TAPANI VIITALA | BYOGRAFI
Mwen reyalize objektif mwen te genyen pou m preche moun ki soud
Premye fwa m te pale ak Temwen Jewova, yo te montre m yon pwomès nan Bib la ki di: “Zòrèy moun ki soud yo ap tande.” (Ezayi 35:5). Men, kòm mwen fèt tou soud, li difisil pou m imajine ki sa son ye. Sa te fè pwomès sa a pa t tèlman touche m. Sa ki te vrèman touche m se lè yo te montre m, nan Bib la, Wayòm Bondye a pral elimine tout enjistis, lagè, maladi e menm lanmò. Rive yon lè, mwen te vin santi fò m pale de sa m aprann yo ak lòt moun ki soud.
Mwen fèt an 1941 nan peyi Fenlann, nan yon vil ki rele Virat e tout moun nan fanmi m soud. Toude paran m yo, ti frè m nan ak ti sè m nan ansanm ak anpil lòt fanmi m ankò, tout soud. Nou kominike nan lang siy.
Mwen aprann bèl bagay nan Bib la
Nan lekòl mwen te ye a, ki te nan yon distans 240 kilomèt ak lakay mwen, yo te entèdi nou pale lang siy. Nan epòk sa a, lekòl pou moun soud nan peyi a pa t konn sèvi ak lang siy, yo te fòse nou aprann gade jan moun k ap pale bat bouch yo. Si yon pwofesè te bare nou ap itilize lang siy, yo te bat nou nan men ak kout règ oswa ak yon lòt baton. Yo te tèlman bat nou fò, dwèt nou te konn fè plizyè jou anfle.
Lè m te fini lekòl, mwen t al aprann agwonomi. Paran m te gen yon jaden, donk, mwen te oblije aprann ki jan pou m vann pwodui nou yo. Lè m te tounen lakay, m te wè Toudegad ak Reveye n sou yon tab. Papa m te di m yo pale de bèl bagay ki nan Bib la. Li di m gen de moun ki pa soud k ap etidye Labib avèk li ak manman m. Pou yo rive kominike, yo ekri sa y ap di yo sou papye.
Papa m te fè m konnen lè Wayòm Bondye a ap dirije, tè a pral tounen yon bèl paradi e mò yo pral leve. Men, kòm mwen te aprann moun ki mouri yo al nan syèl, mwen te panse se mal li mal konprann sa Temwen yo di a piske yo pa konn lang siy.
Lè koup la te retounen vizite paran m, mwen te poze yo kesyon sou sa papa m te di m yo. Yo di m: “Sa papa w di a se sa.” Epi yo montre m sa Jezi di sou rezirèksyon nan Jan 5:28, 29. Yo te esplike m ki jan Bondye pral retire tout mechanste sou tè a e yo te di m moun pral viv pou toutan sou tè a nan yon lapè total ak bonjan sante. — Sòm 37:10, 11; Dànyèl 2:44; Revelasyon 21:1-4.
Kòm mwen te vle konn plis sou sa, mwen te etidye Labib avèk yon Temwen ki pa soud ki rele Antero. Kòm li pa t konn lang siy, lè pou m te reponn kesyon ki nan liv la, mwen te ekri repons yo sou papye. Apre sa, Antero li yo epi si l gen lòt kesyon li vle poze m oswa si l gen yon bagay li vle di m, li ekri yo. Avèk pasyans, li te etidye avè m konsa, dezèdtan chak semèn.
An 1960, mwen t al nan yon kongrè Temwen Jewova yo t ap fè kote yo te entèprete pwogram nan nan lang siy. Nan vandredi aprèmidi, yo te fè konnen ap gen batèm nan demen. Kidonk nan samdi maten, mwen pran yon chòt ak yon sèvyèt, m al batize!a Yon ti tan annapre, ni paran m, ni ti frè m nan, ni ti sè m nan, yo tout te batize.
Rive yon lè, tout moun nan fanmi m te batize.
M ap preche verite ki nan Bib la
Mwen te santi fò m pale ak moun ki soud yo konsènan sa m te aprann yo. E pi bon fason pou m te fè sa, se sèvi ak lang siy. Mwen te kòmanse preche moun ki soud nan vil mwen te rete a e mwen te preche anpil.
Apre yon ti tan, mwen t al abite nan yon gwo vil endistriyèl ki rele Tanpere. Mwen te mache kay an kay pou m mande moun yo si yo pa konn moun ki soud. Se konsa, mwen te vin gen etid e nan kèk ane sèlman, Tanpere te gentan gen plis pase 10 pwoklamatè ki soud.
En 1965, mwen te fè konesans ak yon bèl ti sè ki rele Maire. Nou te marye ennan apre. Maire te aprann lang siy byen rapid e pandan 50 an nou te pase nan sèvis Jewova a ansanm, li te yon konpayon fidèl ki travay di.
Jou maryaj nou, 1966
Apre dezan maryaj, nou te vin gen yon pitit gason ki tande, nou rele l Marko. Nan kay la, li te aprann pale fenlandè kòm lang manman l e l te aprann lang siy fenlandè tou. Li te batize a 13 an.
Tikras pa tikras, gwoup lang siy nan vil Tanpere a te vin gen plis pwoklamatè. Se sa k fè, an 1974, nou t al nan yon lòt vil ki rele Toukou ki pa t gen moun soud ki Temwen. Nou te mache kay an kay ankò pou n chèche moun ki soud. Pandan tan nou te pase Toukou a, 12 nan etidyan m yo te batize.
Travay nou fè nan peyi Balt yo
An 1987, yo te rele Marko nan Betèl. Gwoup lang siy nou te ladan l nan vil Toukou a te vin djanm, sa te fè nou gen pwojè pou nou demenaje ankò.
Nan moman sa a, nou te vin kapab preche alèz nan tèritwa peyi Ewòp delès yo. Kidonk, an janvye 1992, mwen menm ak yon lòt frè ki soud te vwayaje al nan vil Talin, ann Estoni.
Nou te kontakte yon sè ki soud ki gen yon frè l ki soud tou. Malgre mesaj Wayòm nan pa t enterese frè l la, mesye a te ede n jwenn anpil Estónyen ki soud. Nan dènye sware nou te pase a, li te mennen nou nan yon reyinyon Asosyasyon moun soud Talin nan t ap fè. Nou te rive byen bonè e nou te plen yon tab ak liv ansanm ak peryodik nan lang estónyen ak ris. Nou te bay anviwon 100 liv ak 200 peryodik e nou te jwenn anviwon 70 adrès moun ki soud. Jou swa sa a, nou te poze fondasyon pou travay predikasyon nan lang siy lan te fèt ann Estoni!
Nou pral preche nan peyi Balt yo
Yon ti tan apre, mwen menm ak Maire te kòmanse al preche ann Estoni regilyèman. Nou te redui sou kantite tan nou te fè ap travay e nou te vin pyonye pèmanan. En 1995, nou t al rete toupre vil Helsinki yon fason pou n te ka pran bato pi fasil al Talin. Nou pa t panse nou t ap jwenn bèl rezilta nou te jwenn nan!
Nou te kondui kantite etid nou te kapab e 16 nan etidyan nou yo te batize. Pami yo, te gen de medam ki te sè, ki avèg et ki soud anmenmtan. Pou m fè etid la, mwen te kenbe men yo pou m fè siy yo.
Fè etid ak moun soud pa t fasil. Nan epòk sa a, òganizasyon an potko gen piblikasyon nan lang siy, donk mwen te sèvi anpil ak bèl foto ki nan piblikasyon nou yo. Mwen te fè yon katab ansanm avèk yo.
Filyal Fenlann nan te mande m pou m al vizite peyi Letoni ak Lityani pou m wè ki jan nou te ka ede moun ki soud nan peyi Balt yo. Nou te vizite peyi sa yo plizyè fwa pou ede Temwen yo chèche moun ki soud. Prèske chak peyi nan zòn nan gen pwòp lang siy pa l. Se sa k fè, mwen te aprann lang siy Estoni, Letoni ak Lityani, e mwen ka degaje m nan lang siy ris, se li menm Ris ki soud k ap viv nan peyi Balt yo itilize.
Malerezman, apre uit an nou te fè ap vwayaje ann Estoni ak lòt peyi Balt yo, Maire te vin gen maladi Pakinsonn. Nou te oblije sispann vwayaj sa yo.
Sa òganizasyon an fè pou moun soud yo
An 1997, te vin gen yon ekip tradiksyon lang siy nan filyal Fenlann nan. Kóm mwen menm ak Maire te rete toupre a, nou te konn bay koutmen nan prepare videyo nan lang siy. Jiska prezan, mwen toujou kontinye fè sa pafwa. Nou te konn travay ansanm ak Marko, pitit gason nou an. Pi devan, Marko ansanm ak Kirsi, madanm li, te bay ekip tradiksyon lang siy nan lòt peyi fòmasyon.
N ap ede yo pwodui videyo nan lang siy fenlandè
Anplis de sa, filyal la te òganize kou pou pwoklamatè ki pa soud kapab aprann lang siy. Grasa kou sa yo, anpil pwoklamatè vin nan lang siy kote yo patisipe nan predikasyon ak nan reyinyon, e yo vin gen responsablite nan kongregasyon yo.
Mwen toujou anvi ede
An 2004, mwen menm ak Maire te ede nan fòmasyon premye kongregasyon lang siy nan vil Helsinki. Sou twa zan, kongregasyon an te vin djanm, li te chofe e l te gen anpil pyonye.
Yon lòt fwa ankò, nou vin fè pwojè pou al ede kote ki gen plis bezwen. An 2008, nou t al ret toupre Tampere e nou te retounen nan gwoup lang siy nou te kite 34 an anvan an. Ennan apre, gwoup la te vin dezyèm kongregasyon lang siy nan peyi Fenlann.
Nan moman sa a, sante Maire te kontinye ap deteryore. Mwen te byen kontan kapab pran swen l pou jiskaske l mouri an 2016. Mwen sonje l anpil e se pa ti tann m ap tann pou m wè l nan monn nouvo a kote maladi pap egziste ankò. — Ezayi 33:24; Revelasyon 21:4.
Annatandan, mwen toujou anvi preche moun ki soud yo bon nouvèl la, yon travay m ap fè depi 60 an!
a Sa te fèt anvan yo te pran dispozisyon pou ansyen egzamine kesyon ak kandida batèm yo.