BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 130
  • Sa sa vle di ‘onore papa w ak manman w’?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa sa vle di ‘onore papa w ak manman w’?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Move konsepsyon moun genyen sou kesyon onore papa ak manman an
  • “Onore papa nou ak manman nou”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Egzòd 20:12 — “Onore papa nou ak manman nou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Onore paran nou yo ki aje
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • “ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
Repons Bib la bay
ijwbq atik 130
Yon pitit gason k ap mache ak papa l ki vin granmoun.

Sa sa vle di ‘onore papa w ak manman w’?

Repons Bib la bay

Nan Bib la, nou jwenn kòmandman pou nou “onore papa nou ak manman nou” an byen souvan (Egzòd 20:12; Detewonòm 5:16; Matye 15:4; Efezyen 6:2, 3). Sa mande pou nou fè kat bagay.

  1. Apresye yo. Ou onore papa w ak manman w lè w genyen yo rekonesans pou sa yo fè pou ou. Ou ka demontre apresyasyon w tou lè w bay konsèy yo ba w valè (Pwovèb 7:1, 2; 23:26). Labib ankouraje nou pou nou pou nou “fyè” de paran nou. — Pwovèb 17:6.

  2. Aksepte otorite yo. Sitou lè nou jèn, nou onore papa nou ak manman nou lè nou rekonèt Bondye ba yo otorite. Kolosyen 3:20 di jèn yo: “Nou menm timoun, se pou nou obeyi paran nou nan tout bagay, paske sa fè Seyè a plezi anpil.” Menm Jezi te obeyi paran l ak tout kè l lè l te piti. — Lik 2:51.

  3. Trete yo avèk respè. (Levitik 19:3; Ebre 12:9) Byen souvan, sa gen ladan l sa nou di ak fason nou di l la. Se vre, pafwa gen kèk paran, fason yo aji fè l difisil pou nou respekte yo. Men, menm lè sa a, antanke pitit, nou kapab onore yo lè nou evite pale oswa aji fason ki derespektan avèk yo (Pwovèb 30:17). Labib fè nou konnen lè nou pale papa nou oswa manman nou mal se yon peche ki grav. — Matye 15:4.

  4. Ba yo sa yo bezwen. Lè paran w vin granmoun, yo ka bezwen pou w ede yo. Ou kapab onore yo lè w fè sa w kapab pou w asire w yo gen sa yo bezwen (1 Timote 5:4, 8). Pa egzanp, yon ti tan anvan Jezi te mouri, li te fè aranjman pou yon moun pran swen manman l. — Jan 19:25-27.

Move konsepsyon moun genyen sou kesyon onore papa ak manman an

Sa ki pa verite: Pou w onore papa w ak manman w, fò w kite yo gen kontwòl maryaj ou.

Sa ki verite: Labib fè konnen relasyon ant de moun ki marye vin gen priyorite sou relasyon yo genyen ak manm fanmi yo. Jenèz 2:24 di: “Yon gason ap kite papa l ak manman l, li pral atache ak madanm li.” (Matye 19:4, 5). Natirèlman, moun ki marye yo ka jwenn avantaj nan konsèy paran yo oswa paran moun yo marye avè l la (Pwovèb 23:22). Men, yon mari ak madanm li gen dwa deside pou yo pa kite paran yo antre nan tout bagay nan lavi yo. — Matye 19:6.

Sa ki pa verite: Papa w ak manman w gen tout otorite sou ou.

Sa ki verite: Se vre Bondye bay paran yo otorite nan fanmi an, men tout otorite yon moun sou tè a gen limit paske otorite l la pa janm ka depase pa Bondye a. N ap sonje, lè yon gwo tribinal te bay disip Jezi yo lòd pou yo dezobeyi Bondye, yo te di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” (Travay 5:27-29). Menm jan an tou, timoun yo dwe obeyi paran yo “ann inyon ak Seyè a”, sa vle di yo dwe obeyi paran yo nan tout bagay ki pa kontrè ak lwa Bondye yo. — Efezyen 6:1.

Sa ki pa verite: Pou w onore papa w ak manman w, ou dwe gen menm kwayans avèk yo.

Sa ki verite: Labib ankouraje nou pou nou verifye si sa yo anseye nou yo se laverite (Travay 17:11; 1 Jan 4:1). Donk, yon moun ki fè sa ka vin gen kwayans ki diferans ak kwayans paran l. Labib pale de plizyè sèvitè Bondye ki te fidèl ki pa t suiv relijyon paran yo, pami yo gen Abraram, Rit ak apot Pòl. — Jozye 24:2, 14, 15; Rit 1:15, 16; Galat 1:14-16, 22-24.

Sa ki pa verite: Pou w onore papa w ak manman w, fò w patisipe nan sèvis y ap fè pou zansèt yo.

Sa ki verite: Labib di: “Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” (Lik 4:8). Yon moun k ap adore zansèt li pa fè Bondye plezi. Epitou, Labib fè konnen “moun ki mouri yo pa konn anyen ditou”. Yo pa konnen si w fè sèvis pou onore yo e yo pa ka ni ede moun ki vivan yo ni fè yo mal. — Eklezyas 9:5, 10; Ezayi 8:19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje