BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 4
  • Pale ak pitit ou sou bwason ki gen alkòl

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale ak pitit ou sou bwason ki gen alkòl
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa nou ta dwe konnen
  • Men sa w ka fè
  • Kenbe yon pwennvi ekilibre nan itilize bwason ki gen alkòl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ann suiv prensip Bondye bay anrapò ak bwason ki gen alkòl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Kite alkòl nan plas li
    Kite alkòl nan plas li
  • Ki jan kretyen yo konsidere alkòl?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 4
Yon pitit fi ap gade paran l yo k ap bwè alkòl.

ÈD POU FANMI

Pale ak pitit ou sou bwason ki gen alkòl

“Premye fwa nou te pale sou bwason ki gen alkòl ak pitit fi nou an, li te gen sizan. Nou te sezi wè li konnen plis bagay sou alkòl pase sa n te panse.” — Alexander.

  • Ki sa nou ta dwe konnen

  • Men sa w ka fè

  • Ki sa Bib la di sou alkòl

Ki sa nou ta dwe konnen

Li enpòtan anpil pou w pale ak pitit ou sou kesyon bwè alkòl. Pa tann se lè li antre nan laj adolesan pou w fè sa. Men ki sa Khamit, k ap viv nan peyi Larisi di: “M regrèt nou pa t pale ak ti gason nou an sou fason pou n byen sèvi ak bwason ki gen alkòl depi lè l te toupiti. Se apre anpil move eksperyans m te vin wè jan sa enpòtan. M vin dekouvri pitit gason m nan ki gen 13 an, t ap bwè alkòl regilyèman.”

Pou ki rezon ou dwe veye sou sa?

  • Kamarad lekòl, reklam l ap tande ak pwogram ki gen nan televizyon ka gen yon enfliyans sou fason pitit ou a konsidere bwason ki gen alkòl.

  • Dapre sa Sant pou prevansyon ak kontwòl maladi (Centers for Disease Control and Prevention) ki nan peyi Etazini di, 11 pousan moun Ozetazini ki bwè bwason ki gen alkòl se moun ki poko gen laj dapre lalwa pou yo bwè.

Nou pap sezi aprann otorite Leta yo nan domèn sante mande paran yo pou yo fè edikasyon timoun yo depi yo piti sou danje ki genyen nan bwè bwason ki gen alkòl. Men, ki jan w kapab fè sa?

Men sa w ka fè

Panse ak kèk kesyon pitit ou kapab poze w. Timoun vle konn tout bagay, e timoun ki pi gran yo vle konn plis toujou. Se pou rezon sa li t ap pi bon pou w konnen fason w ap reponn kesyon yo. Ann pran yon egzanp:

  • Si pitit ou bezwen konnen ki gou alkòl genyen, ou kapab di l diven gen yon ti gou asid e byè gen yon ti gou anmè.

  • Si pitit ou vle goute yon bwason ki gen alkòl, ou kapab di l alkòl twò fò pou kò timoun sipòte. Ou kapab pale de efè alkòl genyen sou kò a, pa egzanp li ka fè moun nan vin pi rilaks men tou, li kapab fè tèt li vire si l pran l twòp, e moun sa a ka pa montre l pridan nan aksyon l e li kapab di bagay li pral regrèt apre. — Pwovèb 23:29-35.

Chèche enfòmasyon sou sijè a. Men sa Bib la di: “Moun ki gen lespri a aji ann amoni ak konesans.” (Pwovèb 13:16). Se pou w chèche konnen ki sa lalwa peyi a di sou kesyon bwè bwason ki gen alkòl ak limit li fikse nan domèn sa a. Se lè sa w ap byen konnen ki jan pou w ede pitit ou a.

Pran devan pou pale sou sijè a. Men sa Mark, yon papa pitit k ap viv nan peyi Grann Bretay di: “Jèn yo pa fin konnen fason yo kapab byen sèvi ak bwason ki gen alkòl. M te mande pitit mwen an ki gen uit an si se yon bagay ki nòmal pou yon moun bwè alkòl. M te kenbe anbyans lan rilaks, san presyon, e konsa li te alèz pou l di m sa l panse.”

Sa w ap di yo sou kesyon bwè alkòl ap plis touche pitit ou si w pale avè l sou sa nan plizyè okazyon. Selon laj pitit ou genyen, ou kapab fè ti pale sou lòt sijè pratik nan lavi a tankou fason pou yon moun ka pwoteje lavi lè l ap kondui oswa sou fason pou n konsidere sèks.

Bay bon egzanp. Timoun renmen imite moun, e rechèch yo fè montre se paran timoun nan ki gen plis enfliyans sou li. Sa vle di, si pitit ou wè depi ou gen pwoblèm oswa depi ou strese, se alkòl ou bwè, l ap vin konprann alkòl se solisyon an pou pwoblèm nou jwenn nan lavi a. Donk, se ou ki pou bay bon egzanp lan. Asire w ou sèvi ak alkòl yon fason ki montre w responsab.

Yon pitit fi ap suiv manman l k ap di moun k ap sèvi l diven an li pa vle ankò.

Se egzanp ou bay k ap pèmèt pitit ou konnen ki jan pou l sèvi ak alkòl.

Ki sa Bib la di sou alkòl

“Li [Jewova] bay diven ki fè kè lèzòm kontan.” (Sòm 104:14, 15). Alkòl pa yon move bagay, se yon kado Bondye bay lèzòm.

“Diven fè yon moun aji yon fason ki dwòl, bwason ki gen alkòl fè yon moun aji san kontwòl. Moun ki kite yo fè yo pèdi wout yo pa gen sajès.” (Pwovèb 20:1). Moun dwe sèvi ak alkòl yon fason ki montre yo responsab.

“Moun ki bwasonyè [...] pap benefisye Wayòm Bondye a.” (1 Korentyen 6:10). Bondye pa kondane bwè alkòl men li kondane bwè twòp alkòl.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje