ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ
Ezayi 41:10 — “Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou!”
“Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” — Ezayi 41:10, Tradiksyon monn nouvo a.
“Nou pa bezwen pè. Mwen la avèk nou! Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote. Se mwen menm ki Bondye nou. M’ap ban nou fòs, m’ap ede nou. M’ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.” — Ezayi 41:10, Bib La.
Sa Ezayi 41:10 vle di
Jewovaa Dye bay sèvitè fidèl l yo asirans l ap ede yo fè fas ak kèlkeswa pwoblèm yo jwenn.
“Mwen avè w.” Jewova fè moun k ap adore l yo konnen yo pa ta dwe pè, paske yo pa poukont yo. Kòm Jewova wè tout sa y ap andire e li tande priyè yo, se kòmsi li kanpe bò kote yo. — Sòm 34:15; 1 Pyè 3:12.
“Mwen se Bondye w.” Jewova fè sèvitè l yo santi yo kalm lè l fè yo sonje li se Bondye yo e li aksepte yo kòm moun k ap adore l sou tè a. Yo kapab gen asirans pa gen okenn sitiyasyon k ap rive k ap anpeche Bondye ede yo. — Sòm 118:6; Women 8:32; Ebre 13:6.
“M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” Nan twa fason diferan, Jewova repete menm ide a pou l fè konnen l ap toujou ede sèvitè l yo. Li itilize yon konparezon pou l montre ki jan l ap reyaji lè sèvitè l yo bezwen èd. Si yon moun tonbe, Bondye kapab lonje men dwat li pou l fè moun nan kanpe ankò. — Ezayi 41:13.
Youn nan pi gwo fason Bondye fòtifye sèvitè l yo e l ede yo se pa mwayen Labib, Pawòl li a (Jozye 1:8; Ebre 4:12). Pa egzanp, Pawòl Bondye a bay konsèy ki pratik pou ede moun k ap fè fas ak yon seri pwoblèm tankou povrete, maladi, oswa lè yon moun yo renmen mouri (Pwovèb 2:6, 7). Bondye ka sèvi ak lespri sen l, oubyen fòs aktif li, pou l ede sèvitè l yo wè klè e pou l ba yo fòs pou yo andire pwoblèm yo. — Ezayi 40:29; Lik 11:13.
Kontèks Ezayi 41:10
Pawòl sa yo te rekonfòte Juif fidèl yo ki te ann egzil nan Babilòn. Jewova te anonse nan dènye moman Juif yo t ap fè ann egzil la, yo t ap tande nouvèl gen yon wa ki gen anpil pisans ki t ap vin ravaje nasyon ki ozalantou yo e ki t ap atake Babilòn (Ezayi 41:2-4; 44:1-4). Pandan moun Babilòn yo ak nasyon ki ozalantou yo t ap pè lè yo tande nouvèl sa a, Juif yo pa t ap bezwen pè paske Jewova t ap pwoteje yo. An twa fwa, li te ba yo asirans lè l te di yo yo “pa bezwen pè”. — Ezayi 41:5, 6, 10, 13, 14.
Byenke se pou Juif fidèl ki te ann egzil nan Babilòn yo Jewova te fè Ezayi ekri pawòl nou jwenn nan Ezayi 41:10 la, Jewova Dye te fè konsève pawòl sa yo pou l rekonfòte tout sèvitè l yo (Ezayi 40:8; Women 15:4). L ap ede sèvitè l yo jodi a menm jan li te ede sèvitè l yo nan tan lontan.
Li Ezayi chapit 41 li gen nòt ak referans.