BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 69
  • Poukisa m ta dwe priye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa m ta dwe priye?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa lapriyè ye?
  • Èske Bondye ap tande?
  • Sou ki sa m ka priye?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Kouman pou w pwoche kote Bondye
    Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 69
Yon jèn fi ki chita bò yon letan

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m ta dwe priye?

Selon yon sondaj, sou chak 100 adolesan ann Amerik, gen 80 ki priye men se sèlman mwatye nan 80 yo ki priye chak jou. Siman kèk nan yo ap mande tèt yo: ‘Èske lapriyè se senpleman yon bagay ki fè m santi m byen oswa èske li plis pase sa?’

  • Ki sa lapriyè ye?

  • Èske Bondye ap tande?

  • Sou ki sa m ka priye?

  • Sa lòt jèn di

Ki sa lapriyè ye?

Lapriyè se yon kominikasyon reyèl ak Sila a ki kreye tout bagay la. Imajine sa sa vle di! Jewova siperyè lèzòm nan tout domèn, poutan “li pa lwen okenn nan nou”. (Travay 17:27.) Dayè, men bèl envitasyon nou jwenn nan Bib la: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?

  • Youn nan fason yo se pa mwayen lapriyè, se fason sa a ou pale ak Bondye.

  • Yon lòt fason se mwayen etid Labib, se fason sa a Bondye “pale” avè w.

Yon kalite kominikasyon konsa (lapriyè ak etid Labib) ap ede w vin gen yon amitye ki solid ak Bondye.

“Pale ak Jewova, sa vle di kominike ak Moun ki pi enpòtan ki genyen an, se youn nan pi gwo onè yon moun ka genyen.” — Jeremy.

“Lè m priye Jewova pou m fè l konn santiman ki pi fon ki lakay mwen sa fè m santi m pi pwòch li.” — Miranda.

Èske Bondye ap tande?

Menmsi w kwè nan Bondye e menmsi w priye l, li ka difisil pou w kwè li tande w vre. Men, Labib rele Jewova Moun “ki tande lapriyè” a (Sòm 65:2). Labib menm ankouraje nou “lage tout tètchaje nou genyen sou li”. Pou ki rezon? “Paske li gen sousi pou [ou].” — 1 Pyè 5:7.

Fè yon ti reflechi: Èske w pran tan pou w pale ak bon zanmi w yo regilyèman? Ou ka fè menm bagay la avèk Bondye. Pale avè l nan lapriyè regilyèman epi site non l ki se Jewova (Sòm 86:5-7; 88:9). Anfèt, Labib ankouraje w “priye toutan”. — 1 Tesalonisyen 5:17.

“Lapriyè se yon konvèsasyon ant mwen menm ak Papa m ki nan syèl la kote mwen vide kè m ba li nèt.” — Moises.

“Lè m ap pale ak Jewova mwen esplike l bagay yo an detay menm jan mwen fè sa lè m ap pale ak manman m oswa yon bon zanmi.” — Karen.

Sou ki sa m ka priye?

Labib di: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.” — Filipyen 4:6.

Èske sa vle di li nòmal pou w priye pou pwoblèm ou yo? Wi! Dayè, Labib di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” — Sòm 55:22.

Natirèlman, lè w ap priye Bondye ou pa ta dwe pale de pwoblèm ou sèlman. Gen yon jèn dam ki rele Chantelle ki di: “Mwen pa t ap yon bon zanmi si m ta priye Jewova sèlman pou l ede m. Mwen santi mwen ta dwe di l mèsi anvan e lis bagay mwen ka remèsye l pou li yo long.”

Fè yon ti reflechi: Pou ki bagay ou ka di Bondye mèsi? Èske w ka panse ak twa bagay ou ka di Jewova mèsi pou yo jodi a?

“Menm yon ti bagay tou senp, tankou si n ap admire yon bèl flè, ka pouse nou priye Jewova pou n di l mèsi.” — Anita.

“Medite sou yon bagay nan kreyasyon an ki fè yon gwo efè sou ou oswa sou yon vèsè ki vrèman touche w, epi di Jewova mèsi pou sa.” — Brian.

Sa lòt jèn di

Moises

“Priyè nou ta dwe gen fon menm jan ak lanmè, yo pa ta dwe tankou yon ti ma dlo. Jewova vle ede nou, e menmsi li konnen sa nou bezwen depi anvan nou pale avè l, nou ka montre l jis nan ki pwen nou fè l konfyans lè priyè nou yo gen fon.” — Moises.

Miranda

“Lapriyè tankou yon kòd kote mwen kenbe yon bout e Jewova kenbe lòt bout la. Lè m priye pou yon bagay ki nan fon kè m, se kòmsi mwen kenbe bout kòd pa m nan pi di e Jewova fè menm jan an, sa ki fè lyen ki gen ant mwen menm avè l la vin pi sere.” — Miranda.

Jeremy

“Si nou pa veye, nou ka annik priye pou bagay nou bezwen sèlman. Men, lè nou di Jewova mèsi, sa montre nou apresye tout sa l ban nou e nou konsantre priyè nou yo sou lòt bagay, men pa sou tèt nou sèlman.” — Jeremy.

Shelby

“Plis nou di Jewova mèsi se plis n ap vin gen rekonesans. Lè nou priye Jewova pou n di l mèsi, sa ede n konsantre sou benediksyon nou jwenn olye nou konsantre sou pwoblèm nou genyen.” — Shelby.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje