BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwwd chap. 28
  • Fason balèn yo rele balèn Kivye a plonje

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason balèn yo rele balèn Kivye a plonje
  • Ki kote mèvèy sa a soti?
  • Sou menm sijè a
  • Po balèn pilòt la netwaye tèt li poukont li
    Ki kote mèvèy sa a soti?
  • Fason kò nou jwenn oksijèn
    Ki kote mèvèy sa a soti?
Ki kote mèvèy sa a soti?
ijwwd chap. 28
Yon balèn Kivye.

BluePlanetArchive/Whale Watch Azores

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Fason balèn yo rele balèn Kivye a plonje

Balèn Kivye a kapab plonje rive 2 992 mèt pwofondè, kote presyon an kapab rive anviwon 30 300 kilopaskal. Li kapab rete anba dlo pandan anpil tan tou. Gen youn yo t ap suiv ki te pase 3 èdtan ak 42 minit anba dlo anvan l te retounen vin sou dlo a pou l respire. Ki jan mamifè sa yo, ki respire grasa oksijèn ki gen nan lè a, rive reziste anba gwo presyon ki genyen anba dlo ak yon tikras oksijèn pandan tout tan sa a?

Yon chema ki montre apeprè jis ki kote kat mamifè ki viv nan lanmè ka plonje rive. 1. Mamifè yo rele lyon lanmè Kalifòni an: 270 mèt. 2. Kachalo: 2 250 mèt. 3. Balèn ki gen fòm boutèy la: 2 340 mèt. 4. Balèn Kivye a: 2990 mèt.

Menm jan ak lòt mamifè ki viv nan lanmè, kòf lestomak balèn Kivye a ka ratresi epi fè poumon l vin plat. Gen moun k ap fè rechèch ki wè mamifè ki viv nan lanmè yo sèvi ak mwens oksijèn lè kè yo bat pi dousman e lè tout san nan kò yo al nan sèvo yo, kè yo ak mis yo.

Mete sou sa, gen yon pwoteyin ki rele myoglobin ki pèmèt mamifè ki viv nan lanmè yo sere oksijèn nan mis yo. Lè mamifè sa yo ap plonje nan fon lanmè, myoglobin nan lage kantite oksijèn bèt la bezwen nan moman an. Gen pi plis myoglobin nan mis mamifè ki viv nan lanmè yo pase nan mis moun ak mis bèt ki viv sou tè.

Sepandan, men ki konklizyon yon moun k ap fè rechèch fè sou balèn Kivye yo: “Moun pa ka konprann ki jan yo kapab plonje fon konsa. Dapre sa nou konprann sou fason kò bèt fonksyone, balèn Kivye yo plonje pi fon e yo rete pi lontan anba dlo pase sa nou ta ka atann.” Syantifik yo espere y ap rive pi byen konprann fason balèn Kivye yo plonje, sa k ap ede doktè yo amelyore tretman moun ki gen pwoblèm kote lè pa antre anndan poumon yo.

Ki sa w panse? Èske kapasite balèn Kivye a genyen pou l plonje byen fon e pou l rete anpil tan anba dlo a egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l avè l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje