Nòt anba paj
a Si ta gen risk pou manman an oswa pou timoun nan gen yon pwoblèm sante, sa pa ba l rezon pou l jete pitit la. Si pandan yon akouchman, lavi ni manman an ni pitit la an danje, e yo dwe chwazi swa lavi manman an, swa lavi timoun nan, se mari a ak madanm nan ki pou deside. Sepandan, nan anpil peyi, grasa pwogrè ki fèt nan domèn lamedsin, ka sa yo pa rive souvan.