BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 84
  • Poukisa m toujou di sa m pa t dwe di?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa m toujou di sa m pa t dwe di?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa m di sa m pa t dwe di?
  • Veye sa w ap di a
  • Demontre nou gen lanmou ak respè lè nou metrize lang nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Sèvi ak pouvwa lang ou pou w fè byen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”
    Fason pou n rete nan lanmou Bondye
  • Se pou n di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”
    “Rete nan lanmou Bondye”
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 84
Yon jèn gason k ap eseye kenbe mo ki fèk soti nan bouch li.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m toujou di sa m pa t dwe di?

“Pafwa, m ka kontwole sa m ap di yo, men gen lòt fwa se kòmsi bouch mwen pèdi fren e m pale san m pa reflechi!” — James.

“Lè m sou presyon m pale san m pa reflechi, e lè m rilaks, se atò m pale. Donk, sa vle di se toutan m gate jwèt la.” — Marie.

Bib la di: “Lang nan se yon dife”. Epi li di: “Yon vyepti dife ka fè tout yon gwo forè pran dife!” (Jak 3:5, 6). Èske sa w ap di toujou mete w nan pwoblèm? Si se wi, atik sa a kapab ede w.

  • Poukisa m di sa m pa t dwe di?

  • Veye sa w ap di a

  • Sa lòt jèn di

Poukisa m di sa m pa t dwe di?

Enpèfeksyon. Bib la di: “Nou tout nou bite tanzantan. Si yon moun pa bite nan pawòl li, li se yon moun pafè.” (Jak 3:2). Lefètke nou gen feblès lakay nou, sa fè nou gen tandans bite non sèlman nan sa n ap fè, men tou nan sa n ap di.

“Etandone sèvo m ak lang mwen pa pafè, li pa t ap fè sans pou m ta di mwen kontwole yo yon fason ki pafè.” — Anna.

Lè n pale twòp. Bib la di: “Yon moun ki pale twòp ap fè peche kanmenm.” (Pwovèb 10:19). Moun ki renmen pale anpil yo, men ki pa koute ase, gen plis chans pou yo blese lòt moun nan di sa yo pa t dwe di.

“Moun ki pi entèlijan an pa toujou moun ki pale plis la. Èske se pa Jezi ki te moun ki pi entèlijan ki te pase sou tè a? Epoutan, pafwa, li te rete san l pa t pale.” — Julia.

Pawòl ki blese moun. Bib la di: “Pawòl moun di san reflechi tankou kout epe.” (Pwovèb 12:18). Pa egzanp, yon pawòl ki blese moun fè l santi l li pa vo anyen. Yon moun ki pale konsa a kapab di: “Se blag m ap fè!” Men, lè yo rabese yon moun, se pa yon bagay moun ta dwe ri. Bib la di pou n “sispann joure moun e [pou n] sispann fè kèlkeswa mechanste a”. — Efezyen 4:31.

“M renmen fè blag, m renmen fè moun ri, e abitid sa a fè m renmen fè blag sou moun, sa ki konn mete m nan cho.” — Oksana.

Yon jèn gason k ap eseye remete pat dantifris la nan tib lan.

Move pawòl ou di tankou pat dantifris, depi li soti, li soti nèt.

Veye sa w ap di a

Aprann kontwole sa w ap di kapab pa fasil, men prensip ki nan Bib la kapab ede w. Pa egzanp, ann egzamine prensip ki annapre yo.

“Pale nan kè nou [...] epi fè silans.” — Sòm 4:4.

Pafwa, pi bon bagay la se pa di anyen. Men sa yon jèn dam ki rele Laura di: “Fason m santi m nan moman m fè kòlè a, se pa konsa m ap santi m pita. Apre m fin kalme m, m byen kontan m pa t di pawòl ki te nan lespri m nan.” Menmsi se pou kèk segonn ou pran yon ti poz, sa ka ede w pa di yon move pawòl.

“Èske zòrèy pa egzamine pawòl menm jan lang pran gou manje?” — Jòb 12:11.

Ou kapab evite anpil pwoblèm si w reflechi ak kesyon sa yo anvan w pale:

  • Èske sa w ap di a se laverite? Èske l agreyab? Èske l nesesè pou w di l? — Women 14:19.

  • Ki jan m t ap santi m si yon moun ta di m li? — Matye 7:12.

  • Èske sa m pral di a ap montre m gen respè pou moun nan? — Women 12:10.

  • Èske se pi bon moman an pou m di l? — Eklezyas 3:7.

“Avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” — Filipyen 2:3.

Konsèy sa a ap ede w wè moun yo yon fason ki pozitif e apresye yo, sa k pral ede w veye bouch ou epi reflechi anvan w pale. E si sa rive li twò ta, ou fin di yon pawòl ki blese yon moun, ebyen, se imilite k ap ede w mande padon e pou w fè sa byen vit (Matye 5:23, 24). Apre sa, pran detèminasyon pou w amelyore kapasite w genyen pou veye bouch ou.

Sa lòt jèn di

Taylor

“Lè m eksite lè m ap pale, m gen tandans di pawòl m pa t gen entansyon di. Men, depi m ret tann sèlman dis segonn pou m reflechi sou efè pawòl mwen yo pral gen sou lòt moun, e pou m wè si sa m pral di a ap nan avantaj konvèsasyon an, lè sa a, m plis kapab gen kontwòl sou sa m ap di yo.” — Taylor.

Brandon

“Lè yon moun di yon pawòl ki deranje w, li enpòtan pou w reflechi sou rezon ki fè l di sa l di w la. Sa ka rive moun nan pa panse ak sa l di w la, se sa k fè ou ka jis pase sou sa. Gen lòt fwa, ou kapab di moun nan pa t gen dwa pou l di w sa li di a, men se kapab verite li di yo ki fè w mal. Lè w pale yon fason ki kalm e sa w di yo pozitif, w ap reyisi rezoud pwoblèm nan.” — Brandon.

Jessica

“L ap pi fasil pou w evite di pawòl ki kapab blese moun si yo pa nan panse w. Pafwa, se nou ki pou pran tan pou n analize sitiyasyon yo oswa atitid nou genyen parapò ak lòt moun. Si nou fè sa, sa pap fasil pou n di pawòl ki kapab blese yo.” — Jessica.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje