Nòt anba paj
c Pou yon gason jwenn privilèj nan kongregasyon kretyen an, li pa dwe “ yon moun k ap bay moun kou ”, sètadi yon moun k ap frape moun fizikman oswa ki di avèk yo nan fason li pale. Nan sans sa a, men sa nou li nan Toudegad 1ye septanm 1990 (fransè), paj 25 : “ Yon gason pa kalifye pou l jwenn privilèj si l aji tankou moun ki krenn Bondye lè l deyò, men lè l lakay li, li aji tankou yon diktatè. ” — 1 Timote 3:2-5, 12.