BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 63
  • Èske pa gen anyen mal nan flète?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske pa gen anyen mal nan flète?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa flète ye?
  • Poukisa kèk moun fè l?
  • Ki danje ki gen nan sa?
  • 1 Li ede n evite pwoblèm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2018
  • Nou zanmi oswa nou renmen? — 2yèm pati: Ki sa m lese l konprann?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Nou zanmi oswa nou renmen? — 1ye pati: Ki sa mwen konprann?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Prezève kè nou pou nou ka konsève chastete nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 63
Yon jèn fi k ap flète ak yon jèn gason nan yon sal klas.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske pa gen anyen mal nan flète?

  • Ki sa flète ye?

  • Poukisa kèk moun fè l?

  • Ki danje ki gen nan sa?

  • Sa lòt jèn di

Ki sa flète ye?

Selon kèk moun, yon moun k ap flète se yon moun ki di pawòl oswa ki fè aksyon ki fèt lòt moun ki pa gen menm sèks avè l panse l gen santiman womantik pou yo. Èske l mal pou w gen santiman womantik pou yon moun? Pa vrèman. Men sa yon jèn fi ki rele Ann fè konnen: “Si w gen laj pou w kòmanse renmen e w enterese nan yon moun, ki lòt fason w ka rive wè si l gen santiman pou ou tou?”

Sepandan, nan atik sa a, nou pral pale sou yon kalite flète kote yon moun ap aji kòmsi l te enterese nan yon moun alòske l pa gen okenn entansyon serye.

“Bay yon moun ou vle kòmanse yon relasyon womantik avè l yon atansyon espesyal se youn. Men, fè yon moun kwè w enterese nan li epi w sispann demontre enterè sa a bridsoukou pou w blese santiman l se yon lòt bagay.” — Deanna.

Poukisa kèk moun fè l?

Gen moun ki flète jis pou bay tèt yo plis enpòtans. Men sa yon jèn fi ki rele Hailey fè konnen: “Lè w rann ou kont ou ka jwenn yon atansyon konsa, ou gendwa vle jwenn plis.”

Men, lè w fè espre w bay yon moun enpresyon w gen santiman womantik pou li alòske se pa vre, ou montre w pa gen konsiderasyon pou santiman moun nan. Anplis de sa, moun ap gen dout sou matirite w. Bib la di: “Yon moun ki pa gen bonsans kontan lè l ap fè aksyon moun sòt.” — Pwovèb 15:21.

Hailey gen bonjan rezon lè l di: “Flète ka kòmanse san pwoblèm, men l toujou fini mal.”

Ki danje ki gen nan sa?

  • Lè w flète, sa sal repitasyon w.

    “Yon moun k ap flète sanble ak yon moun ki enstab e ki pa gen matirite. Ou santi moun sa a pa onèt, li sèlman ap eseye chèche jwenn yon bagay nan men w.” — Jeremy.

    Bib la di: “Lanmou [...] pa chèche pwòp enterè l.” — 1 Korentyen 13:4, 5.

    Fè yon ti reflechi: Ki kalite pawòl oswa aksyon ki ka fè yo konnen w kòm moun k ap flète?

  • Lè w flète, sa fè moun w ap flète avè l la mal.

    “Lè m rankontre yon moun ki konn flète, m anvi kouri pou li. Se kòmsi m santi sèl rezon ki ka fè l vin pale avè m se paske m se yon fi. Moun k ap flète yo pa vrèman enterese nan mwen, sèl sa k enterese yo se fè tèt yo plezi.” — Jaqueline.

    Bib la di: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

    Fè yon ti reflechi: Èske sa pa janm rive w pou w panse yon moun renmen w epi annapre w vin rann ou kont se pa t vre? Si se wi, ki jan w te santi w apre sa? Ki jan w ka evite blese yon moun konsa tou?

  • Lè w flète, sa gen efè sou posiblite w genyen pou w renmen toutbon.

    “Yon moun ki konn flète se pi move moun pou w marye oswa pou w renmen avè l. Ki jan m ka rive byen konnen yon moun oswa fè l konfyans si l pa montre m kiyès li ye toutbon?” — Olivia.

    Men sa salmis David te di: “Mwen pa pran pa ak moun k ap kache sa yo ye.” — Sòm 26:4.

    Fè yon ti reflechi: Ki kalite moun yon moun k ap flète ap atire sou li? Èske se kalite moun konsa ou vle atire?

Sa lòt jèn di

Scott

“Si w konn flète, w ap blese moun e moun sa yo ap di lòt moun sa w te fè. Plis ou kontinye fè sa, se plis w ap vin gen move repitasyon e l ap vin pi difisil pou w retounen gen bon repitasyon.” — Scott.

Jeslyn

“Flète ka vrèman sal repitasyon w. Anfèt, yon moun k ap flète montre l pa sensè e l pa yon moun yo ka fè konfyans. Se pa moun konsa m ta renmen chwazi pou vin bon zanmi m.” — Jeslyn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje