Nòt anba paj
e Gen kèk moun ki di se evènman sa a Pòl te gen nan lespri l lè l te di kretyen Korent yo “nou pa t gen espwa n ap soti vivan”. (2 Kor. 1:8.) Men, Pòl ka te gen yon lòt evènman ki te pi danjere pase sa nan lespri l. Lè Pòl te di li te “batay ak bèt sovaj nan Efèz”, li ka t ap fè referans swa ak yon okazyon kote l te goumen ak bèt sovaj nan yon arèn, swa ak opozisyon li te jwenn nan men moun ki aji tankou bèt sovaj (1 Kor. 15:32). Toude ka sa yo posib.