BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 160
  • Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Jezi t ap viv nan syèl la anvan l te fèt sou tè a?
  • Ki sa Jezi te konn fè anvan l te vin sou tè a?
  • Repons Bib la bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Kiyès Jezi ye?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Kiyès Jezi Kris ye?
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 160
Jezi k ap priye Papa l ki nan syèl la.

Poukisa yo rele Jezi Pitit Bondye?

Repons Bib la bay

Byen souvan, Bib la rele Jezi “Pitit Bondye a”. (Jan 1:49.) Ekspresyon “Pitit Bondye a” montre Bondye se Kreyatè a, se nan li tout lavi soti san wete lavi Jezi (Sòm 36:9; Revelasyon 4:11). Bib la pa montre Bondye te fè yon pitit menm jan lèzòm fè pitit.

Mete sou sa, Bib la rele zanj yo “pitit vrè Dye a genyen yo”. (Jòb 1:6.) E Bib la di Adan, premye moun nan, te yon “pitit Bondye”. (Lik 3:38.) Men, kòm se Jezi Bondye te kreye an premye, e kòm se li menm sèl li te kreye dirèkteman, Bib la pale de Jezi kòm prensipal Pitit Bondye.

  • Èske Jezi t ap viv nan syèl la anvan l te fèt sou tè a?

  • Ki sa Jezi te konn fè anvan l te vin sou tè a?

Èske Jezi t ap viv nan syèl la anvan l te fèt sou tè a?

Wi, Jezi te yon espri nan syèl la anvan l te fèt sou tè a antanke moun. Men sa Jezi te di: “Mwen [...] desann sot nan syèl la.” — Jan 6:38; 8:23.

Bondye te kreye Jezi anvan l kreye tout lòt bagay. Men sa Bib la di konsènan Jezi:

  • “Se li ki fèt an premye nan tout kreyasyon an.” — Kolosyen 1:15.

  • Li se “kòmansman kreyasyon Bondye a”. — Revelasyon 3:14.

Pwofesi ki pale de “sila a ki la depi digdantan an, wi, depi byen lontan an” te akonpli sou Jezi. — Miche 5:2; Matye 2:4-6.

Ki sa Jezi te konn fè anvan l te vin sou tè a?

Li te nan yon gwo pozisyon nan syèl la. Jezi te pale de pozisyon li te gen nan syèl la nan yon priyè l t ap fè. Men sa l te di: “Papa, fè m jwenn glwa, [...] pou m ka gen glwa mwen te genyen lè m te bò kote w anvan monn nan te egziste a.” — Jan 17:5.

Li te ede Papa l kreye tout lòt bagay yo. Jezi te travay ansanm ak Bondye tankou yon “moun ki konn travay byen”. (Pwovèb 8:30.) Men sa Bib la di konsènan Jezi: “Se avè l Bondye te sèvi pou l kreye tout lòt bagay, ni nan syèl la ni sou tè a.” — Kolosyen 1:16.

Bondye te sèvi ak Jezi pou l kreye tout lòt bagay yo. Sa gen ladan l tout espri ki nan syèl la ak linivè a (Revelasyon 5:11). Nan yon sans, nou ka konpare fason Bondye ak Jezi te kolabore ansanm ak yon achitèk k ap travay ak yon kontremèt. Achitèk la fè plan yo, men kontremèt la fè plan yo tounen reyalite.

Se li menm ki te Pawòl la. Lè Bib la ap pale de Jezi anvan l te vin sou tè a li rele Jezi “Pawòl la”. (Jan 1:1.) Sa vle di Bondye te sèvi ak Pitit gason l lan pou l bay lòt espri yo enfòmasyon ak enstriksyon.

Sanble Bondye te sèvi ak Jezi pou l bay moun sou tè a mesaj tou. Petèt Bondye te sèvi ak Jezi kòm Pawòl la lè l t ap bay Adan ak Èv enstriksyon nan Jaden Edenn nan (Jenèz 2:16, 17). Petèt se Jezi ki te zanj ki te gide Izrayelit yo nan dezè a, zanj Izrayelit yo te dwe byen koute a. — Egzòd 23:20-23.a

a Se pa sèlman pa mwayen Pawòl la Bondye te pale. Pa egzanp, li te sèvi ak lòt zanj li genyen kòm pitit yo pou l te ka bay Izrayelit nan tan lontan yo Lalwa. — Travay 7:23; Galat 3:19; Ebre 2:2, 3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje