BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwex atik 7
  • Li te aprann nan men prizonye yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li te aprann nan men prizonye yo
  • Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
  • Sou menm sijè a
  • Yo nan prizon pou lafwa yo — Eritre
    Temwen Jewova ki nan prizon pou lafwa yo
  • Fòtifye lafwa w nan sa w espere a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
Eksperyans kèk Temwen Jewova fè
ijwex atik 7
Yon prizonye k ap pataje manje ak lòt prizonye.

Li te aprann nan men prizonye yo

Gen yon mesye ki sot nan peyi Eritre ki t al viv nan peyi Nòvèj kòm refijye an 2011. Lè Temwen Jewova yo te rankontre avè l, li te di yo li te deja rankontre ak Temwen yo nan peyi l. Li te di yo lè l te nan lame nan peyi l li te wè Temwen Jewova ki te nan prizon pou lafwa yo, paske yo te refize rantre nan lame, menm lè yo te maltrete yo.

Gen yon lè yo te mete l nan prizon. Pandan l nan prizon an, li te rankontre ak twa Temwen Jewova, Paulos Eyasu, Negede Teklemariam ak Isaac Mogos, yo te mete nan prizon pou lafwa yo depi 1994.

Pandan l te nan prizon an, li te wè ak de je l Temwen Jewova yo viv ann amoni ak sa y ap anseye nan Bib la. Li te wè yo sensè e yo te menm pataje manje yo ak lòt prizonye. Li te wè prizonye ki te Temwen yo te etidye Labib ansanm chak jou e yo te envite lòt prizonye patisipe avèk yo. Lè yo te ba yo posiblite pou yo jwenn libète yo depi yo siyen yon papye ki fè konnen yo abandone lafwa yo, yo te refize.

Eksperyans sa a te gen gwo efè sou mesye sa a ki sensè. Donk, lè l te rive nan peyi Nòvèj, li t ap chèche konnen pou ki rezon Temwen Jewova yo gen yon gwo kalite lafwa konsa. Se sa k fè, lè Temwen Jewova yo te kontakte l, tousuit li te kòmanse etidye Labib avèk yo e li te asiste reyinyon yo.

An septanm 2018, li te batize antanke Temwen Jewova. Jodi a, li pwofite tout okazyon l jwenn pou l kontakte moun ki soti nan peyi Eritre ak Soudan, li ankouraje yo pou yo etidye Labib e pou yo vin gen yon gwo lafwa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje