo ka fè presyon sou mwen pou m bwè. Erezman m gen zanmi ki toujou pran bon desizyon anrapò ak alkòl.” — Jenna.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje