BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 54
  • Ki jan Temwen Jewova yo konsidere divòs?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan Temwen Jewova yo konsidere divòs?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Èske Temwen Jewova yo konn ede moun ki gen pwoblèm nan maryaj yo?
  • Èske se ansyen nan kongregasyon yo ki dwe apwouve divòs yon Temwen?
  • Ki jan Temwen yo konsidere separasyon?
  • Si maryaj la sou wout kraze
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Pwennvi Bib la sou divòs ak separasyon
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Onore maryaj: Yon dispozisyon Bondye pran
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Menmsi maryaj ou gen pwoblèm, rete pozitif
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 54
Yon foto maryaj ki chire an de.

Ki jan Temwen Jewova yo konsidere divòs?

Nou respekte sa Bib la di konsènan maryaj ak divòs. Bondye te kreye maryaj kòm yon inyon pou toutan ant yon gason ak yon fi. Imoralite seksyèl se sèl rezon valab Ekriti yo bay pou gen divòs. — Matye 19:5, 6, 9.

Èske Temwen Jewova yo konn ede moun ki gen pwoblèm nan maryaj yo?

Wi, yo sèvi ak plizyè mwayen pou sa:

  • Piblikasyon yo. Zouti sa yo ki parèt regilyèman ka ede moun marye yo fè maryaj yo vin pi djanm, menm maryaj ki sanble pa ka repare yo. Pa egzanp, gade atik “Toujou respekte angajman ou te pran lè w te marye a”, atik “Comment pardonner” a ak atik “Comment rétablir la confiance entre conjoints”.

  • Reyinyon yo. Nan reyinyon kongregasyon nou yo, asanble yo ak kongrè yo, nou pale sou konsèy pratik Bib la bay pou maryaj.

  • Ansyen yo. Ansyen nan kongregasyon yo bay koup marye yo bonjan èd lè yo atire atansyon yo sou kèk konsèy nou jwenn nan Ekriti yo, tankou Efezyen 5:22-25.

Èske se ansyen nan kongregasyon yo ki dwe apwouve divòs yon Temwen?

Non. Menm lè moun marye yo konn chèche èd nan men ansyen yo pou yo ka fè fas ak difikilte y ap rankontre nan maryaj yo, ansyen yo pa gen dwa di yo sa yo dwe fè (Galat 6:5). Sepandan, yon moun ki chwazi divòse san rezon Ekriti yo bay la pa lib pou l remarye dapre Ekriti yo. — 1 Timote 3:1, 5, 12.

Ki jan Temwen yo konsidere separasyon?

Bib la ankouraje moun marye yo pou yo ret ansanm menm lè yo nan sitiyasyon ki pa favorab (1 Korentyen 7:10-16). Lè yo priye ak tout kè yo, lè yo aplike prensip biblik yo e yo demontre lanmou, sa ka rezoud anpil pwoblèm. — 1 Korentyen 13:4-8; Galat 5:22.

Sepandan, gen kretyen ki konn deside separe nan kèk sitiyasyon ekstrèm tankou sa ki vin apre yo:

  • Lè yon konjwen chwazi refize pran swen fanmi an. — 1 Timote 5:8.

  • Lè gen gwo vyolans fizik. — Sòm 11:5.

  • Lè lavi espirityèl fanmi an an danje. Pa egzanp, yon konjwen ka eseye fòse yon Temwen vyole kòmandman Bondye yo, e konjwen ki santi l menase a ka rann li kont separasyon se sèl mwayen l genyen pou l ‘obeyi Bondye antanke chèf olye l obeyi lèzòm’. — Travay 5:29.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje